Hesperian Health Guides

Pwoblèm timoun fèt ak yo

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Timoun ki paralize nan sèvo

Lè yon timoun paralize nan sèvo, li kokobe, li pa kapab byen kontwole mouvman kò li yo.

  • Lè timoun nan fèk fèt, kò li ka yon ti jan lage lage (men tansèlman li ka sanble li nòmal).
  • Se lè tibebe a ap grandi, li pa p devlope tankou lòt timoun. Li ka pran reta nan laj pou l leve tèt li, pou l ka chita pou kont li, epi pou l ka rale.
  • Tibebe a ka gen pwoblèm pou l manje.
  • Li ka irite, li kriye anpil. Oubyen li ka twò dou.
  • Se lè l ap grandi, kò li pran redi, epi li tranble lè l ap eseye fè mouvman.


Mwatye konsa nan timoun ki fèt avèk paralize nan sèvo yo, yo lant pou yo aprann. Men pa fè lide ke tout timoun ki paralize nan sèvo a se kannannan yo ye. Yo ka gen bon tèt pou yo kapab jwe, aprann, epi al lekòl.

yon timoun ak janm li yo kwaze, bra li k ap fè mouvman sakade, tèt li panche sou yon bò; yon granmoun k ap soutni li.
Figi li, kou li, ak kò li ka tranble, ssli tòde kò li. Janm li yo kwaze tankou sizo akòz vyann nan janm li yo ki redi.

Pa gen remèd ki pou geri donmaj nan sèvo sa a ki fè yon timoun paralize konsa. Poutan, nou ka ede li aprann fè mouvman, aprann kominike, epi pran swen tèt li ak pran swen lòt moun. Chache jwenn yon klinik kote yo aprann nou kòman nou ka ede pitit la.

Yon timoun ki gen yon lonbrit lonbrit ki soti yon ti kras
Yon timoun ki gen yon lonbrit ki soti anpil

Lonbrit ki soti (Èni nan lonbrit)

Yon lonbrit ki sòti longè sa a pa yon pwoblèm. Se vyann nan vant lan ki yon ti jan separe. Nòmalman, sa va fèmen pou kont li. Li pa bezwen ni remèd, ni trètman. Nou te mèt eseye mare l ak twal oubyen yon bann lonbrit, sa pa p regle pwoblèm nan. (Men depi kòd lonbrit la tonbe, li pa bay pwoblèm nonplis.)

Menm si lonbrit la sòti gwosè sa a, se pa grav. Lè fini, gen anpil chans pou li antre pou kont li. Si li toujou la lè timoun nan rive nan laj 5 ane, pran konsèy bò kote doktè. Yo ka bezwen fè li operasyon.

Ti sak grenn nan ki anfle, maklouklou, ak èni

Yon timoun ki gen yon bò ti sak grenn li anfle

Si yon timoun gen ti sak ki kenbe grenn li yo anfle yon bò, se ka paske li plen dlo. Oubyen se ka paske gen yon moso trip la ki gonfle desann nan pati li. Sa fè sak la gonfle kote ki gen pwoblèm nan.

Pou konnen ki pwoblèm li gen, pran yon flach pou klere pa dèyè sak grenn, kote ki anfle a.

  • Si ou wè limyè a travèse sak la, w ap konnen li plen dlo. Yo rele sa maklouklou. Yon maklouklou ka al fè wout li san pran remèd. Men si ou wè li dire plis pase 1 ane, al mande konsèy bò kote doktè.
  • Si ou klere flach la, ou wè limyè a pa travèse sak la, epi si l ap vin pi gwo lè tibebe a ap touse oubyen lè l ap kriye, se yon moso trip ki desann la. N ap konnen se yon èni.


Kèk fwa se anwo bò lenn tibebe a èni an gonfle, men pa anndan sak la. Sa ka rive gason ak fi. Li ka sanble ak yon glann ki anfle. Si li gwosi lè tibebe a ap kriye oubyen touse, se ka yon èni. Si li pa p disparèt lè tibebe a kouche trankil, se ka yon glann ki anfle. (Al gade nan Ki jan pou nou egzaminen yon malad, chapit la poko ekri.)
Lenn yon timoun ki gen yon boul sou yon bò anwo pati li

Fòk yo fè li operasyon pou repare èni an. Pandan n ap tann operasyon an, eseye fè èni an rantre:

  1. Si li posib, bay timoun nan diazépam pou kalme li.
  2. yon timoun ki gen janm li yo pliye epi louvri, yon granmoun k ap peze fè èni a rantre]

  3. Sèvi ak yon zòrye oubyen leve pye kabann nan pou fè timoun nan kouche ak tèt li pi ba pase ren li yo.
  4. Pliye jenou li epi louvri janm nan kote ki gen èni an - tankou yon gounouy.
  5. Mete yon konprès frèt, oubyen yon ti glas vlope nan yon twal sou èni an, pou dezanfle li. Rete tann 10 minit oubyen plis.
  6. Si sa pa mache, eseye peze èni a dousman dousman pou mete l nan plas li.

Menm si nou reyisi mete l nan plas li, li toujou mande pou yo fè li operasyon.

Si li gen yon gwo doulè ki pran li nan sak grenn nan, sitou si sa rive sanzatann, se ka vyann anndan sak la ki tòde. Yo rele sa grenn tòde. Fòk yo fè li operasyon touswit pou li pa pèdi grenn nan.