Hesperian Health Guides

Enfeksyon nan sak vant ak apenndisit

Vant fè mal, dyare ak vè : Medikaman

Genyen plizyè kalite antibyotik ki bon pou trete enfeksyon nan sak vant, men toujou, pou pi piti, sèvi ak 2 antibyotik, pou touye plis kalite bakteri ke nou kapab. Pou enfeksyon nan sak vant, li pi bon pou nou bay piki pase bay grenn. Trip la ka pa mache ase byen pou l ka sèvi ak medikaman nan bouch. Men si nou oblije ba li grenn pou vale, bay yo ak yon ti kras dlo, jis ase pou vale grenn yo. Li pa gen dwa manje oubyen bwè anyen ankò.

Bay medikaman sa yo jis malad la rive lopital la :
MÉTRONIDAZOLE 500 mg, 4 fwa nan yon jou
     AVÈK
CIPROFLOXACINE 500 mg, 2 fwa nan yon jou OUBYEN
CÉFTRIAXONE 2 gram, yon fwa nan yon jou.OUBYEN
AMPICILLINE 2 gram, 4 fwa nan yon jou EPI GENTAMICINE (jantamisin) 1.5 mg pou chak kilogram pwa yon moun, 3 fwa nan yon jou.