Hesperian Health Guides

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Lè vè antre nan trip yon moun, yo souse san ak fòtifyan yo jwenn nan manje an. Sa bay vant fè mal oubyen dyare, epi y ap souse fòs ak kouraj nou. Yon timoun ki gen anpil vè ka vin soufri ak anemi (san pòv), oubyen li ka vin manke vitamin A. Li ka gen pwoblèm pou fè travay li lekòl ak lakay, paske enfeksyon an fè l pa ka gen tout bon konprann nòmal li.

Genyen plizyè kalite vè, epi yo chak antre nan kò a nan fason pa yo. Chak bay pwoblèm pa yo. Genyen vè ki viv lontan ; genyen vè ki gen lavi kout. Chak kalite vè ka gen remèd pa l. Chache konnen ki vè ki gen nan katye pa nou an. Chache konnen ki jan pou nou anpeche yo vin sou moun, epi ki trètman ki pi bon. Nou ka anpeche vè yo tounen sou nou si nou :

  • Sèvi avèk latrin pou katye ak kay nou yo ka pi pwòp.
  • Lave men nou. Koupe zong yo kout pou salte pa p rete anba zong yo.
  • Kwit vyann byen kwit anvan nou manje l. Pa bay bèt manje retay vyann san n pa kwit yo, ni kaka yo.
  • Toujou pòte soulye oubyen sandal ; mete kouchèt, kilòt, oubyen pantalon sou timoun pou yo pa chita toutouni atè.

imoun ki gen plis pase 1 ane, ba yo remèd vè chak 3 - 6 mwa. Bay albendazol oubyen mébendazole (albendazòl, mebendazòl).

Vè ki soti nan watè moun malad pou yo pase nan bouch lòt moun : Askaris, (gwo vè won) ; trikosefal ; okseyi (vè zepeng)

yon vè long e gra
Askaris (gwo vè won (ascaris ; roundworm) :
Yo gen longè 20 - 30 santimèt, koulè woz oubyen blan :
yon ti vè ki gen yon ke ki mens anpil
Trikosefal (trichocéphale ; trichuris, whipworm) :
Yo gen longè 3 - 5 santimèt, koulè woz oubyen gri.
3 kalite vè ki piti anpil, ki mens anpil
Okseyi (vè zepeng) (oxyure ; pinworm) :
Yo gen longè yon santimèt, koulè blanch, yo tou piti tankou yon ti fil.

Ki jan vè sa yo gaye

Lè yon moun ki gen vè sot watè epi li netwaye dèyè li, oubyen lè li grate twou dèyè li, ti kras watè ka rete sou men li. Oubyen moun ak bèt ka pile watè lòt moun ki atè a. Watè a kole nan soulye ak nan pye bèt yo ; yo antre kay la. Lè sa a, vè ak ze yo ki nan watè a rete kole nan po a, oubyen anba zong yo. Vè sa yo, ak ze tou piti piti nou pa ka wè ak je nou, yo antre nan bouch yon moun lè :

NWTND bag Page 32-4.png
NWTND bag Page 32-5.png
NWTND bag Page 32-6.png
Yon timoun met men li nan bouch. Yon fanm fè manje pou fanmi an. Nenpòt lè yon moun met men li nan bouch pa l oubyen nan bouch yon lòt moun.

Ze vè sitèlman piti nou pa ka wè yo ak je nou — se poutèt sa yo gaye san nou pa remake sa.


KI SA POU NOU FÈ LÈ MOUN GENYEN VÈ

Pou trete askaris, oksiyi, ankilostòm ak trikosefal, bay mébendazole pandan 3 jou. Kote ki gen anpil pwoblèm ak vè sa yo nan katye a, bay moun remèd vè chak 3 - 6 mwa.

Pa bay thiabendazole (tyabendazòl) pou askaris. Li ka fè vè yo monte jis nan nen oubyen nan bouch yon moun. Sa ka fè li toufe epi ba li souf kout.

Nou ka eseye trete vè sa yo lakay ak remèd fèy. Pou chache touye vè yo, chak jou manje yon ti lay ki pa kwit, oubyen manje grenn papay ki byen moulen.

KI SA POU FÈ POU NOU PA GEN VÈ

yon latrin kap chase vè yo ale

Sa ki pi bon e ki pi enpòtan se pou nou evite pran vè. Si nou pa fè sa, epi si nou manke fè pwòpte, ap toujou gen vè ki tounen sou nou ankò.

Latrin : Monte latrin yon kote ki pwòp, ki prive, epi ki pa twò pre ni ak kay moun, ni ak kote nou pran dlo. Konsa timoun ak bèt pa p pile watè a epi yo pa p fè l antre nan kay la. Chache konnen ki jan pou nou fè yon bon latrin senp.

Lave men nou, epi ede timoun yo lave men pa yo tou. Lave men nou souvan ak dlo e savon oubyen ak sann. Lave men nou anvan nou fè manje, epi anvan nou manje. Lave men nou chak fwa nou sot watè.

Yon ti gason kap grate twou dèyè l pandan lap bay yon lòt ti gason manje

Ede timoun yo lave men yo pi souvan — yo konn manyen tout bagay, epi yo renmen mete dwèt yo nan bouch.

Si yon timoun ap grate twou dèyè li paske li gen vè, li fasil pou l bay tèt li vè ankò, oubyen pou l bay lòt moun vè yo. Men sa pou nou fè pou sa pa rive :

  • Koupe zong li yo byen kout. Konsa ti kras watè ak ze vè pa ka al kache anba zong yo.
  • Lave men timoun yo chak maten, anvan yo manje, epi lè yo sot watè.
  • Fè timoun nan pòte yon pantalon lajounen. Nan aswè, tache yon kouchèt byen sere sou li oubyen yon pantalon, pou anpeche li grate twou dèyè a lè l ap dòmi.
  • Nan aswè, mete yon ti vazlin sou twou dèyè a ak sou rebò li pou timoun nan pa grate l.


Lave men ou lè ou fin okipe watè yon lòt moun. Si w ap okipe yon tibebe, oubyen yon granmoun ki malad, jete watè a nan yon latrin. Lave dèyè li lè li sot watè. Epi lave men ou byen lave. Chache konnen ki jan nou ka anpeche vè ak lòt maladi vin sou nou ; al gade nan chapit Dlo ak Pwòpte.

Men lòt pwoblèm vè sa yo konn bay

Ti gason ki mèg ak vant li anfle
Timoun ki gen anpil vè konn gen vant yo anfle byen gwo.

Askaris (gwo vè won) : Lè yon moun gen anpil gwo vè won epi li pa swiv trètman, sa ka ba li pwoblèm nan vant oubyen pwoblèm pou l pran souf. Ti vè ki fèk kale yo ka pase nan san yon moun jis yo rive nan poumon yo. Rive la, yo ka bay malad la yon tous sèch, oubyen nemoni ak touse san. Fè malad la al wè doktè.

Lè malad la gen lafyèv oubyen lè li kòmanse pran remèd vè, vè yo konn soti nan watè moun nan, oubyen yo ka monte soti nan bouch la oubyen nan nen an. Gen de fwa yo fè yon moun toufe.

Sa pa rive fasil, men yon makòn gwo vè won ka bouche trip la. Chache konkou doktè. Pandan nou nan chemen pou al kay doktè a, ba li mébendazole oubyen albendazole.

Trikosefal : Vè sa yo konn bay dyare, kèk fwa ak san. Yon enfeksyon vè ki grav ka fè san malad la tounen dlo (anemi).

Vè sa yo ka fè yon timoun pouse twò dri pou l fè poupou. Konsa li ka fè trip timoun nan soti nan twou dèyè a. Si sa rive, vide dlo frèt sou trip la. Sa dwe fè trip la tounen nan plas li. Si sa pa mache, peze trip la dousman pou fè l rantre.

Vè nou rive genyen lè nou manje vyann ki pa byen kwit :

Tenya (vè solitè) (ténia ; tapeworm) ak Trichin (ver trichine)

Ti moso plizyè kalite vè solitè
Woulo vè trichin
Vè solitè, ak ti moso vè a. Vè sa yo gen koulè blan oubyen jòn, epi yo vin long anpil, jis longè kèk mèt. Gen de fwa nou wè ti moso nan watè a ; sa depann de kalite vè a. Nou pa janm wè vè trichin yo nan watè yon moun, paske yo fouye twou nan trip la pou y al kache nan vyann kò a. Se konsa li ta parèt nan vyann nan, si nou ta kapab wè li.

Moun pran vè solitè ak vè trichin lè yo manje vyann ki pa byen kwit — pi souvan vyann kochon. Vyann bèf, vyann pwason, ak vyann bèt ki manje lòt bèt yo kapab enfekte ak diferan kalite vè sa yo tou.

Tenya (vè solitè)

KI JAN VÈ YO FÈ RIVE GAYE

1. Yon moun manje vyann ki pa byen kwit. Kis ki nan vyann nan tounen vè nan trip li.
2. Vè sa yo ponn plizyè milye ze nan trip la.
3. Yon kochon vin manje watè moun nan ak tout ze yo.
4. Ze sa yo gaye nan tout kò kochon an, epi tounen boul kis nan vyann kò a. Kis yo rete la.
Ze yo ki antre nan bouch yon moun (pa egzanp, si li pa lave men li yo lè li sot watè) yo kapab tounen boul kis nan sèvo a. Kis sa yo ka ba li maltèt, kriz, oubyen yo ka menm touye l.
moso
ze
boul kis (ti sakit ki gen vè tou piti)

Si tanzantan nou wè yon ti moso plat tou blanch nan kalson oubyen pantalèt yon moun, ba li trètman pou tenya.

TRÈTMAN
moun endispoze ki tonbe a tè

Bay niclosamide oubyen praziquantel (niklozamid, prazikantèl). Si li fè kriz, sa mande trete ak yon medikaman ki pou rete yon kriz, mete sou sa, bay yon estewoyid.

Trichin (enfeksyon vè trichin)

Lè yon moun manje vyann ki genyen kis trichin ladann, nan 8 jou konsa li ka soufri vant fè mal, kè plen, ak dyare. Si nou wè tout moun ki te manje vyann menm kochon an tonbe malad nan menm tan, fòk yo tout swiv trètman pou trichin.

Apre 8 jou, enfeksyon an ka gaye jis nan vyann kò yo, oubyen nan sèvo a. Siy nou ka wè :

  • Lafyèv frison
  • Doulè nan jwenti ak nan vyann kò a.
  • Bò je li anfle, pye li yo ka anfle tou.
  • San nan blan je li, je li yo fè mal, oubyen li pa wè byen.
  • Ti mak nwa oubyen ble sou po a.
TRÈTMAN

Bay albendazole oubyen mébendazole (albendazòl, mebendazòl). Li ka mande trete ak yon estewoyid tou.

KI SA POU NOU FÈ POU PA PRAN VÈ TENYA AK VÈ TRICHIN
Yon kochon kap manje watè
  • Mare kochon yo lwen ak kay la — pou moun pa pile kaka a e fè l antre nan kay la, epi pou timoun pa touche kaka kochon.
  • Pa bay bèt manje retay vyann san nou pa kwit yo ; pa ba yo kaka — sa ap fè vè yo gaye.
  • Fòk nou kwit tout vyann yo byen kwit, sitou vyann kochon. Kis vè solitè mouri lè nou kwit yo.
  • Lave men nou lè nou sot watè. Lave men nou anvan nou fè manje ak anvan nou manje.

Ankilostòm (ankylostome ; hookworm)

2 vè tou piti
Longè yon (1) santimèt, koulè wouj.

Enfeksyon vè ankilostòm se youn nan pi gwo maladi timoun ka soufri. Se paske vè yo bwè san timoun yo, epi yo ba yo anemi (fè san an tounen dlo). Lè nou wè yon timoun ki gen san pòv, li blèm epi l ap manje tè, se ka vè ankilostòm li genyen. Fè egzamen watè li, si gen posiblite pou sa

Ki jan vè ankilostòm yo gaye : (kòmanse ak nimewo 1) :

Kò yon ti gason ki toutouni, nou wè pye li, poumon, gòj, lestomak, ak vant li
1.Ti vè ankilostòm tou piti antre nan pye yon moun ki mache pye atè. Sa ka bay ti mak wouj sou pye yo, ak gratèl.
2. Vè yo mache monte nan venn yo ; nan kèk jou yo rive nan poumon yo. Yo ka fè moun nan touse sèch (pa fasil ak san).
3. Lè moun nan touse, ti vè yo monte nan bouch li, epi li vale yo.
4. Nan kèk jou, li gen dyare ak vant fè mal.
5. Ankilostòm kwoke kò yo sou trip la pou souse san li. Lè gen anpil vè, yo ka bay feblès ak gwo anemi.
6. Ze ankilostòm soti nan watè a. Ze yo kale lè yo jwenn yon ti tè ki byen imid.
TRÈTMAN

Bay mebendazole pou trete ankilostòm.

Pou trete anemi, fè li manje bon kalite manje ki gen fer (fè) ladann. Nou ka ba li grenn fer tou.

Yon timoun kap sèvi ak yon latrin Pwoteje timoun pou yo pa trape vè ankilostòm : monte latrin, pa kite timoun mache pye atè, ni chita toutouni atè.
Soulye ak sandal sou pye