Hesperian Health Guides

Ki jan nou ka evite pifò pwoblèm vant

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Si nou tout fè atansyon pou nou byen manje, pou nou kenbe kò nou, kay nou ak katye nou pwòp, nou ka anpeche anpil pwoblèm vant vin sou nou.

Nan chapit Dlo ak pwòpte, yo montre nou ki jan nou ka pirifye dlo. An plis, yo montre nou ki jan nou ka okipe watè moun kòrèk pou evite maladi. Si fanmi nou oubyen moun ki rete bò kote nou konn tonbe malad souvan ak vant fè mal, dyare oubyen vè, se pou nou li chapit sa a. Chapit Byen manje bay bon sante bay bon esplikasyon sou ki sa sa vle di, byen manje. Li ban nou konsèy sou sa nou dwe manje pou nou ka rete an sante, epi sou sa ki ka anpeche vant fè mal, kè plen, ak lòt pwoblèm vant vin sou nou.

Men ki jan pou nou evite pwoblèm sa yo, epi trete yo san medikaman :

yon vè dlo
  • Bwè anpil dlo, 8 vè nan yon jou pou pi piti. Bwè plis lè n ap travay di, oubyen lè n ap swe anpil. Li ka anpeche nou gen vant sere.
  • Chak jou, manje legim, fwi, ak manje ki genyen ma ak fil ladan yo. Sa ka anpeche nou ale di. An plis, li bon pou sante nou.
Yon fanm ak ti pitit li kap keyi tomat
  • Manje ki gen anpil grès, epis, ak asid ladan yo ka bay vant fè mal. Si ou gen vant fè mal, evite manje kalite manje sa yo pandan kèk senmenn pou wè si ou santi ou pi bon.
  • Genyen moun ki fè anpil gaz oubyen ki soufri ak dyare lè yo manje lèt oubyen fwomaj. Eseye evite manje pwodui ki gen lèt. (Si ou fè 8 - 15 jou konsa epi pwoblèm nan toujou rete menm jan, nou mèt manje kalite manje sa yo ankò.)
  • Pa fimen. Pa bwè alkòl. Yo bay pwoblèm vant.
  • Eske w ap pran medikaman ? Genyen anpil medikaman ki konn bay pwoblèm vant : aspirin, ibuprofène, anpil antibyotik, epi lòt ankò. Pou trete kèk maladi, tankou VIH/ SIDA, fòk yon moun pran medikaman ki fò anpil, epi fòk li swiv trètman pandan lontan. Men pou anpil lòt maladi, nou ka fasil jwenn yon lòt medikaman, si premye medikaman an ban nou pwoblèm vant. Petèt li ta pi bon pou nou pa pran medikaman ditou.
  • Tèt chaje ak kè sote bay anpil moun vant fè mal. Chapit Sante mantal (ki poko ekri) ban nou ti konsèy sou ki jan nou ka rete poze lè lavi a difisil.