Hesperian Health Guides

Twou dèyè ki grate oubyen ki fè mal

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Emowoyid

Emowoyid yo se yon kalite varis (venn ki gonfle) bò twou dèyè a. Venn yo soti tankou ti boul bò twou dèyè a. Yo ka grate, boule, oubyen fè mal, sitou lè yon moun watè. Gen de fwa yon emowoyid ka pete, epi li bay yon ti san wouj nan watè a.

Moun ki pi fasil gen emowoyid se fanm ki gwo vant, epi moun ki fè tout lajounen ap chita oubyen ap pote gwo chay. Men nenpòt moun ka soufri ak emowoyid. Konstipasyon anvlimen yo, paske lè yon moun fòse pou li watè ; li peze twòp sou venn ki bò twou dèyè a.

TRÈTMAN
  • Pou evite konstipasyon ak emowoyid, bwè anpil dlo, manje anpil fwi mi ak sereyal ki gen tout pay sou li.
  • Genyen ji plant nou ka pase sou yo ki pou fè yo vin pi piti, tankou fèy vetivè.
  • Pou netwaye emowoyid yo epi soulaje doulè a, chita nan yon gwo kivèt dlo tyèd.


Yon lè konsa, genyen yon boul san kaye ki bouche venn ki gonfle an. Nou ka manyen yon boul anndan venn nan ki mou e ki di. Gen de fwa sa fè si mal moun nan pa ka chita menm. Pou soulaje doulè a, wete ti boul san kaye a.

Yo sèvi ak pens pou wete yon boul san
Premyèman, byen lave twou dèyè a avèk savon e dlo. Si nou genyen li, bay piki lidocaïne 1% (lidokayin) 5 ml sou baz emowoyid la, isit
Avèk yon bistouri ki esterilize, fè yon ti twou nan emowoyid la. Sèvi ak yon pens ki esterilize pou wete ti boul san kaye a. Peze venn lan pou yon ti moman jis li sispann senyen.


Pa koupe yon emowoyid nèt ale. Sa ka fè li senyen twòp.

Lé po bò twou dèyè a dekale oubyen chire

Si twou dèyè a ap grate oubyen ap pike yon moun, oubyen si l ap senyen, se ka ti chire nan po a li genyen. Li fasil pou nou mele sa ak emowoyid oubyen vè. Lè yon granmoun gen twou dèyè k ap grate l la, li pa fasil gen vè.

Ti chire sa yo konn rive lè yon moun netwaye l twò rèd lè li sot watè. Si li pa byen lave twou dèyè a, y ap vin pi mal.

  • Pa pwòpte twou dèyè a ak bwa mayi, papye jounal, oubyen lòt bagay graj.
  • Pito sèvi ak papye ijyenik oubyen ak yon ti dlo pou lave twou dèyè a lè ou sot watè. Lè fini, lave men ou.
Yon woulo papye ijyenik ak yon kivèt dlo
  • Pran yon beny ase souvan ; lè sa a, lave twou dèyè a.
  • Lè ou fin lave twou dèyè a, pase yon ti vazlin sou li, oubyen yon renmèd ki pou trete chofi kouchèt kay timoun. Ou mèt sèvi avèk yon crème à l’hydrocortisone (krèm idwokòtizòn) ladann, men pa sèvi avè l pandan plis pase 8 jou, paske l ap fè po a vin fen.

Twou dèyè ki fè mal

Gen de fwa genyen yon boul ki leve bò kote twou dèyè a. Boul la gen koulè wouj, li anfle, epi li fè mal. Li gen pi ladann, epi se yon kalite absè li ye. Absè sa a ka fè yon twou ki soti nan twou dèyè a pou l rive po a. Kou nou wè pwoblèm nan, se pou nou koupe ouvri l. Fè yon ti koupe bò twou dèyè a, pi prè ke posib. Pou chache konnen ki jan pou nou fè sa, al gade nan Pwoblem po, zong, ak cheve (chapit la poko ekri).