Hesperian Health Guides

Vant fè mal, dyare ak vè

SanteWiki > Nouvo Kote Ki Pa Gen Doktè > Vant fè mal, dyare ak vè

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Chak moun gen pou soufri tanzantan ak vant fè mal, kè plen, vomisman, konstipasyon, oubyen dyare. Pifò pwoblèm vant fè nou santi nou pa alèz, men yo pa grav. Si doulè a ak kè plen an pa twò grav, rete tann de twa jou pou wè si y ap pase. Anpil fwa, se sa ki rive.

Yon fanm ajenou, ak vant fè mal, kap pwoteje vant li

Genyen anpil bagay ki kapab bay pwoblèm vant yo. Pa egzanp, yon moun ka gen vant fè mal paske li pran yon grip oubyen yon rim, paske li manje manje ki gate oubyen ki pa t byen kwit, oubyen paske pitit li yo ba li traka. Chak pwoblèm gen remèd pa l. (Grenn pou kalme doulè yo pa p fè anyen pou rezoud pwoblèm sa yo !)

Men gen de lè nou ka pa byen konprann pouki sa yon moun gen dyare, vant fè mal, oubyen kè plen. Pou nou dechouke yon maladi nèt, fòk nou chache trete l depi nan rasin. Premye bagay pou nou fè se poze malad la kesyon sou ki pwoblèm li genyen (tankou dyare), epi fouye jouk nou jwenn kote sa soti.

  
Danger.png
 Siy ki montre gen danje
Genyen kèk maladi vant ki grav anpil epi ki mande pou jwenn swen prese prese :

Kesyon nou dwe poze si malad la gen doulè

 Yon fanm kap poze yon moun kèk kesyon
Eske li fè ou mal anpil ? Eske doulè a vin pi rèd tanzantan ?
Gwo doulè k ap vin pi rèd tanzantan ka mete lavi yon moun an danje ! Yo rele sa move doulè vant (abdomen aigu). Li mande swen prese prese. Li ka mande mennen l lopital.
Yon fanm ki gen doulè konsa ka fè yon gwo enfeksyon nan anba tivant, oubyen yon gwosès sou deyò manman vant lan.
Eske li ka watè ?
Si malad la gen gwo doulè epi li pa ka watè, oubyen sèlman yon ti kal, se ka move doulè vant.
Eske li gen doulè ki mache ak kè plen e vomisman ?
Li te ka manje manje ki gate. Fòk malad la bwè anpil likid tankou sewòm oral.
Eske doulè a kòmanse lè li fin manje ? Eske li gen lestomak chaje, oubyen lestomak boule ?
 yon fanm ki gen lè mal alèz kap sere vant li
Se ka lestomak boule ak asid li genyen, oubyen ilsè lestomak.
Oubyen li ka genyen pwoblèm fyèl la.
yon fanm ki gen lè mal alèz kap sere vant li
Eske li gen gwo doulè nan ren, sou kote, oubyen nan anba tivant ? Eske doulè a rive jis nan lenn ?
Li ka gen yon pyè nan ren.

Kesyon nou dwe poze si malad la gen dyare

Al gade pi lwen kote nou jwenn esplikasyon sou dyare. Nou jwenn esplikasyon sou dyare nan. Pou trete tout kalite dyare, sa ki pi enpòtan se bay malad la bwè anpil likid. Depi li kapab, li dwe manje tou.

Eske moun nan watè dlo, li watè anpil anpil nan yon ti moman, men li pa gen vant fè mal ?
Lè yon moun watè yon gran kantite dlo, se ka kolera. Kantite dlo l ap bay la ka vit rann li fèb, epi menm pote l ale. Pou sove lavi li, ba li bwè san rete, epi depi li kapab, ba li manje tou.
Eske li watè san ? (Yo rele sa disantri.)

Pou trete disantri, bay malad la bwè anpil likid. Li ka bezwen antibyotik tou. Chache konnen ki lòt pwoblèm ki ka fè moun bay san nan watè a.

Eske watè a santi fò epi li gen kim ladann ? Eske malad la ap plede fè van ?
Se ka gyadya. Ba li bwè. Antibyotik ka ede.
Depi ki lè li gen dyare ?


 Yon moun akoupi kap soufri dyare
Genyen de mikwòb, tankou gyadya oubyen amib, ki bay yon dyare ki pa vle rete. Men tou, dyare a ka dire sou yon moun paske li gen lòt pwoblèm sante tankou :
  • Malnitrisyon : Pi bon trètman se ba li manje ase manje ki gen pwoteyin ladan yo.
  • Pwoblèm pou l dijere lèt.
  • Maladi ki dire sou li, sitou VIH/SIDA. Al gade nanchapit VIH/SIDA (ki poko ekri).
Eske nou wè siy lòt maladi — tankou zòrèy fè mal, lafyèv, oubyen bouton sou po ?
Lafyèv tifoyid ka bay dyare ki mache ak lafyèv e vomisman. Al gade nan Kèk enfeksyon ki grav (chapit la poko ekri). Yon enfèksyon ki pa nan trip la ka bay yon timoun yon dyare ki va rete lè enfèksyon an geri.
Eske malad la ap pran antibyotik
Antibyotik bay anpil moun dyare. Sèvi ak yo sèlman si li vrèman nesesè.
Eske genyen anpil moun nan kay la oubyen nan katye a ki tonbe malad nan menm tan ?
Lè genyen anpil moun ki malad ak dyare, fòk tout moun pran plis prekosyon pou youn pa enfekte lòt. Lave men nou pi souvan, byen lave tout legim ak fwi, oubyen kale yo. Pirifye dlo a, epi monte latrin kote ki pa genyen yo. Al gade nan chapit Dlo ak pwòpte. Manje manje a kou li fin kwit, lave men nou, epi lave kote nou prepare manje a. Si tout moun ki te manje menm manje a tonbe malad, gen gwo chans pou manje a te gate.

Kesyon nou dwe poze si malad la ka gen vè

Al gade pi lwen kote nou jwenn esplikasyon sou pwoblèm vè. Genyen de vè nou ka wè yo ak je nou. Lòt vè ankò nou ka wè yo sèlman nan yon mikwoskòp (yon aparèy ki pèmèt nou wè bagay nou pa ka wè ak je nou, sa vle di bagay ki piti piti anpil).

Si konn gen pwoblèm vè nan katye a, bay tout timoun remèd vè regilyèman.

Eske nou wè vè nan watè a ? Eske gen anpil vè nan katye nou an ?
Si yon moun gen vè, ba li remèd vè ki bon pou trete kalite sa a.
Eske vant li anfle ?
 "yon timoun ki mèg, ki malnouri, ak vant li anfle"
Anpil bagay kapab lakòz sa :
Eske twou dèyè li boule l, grate l, oubyen fè l mal ?
Anpil fwa, se yon emowoyid ki bay sa, oubyen po bò twou dèyè a ki dekale oubyen dechire paske moun nan netwaye l twò rèd lè li sot watè.


Si yon timoun ap grate twou dèyè li, sitou lanwit, li ka gen oksiyi, vè zepeng.

Kesyon nou dwe poze sou lòt pwoblèm ki gen rapò ak watè

Eske watè a vin pi blan, li pèdi koulè li ?
Eske genyen san wouj nan watè a ?
AAnpil fwa se yon emowoyid oubyen yon maleng anba nan trip la. Pi souvan li pa grav. Men li kapab yon siy ki montre li gen montre li gen kansè nan trip.
Dyare ak san, ki rele disantri.
Eske watè a gen koulè nwa epi li kole ?
Anpil fwa malad la ap senyen pi wo nan trip la oubyen nan lestomak la ; se sa ki bay watè a koulè nwa. Se gwo danje.