Hesperian Health Guides

Dyare

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

"Yon timoun tou mèg kap soufri anba dyare. Li gen lè malad anpil"

Lè yon moun watè dlo plizyè fwa nan jounen an, yo rele sa dyare.

Lè yon moun ap soufri ak dyare, l ap pèdi dlo ak fòtifyan yo byen vit. Yon granmoun ki an sante ka soufri ak dyare pandan de twa jou, epi l ap refè san pwoblèm.

Men timoun, vye granmoun, epi moun ki deja fèb paske yo malnouri oubyen paske yo soufri anba lòt maladi, si yo pèdi anpil dlo ak fòtifyan, gen danje nan sa.

Si n ap pran swen yon tibebe oubyen yon timoun ki gen dyare, oubyen si kote nou rete a gen timoun ki konn mouri anba dyare, tanpri, li sa ki ekri anba a. Apre sa, li chapit Ki jan pou nou okipe timoun.


SIY KI MONTRE GEN DANJE
  • Nan yon ti tan malad la ap plede watè dlo anpil. Li ka gen kolera. Menm si nou pa konnen ki sa ki bay dyare a, lè dyare a fò sou yon moun, l ap vin manke dlo byen vit.
  • Dyare avèk glè e san — yo rele sa disantri.
  • Dyare ki dire sou yon moun pandan de senmenn. Kalite dyare sa a ki pa vle rete fè malad la pèdi fòtifyan yo, epi li febli trip la. Anpil fwa, se malnitrisyon, oubyen yon maladi ki dire sou yon moun, ki lakòz sa.
TRÈTMAN
"Yon fanm kap ede pitit la manje ak yon kiyè"
  1. Trete manke dlo a. Pifò moun ki mouri anba dyare mouri paske yo pèdi twòp dlo nan kò yo. Poutèt sa, premye bagay nou dwe fè lè n ap okipe yon moun ki gen dyare, se ba li bwè. Nou ka fè sewòm oral lakay ki gen likid ak fòtifyan kò a bezwen. Lè yon moun bwè likid, li pa p anvlimen dyare a. Okontrè, li ka sove lavi malad la.
  2. Ba li manje. Premyeman, si malad la gen kè plen, sa mande pou nou ba li ti moso manje lejè. Yawout ak fig mi bon anpil, epi yo ka fè dyare a rete pi vit. Depi malad la ka manje plis, ba li plis. Sitou timoun yo bezwen manje.
  3. Deside nou si nou ka trete l ak medikaman (pifò ka dyare pa gen medikaman ki pou trete l).

Gen anpil bagay ki ka bay dyare. Men sa ki pi fasil bay moun dyare

"Yon fanm kap di sa ki vin nan lide l"
Tout travay mwen se okipe timoun ki malad ak dyare. Gen lè li ta pi bon pou mwen travay pou tout konminote a gen dlo pwòp

Gen anpil bagay ki ka bay dyare. Men sa ki pi fasil bay moun dyare :

  • Mikwòb (viris, bakteri, oubyen parazit) ki gaye lè moun manke fè pwòpte. Nou ka anpeche dyare antre sou nou lè nou sèvi ak latrin, lè nou lave men nou souvan, lè nou byen kwit manje a epi manje l kou li fin kwit (pa kite l chita pandan kèk èdtan). Lè nou achte manje nan men yon machann nan lari a, mande l si li ka chofe l ankò. Al gade nan chapit Dlo ak Pwòpte, pou wè ki jan nou ka rann katye nou an pi pwòp — pi bon fason pou anpeche dyare vin sou nou.
  • Enfeksyon. Genyen lòt enfeksyon ki ka bay dyare, tankou enfeksyon zorèy, enfeksyon nan kannal pipi, malarya, oubyen VIH/SIDA. Si nou jwenn yon enfeksyon konsa, se li pou nou trete, epi dyare a va pase.
  • Malnitrisyon. Malnitrisyon rann trip la fèb ; se sa ki fè li pa kapab sèvi byen ak manje e likid yo. Konsa tout bagay pase vit nan trip la epi koze dyare. Pou trete malnitrisyon an, se pou moun byen manje chak jou. Chache konnen ki jan nou ka byen manje lè nou pa gen anpil lajan.
  • Antibyotik. Antibyotik yo konn bay dyare ak vant fè mal. Genyen twòp moun ki pran yo san nesesite ; anpil maladi ka byen pase san moun pa pran antibyotik. Antibyotik yo pa kapab geri yon rim oubyen lòt maladi viris ap bay la. Annou pran pou prensip : pa pran antibyotik pou ti enfeksyon òdinè. Sèvi ak yo sèlman lè nou kwè maladi a mande trètman ak medikaman, epi nou konnen li ka bon pou trete maladi a.
"Yon fanm ki granmoun kap ede yon ti fi lave men li nan yon kivèt. Yon jennonm kap lave men li ak dlo tiyo. Yon fanm kap lave men li nan yon lavabo."
Nou ka anpeche anpil maladi dyare vin sou nou si nou lave men nou souvan avèk dlo e savon.

Manje pou moun ki gen dyare

Yon moun ki gen dyare dwe kòmanse manje depi li kapab. Si l ap vomi, oubyen si li sitèlman malad li pa vle manje menm, ba li ti manje tou piti tanzantan nan jounen an. Si dyare a fò sou li, ba li ti manje chak youn oubyen 2 zèdtan pou ranplase fòtifyan l ap pèdi a. Ofri li soup oubyen labouyi ki fèt ak diri, mayi moulen oubyen ponmdetè. Si malad la ka pran yo san vomi, ofri li yon ti vyann ki byen kwit, ze, oubyen legim. Lèt kaye ak yawout bay pwoteyin. Fritay ak fwi ki pa mi pa twò bon pou yon moun ki gen dyare.

Si dyare a ap dire sou yon moun pandan 15 jou oubyen plis — epi li pa vle rete — li enpòtan anpil pou malad la byen manje. Malnitrisyon epi yon maladi ki dire sou yon moun, tankou VIH/SIDA, toulede ka bay yon dyare ki pa vle rete. Antouka, malad la bezwen manje plis pou ranplase fòtifyan l ap pèdi ak dyare a, epi pou ede trip la sèvi pi byen ak manje l ap manje a.

Malnitrisyon bay dyare.

Dyare bay malnitrisyon.

Byen manje mete yon fen ak laviwonn dede sa a.


Fòk yon timoun ki soufri ak malnitrisyon manje pi souvan — 6 fwa nan yon jou oubyen plis pase sa. Chak jou se pou nou ba li pwoteyin ak grès ki pou remonte fòs ak enèji li. Legim ak fwi pwoteje kò a, epi yo ba li fòs pou l ka konbat ak enfeksyon — tankou enfeksyon ki bay dyare. Chache konnen plis sou ki jan nou ka trete malnitrisyon.

"Pwa, lèt, yawout, fwomaj, pwason, vyann, ze, nwa"
Timoun ki gen dyare ki dire sou yo dwe manje manje ki gen pwoteyin (ki pou bati kò a) ladan yo.

Medikaman

Pa gen medikaman ki ka konbat enfeksyon ki koze pifò ka dyare. Se lajan jete ; yo ka menm mete nou nan danje.

Gen de ka dyare kote antibyotik ka fè byen. Nou ka trete disantri (dyare san) ak antibyotik, epi kèk kalite kolera. Men menm pou trete maladi sa yo, sa ki pi enpòtan pase tout lòt bagay se bay malad la bwè. Piga nou bay yon moun ki gen dyare okenn kalite metsin.

Remèd dyare tankou bismuth (bizmit) oubyen lopéramide (loperamid) yo fè watè yon moun vin pi pwès, epi li watè mwen souvan. Men, sa pa p anpeche li manke dlo, epi se manke dlo a ki pi gwo danje. Menm si dlo a rete anndan kò a, tout ògàn yo ap pèdi dlo ki nesesè pou fè travay yo. Remèd sa yo ka ede yon moun tanzantan, pa egzanp, lè li pral fè yon vwayaj long, remèd sa yo anpeche li gen pwoblèm nan wout. Men yo pa p geri enfeksyon ki lakòz dyare a. Li ka menm fè enfeksyon an trennen pi lontan sou yon moun. Pa bay medikaman sa yo si malad la gen lafyèv, dyare ak san (disantri), oubyen si li watè dlo san rete (kolera). Lopéramide se danje pou timoun.

"Yon boutèy, tèt anba, ki bouche pou likid la pa ka soti"
Remèd pou dyare se tankou yon bouchon. Yo pa kite enfeksyon an soti deyò ; yo kenbe l anndan.
"liquid pours from bottle after plug is removed"

Kolera

Lè yon moun soufri ak gwo dyare ki sanble ak dlo diri, se ka kolera. Kolera ap gaye byen vit ; konsa li tonbe sou anpil moun nan menm tan (epidemi). Kolera ka fè yon moun pèdi sitèlman anpil dlo nan kò a, li mouri nan yon bat je. Si nou ba li bwè anpil, nou ka sove lavi yon moun ki soufri ak kolera.

KI JAN POU NOU TRETE L

Fòk nou trete manke dlo a san rete. Bay malad la bwè sewòm oral, mezi li kapab pran. Ba li bwè san rete jis dyare a rete, epi jis nou pa wè siy li manke dlo. Menm si moun nan anvi vomi, fòk li bwè toujou.

Gen de ka kolera nou ka trete yo ak antibyotik. Gen de mikwòb ki konn kenbe tèt ak antibyotik. Verifye bò kote otorite Sèvis Sante Piblik yo pou konnen ki kalite antibyotik ap bon nan zòn kote nou rete a.

Kolera se pwoblèm tout moun

Lè gen yon epidemi kolera, se yon pwoblèm ijan pou tout kominote a. Mikwòb ki bay maladi sa a gaye nan dlo n ap sèvi a. Fòk nou aji vit pou nou ka konbat li.

"Sèvi ak yon moso plastik pou kouvri dra a, epi pou fè kanal goutyè pou watè dyare a. Sa pèmèt malad la pran yon ti repo, epi ede l rete pwòp"
Yon «kabann kolera» ki pèmèt yon moun malad fè yon poze epi rete pa mal pwòp.
  • Fòk nou fè tout moun konprann ki jan pou trete kolera. Sa ki pi enpòtan : se pou moun malad bwè anpil likid, mezi yo kapab pran. Fè tout moun konnen ki jan pou prepare sewòm oral la ; fè anons sou radyo, fè vwazen nou yo konnen, epi mete afich nan plas piblik.
  • Lave men nou souvan. Fè tout moun konprann fòk yo swiv prensip pwòpte pou yo ka rive mete fen ak epidemi maladi a.
  • Si gen moun ki malad anpil, fè yo wè doktè. Ka genyen yon sant espesyal kote yo bay moun sewòm nan venn. Gen de fwa nou ka trete maladi a ak antibyotik ; al wè si nou ka jwenn yo nan yon klinik.
  • Se pou tout kominote a fè yon men kontre pou dlo y ap sèvi a ap bon pou bwè e san danje.
  • Nou ka evite epidemi vin sou nou si nou monte latrin, epi si tout moun swiv prensip pwòpte. Toutotan moun pa gen bon latrin kote yo ka al fè bezwen yo, epi toutotan watè ak pipi moun ap kontamine dlo n ap sèvi a, va genyen epidemi kolera e lòt maladi. Chache konnen ki jan pou nou monte yon bon latrin.
  • Genyen vaksen ki ka anpeche moun pran kolera. Sa mache pi byen si yo vaksinen tout kominote a nan menm tan, pou maladi a pa p gaye.

Dyare ak san (disantri)

Sa ki lakòz pifò ka disantri se yon bakteri (mikwòb) ki rele chigela, oubyen ti parazit (ti bèt ki piti piti anpil) ki viv nan trip la ki rele amib.

SIY KI FÈ NOU REKONÈT LI
  • Malad la watè dlo ki genyen anpil glè, e prèske toujou, gen san ladann.
  • Li gen lakranp nan vant, li anvi watè, men li pa ka fè anyen, oubyen li fè yon ti kras glè.
  • Twou dèyè a fè l mal.
  • Li gen dyare ki ale vini ak konstipasyon.

Ki jan pou konnen ki sa ki bay disantri

Si yon moun gen dyare ak san, li ta pi bon pou fè yon analiz watè a pou wè ki sa ki bay dyare a. Si nou pa kapab, siy ki ekri anba yo ka ede nou konprann ki sa ki bay dyare a.

Chigela, yo rele l disantri ki gen pou wè ak mikwòb, konn bay lafyèv. Anpil fwa li kòmanse sanzatann. Li bay lakranp nan vant ki fè mal anpil ; li fè moun watè dlo ki gen glè oubyen san ladann.

Dyare + glè oubyen san + lafyèv = chigela (disantri ki gen pou wè ak mikwòb).

Amib (move dyare, disantri amib k ap bay) ka fè malad la senyen anpil. Li pa fasil bay lafyèv.

Dyare + san + pa gen lafyèv = amib

TRÈTMAN

Li pi bon pou trete disantri avèk antibyotik, sitou si se timoun oubyen moun ki deja malad oubyen fèb.

Trètman chigela

Mikwòb chigela fasil vin kenbe tèt ak antibyotik yo. Poutèt sa, pa gen yon sèl remèd ki ka sèvi nan tout peyi. Pou chache konnen plis sou ki jan mikwòb vin rezistan ak antibyotik yo, al gade nan Medikaman, egzamen, ak trètman (chapit la poko ekri). Ciprofloxacine (sipwofloksazin) bon pou trete pifò ka, men verifye bò kote otorite Sèvis Sante Piblik yo pou konnen ki trètman ki pi bon.

Trètman amib


Pou trete amib, bay métronidazole (metwonidazòl).

Gyadya

Gyadya se yon ti parazit tou piti ki viv nan trip moun ; li konn bay anpil moun dyare, sitou timoun.

SIY KI FÈ NOU REKONÈT LI
  • Anpil gaz. Vant moun nan ka balonnen ak gaz, epi li pa ka santi li alèz ; li gen lakranp nan trip la, l ap plede fè van anpil, li gen kè plen, li fè rapò, epi gaz la gen move gou tankou souf oubyen ze gate.
  • Dyare jòn ki santi fò, ki gen yon bann ti boul ladann, men pa gen ni glè ni san.
  • Li pa fasil gen lafyèv.
  • Dyare a ka dire sou yon moun pandan de senmenn, ki fè l pèdi pwa epi ki fè l vin pi fèb.

Yon ti enfeksyon gyadya fè moun santi yo pa alèz, men enfeksyon an ka fasil al fè wout li san remèd nan 6 senmenn konsa. N ap geri pi vit si nou byen manje. Si maladi a dire sou yon moun, sitou timoun, li bon pou nou trete l ak métronidazole. Quinacrine (kinakrin) pi bon mache, epi li ka bon, men li bay plis pwoblèm (efè segondè).