Hesperian Health Guides

Medikaman pou vè

Vant fè mal, dyare ak vè : Medikaman

Medikaman pou kont yo pa ase pou nou ka fini ak enfeksyon vè. Si nou pa vle vè yo tounen sou nou toujou, fòk nou swiv prensip pwòpte pou kenbe kò nou, kay nou ak katye nou pwòp. Vè yo ap gaye byen vit nan anviwonman kote n ap viv la. Depi yon moun nan fanmi an gen vè, li bon pou tout lòt moun k ap viv nan menm kay la swiv trètman tou.

Mébendazole


(Mebendazòl)
Mébendazole bon pou trete ankilostòm, trikosefal, askaris (gwo vè won), ak oksiyi (vè zepeng). Li bon tou pou trete plizyè kalite vè. Li ka ede nan trete trichin, men se pa pi bon remèd pou sa. Li pa fasil bay pwoblèm, men si yon moun gen anpil vè, li ka bay vant fè mal oubyen dyare.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Pa bay fanm ansent mébendazole pandan 3 premye mwa gwosès la ; li ka donmaje tibebe ki poko fèt la. Pa bay timoun li ki poko gen 1 ane.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png
Pou oksiyi (vè zepeng) (oxyure ; pinworm)
Timoun 1 ane - granmoun : bay 100 mg, yon sèl dòz. Si nou wè li nesesè, bay yon lòt doz nan 15 jou.

Pou askaris (gwo vè won) (ascaris ; roundworm), trikosefal (trichocéphale; whipworm), ankilostòm (ankylostome ; hookworm)
Timoun I ane - granmoun : bay 100 mg, 2 fwa nan yon jou pandan 3 jou (6 grenn antou) OUBYEN
bay yon grenn 500 mg, yon sèl dòz.

Pou evite pran askaris kote nou jwenn li fasil
Timoun 1 ane - granmoun: bay 500 mg, yon sèl dòz, chak 4 - 6 mwa.

Pou trichin (trichinose) :
Timoun 1 ane - granmoun : bay 200 - 400 mg, 3 fwa nan yon jou pandan 3 jou. Apre sa, bay 400 - 500 mg, 3 fwa nan yon jou pandan 10 jou ankò. Si malad la gen doulè oubyen pwoblèm vizyon, ba li, an plis, yon estewoyid tankou prédnisolone 40 - 60 mg, yon fwa nan yon jou pandan 10 - 15 jou.

Albendazole (albendazòl)


Albendazole sanble ak mébendazole, men li ka koute pi chè. Li bon pou trete ankilostòm, trikosefal, askaris, oksiyi, ak trichin. Li pa fasil bay pwoblèm.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Pa bay fanm ansent albendazole pandan premye 3 mwa gwosès la ; li ka donmaje tibebe ki poko fèt la. Pa bay timoun li ki poko gen 1 ane.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png
Pou oksiyi (vè zepeng), askaris (gwo vè won), trikosefal, ak ankilostòm
Timoun 1 - 2 ane : bay 200 mg, yon sèl dòz.
Plis ke 2 ane : bay 400 mg, yon sèl dòz. Bay yon lòt dòz nan 15 jou, si nou wè li nesesè.

Pou trichin :

Bay 400 mg, 2 fwa nan yon jou pandan 8 - 14 jou. Si malad la gen doulè oubyen pwoblèm vizyon, mete sou sa, bay yon estewoyid tankou prédnisolone (prednisolòn) 40 - 60 mg, yon fwa nan yon jou pandan 10 - 15 jou.

Pyrantel pamoate, pyrantel embonate (pirantèl pamoyat, pirantèl anbonat)


Pyrantel bon pou trete oksiyi, ankilostòm, ak askaris, men li ka koute chè. Gen de fwa li bay vomisman, tèt vire, oubyen maltèt. Pa bay li ansanm avèk pipérazine (piperazin, yon lòt remèd vè).

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Pou ankilostòm, ak askaris (gwo vè won), bay yon sèl dòz.

Pou oksiyi (vè zepeng), bay yon sèl dòz. Tann 15 jou, epi bay yon lòt dòz.
Bay 10 mg pou chak kilogram pwa moun. Si pa gen balans, bay selon laj li :
Timoun ki poko gen 2 ane : bay 62 mg (1⁄4, ka nan yon grenn 250 mg)
Timoun 2 - 5 ane : bay 125 mg (1⁄2, mwatye nan yon grenn 250 mg)
Timoun 6 - 9 ane : bay 250 mg (yon grenn 250 mg)
Timoun 10 - 14 ane : bay 500 mg (2 grenn 250 mg)
Plis ke 14 ane : bay 750 mg (3 grenn 250 mg)

Pou tenya (vè solitè) (ténia ; tapeworm)

Genyen kèk kalite vè solitè. Praziquantel oubyen niclosamide, toulede bon pou trete tout kalite vè sa yo. Men, si enfeksyon vè a rive jis nan sèvo yon moun, oubyen si li fè kriz, sa mande pou nou trete l ak albendazole ansanm ak medikaman pou kriz. Chache konkou doktè.

Praziquantel (Prazikantèl)


Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Praziquantel ka bay fatig, tèt vire ; li konn fè moun pa vle manje, epi bay anvi vomi, men pwoblèm sa yo pa fasil rive lè nou trete vè solitè, paske dòz la piti.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png
Pou pifò kalite vè solitè yo, vè bèf ak vè kochon ladann
Bay 5 - 10 mg pou chak kilogram pwa yon moun, yon sèl dòz. Oubyen bay li selon laj li :
Timoun 4 - 7 ane : bay 150 mg (1⁄4, ka nan yon grenn) yon sèl dòz.
Timoun 8 - 12 ane :bay 300 mg, yon sèl dòz.
Plis ke 12 ane : bay 600 mg, yon sèl dòz.

Pou tenya nana (ti tenya) (H. nana ; dwarf tapeworm)
Bay 25 mg pou chak kilogram pwa yon moun, yon sèl dòz. Epi bay yon lòt dòz nan 10 jou. Oubyen bay li selon laj li :
Timoun 4 - 7 ane : bay 300 – 600 mg, chak dòz (½ - 1 grenn, mwatye nan yon grenn rive yon grenn nan yon dòz)
Timoun 8 - 12 ane : bay 600 - 1200 mg, chak dòz.
Plis ke 12 ane : bay 1500 mg, chak dòz.

Niclosamide (niklozamid)


Niclosamide bon pou trete tenya ki nan trip, men li pa ka trete kis vè ki lòt kote nan kò a.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Bwè niclosamide lè nou fin pran yon ti manje nan maten. Kraze grenn yo nan bouch anvan nou vale yo. Bay dòz la dapre kalite vè a. Mande konsèy bò kote otorite Sèvis Sante Piblik yo nan zòn kote nou rete a. Sinon, bay dòz ki ekri anba a.

Kraze byen epi vale dòz sa yo. Si se yon timoun piti ki pa ka kraze l nan bouch li, kraze grenn nan epi mete l nan yon ti lèt manman oubyen nan manje.
Timoun ki poko gen 2 ane : bay 500 mg, yon sèl dòz.
Timoun 2 - 6 ane : bay 1 gram (1000 mg), yon sèl dòz.
Plis ke 6 ane : bay 2 gram, yon sèl dòz.