Hesperian Health Guides

Kansè

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Ki sa sa ye, kansè ?

woman looking through a microscope.
Selil yo si tèlman piti se sèlman anba yon aparèy ki rele mikwoskòp ke nou ka wè yo.

Kò nou, menm jan ak kò tout bèt ansanm ak tout plant yo, yo fèt ak yon bann ti «pyès» ki rele selil. Genyen plizyè kalite selil. Yo tankou anpil anpil ti brik ki vivan ki mare tout kò a ansanm, epi yo travay nan tèt ansanm pou fè kò a fonksyone byen. Selil sa yo vivan ; yo divize kò yo pou yo fè lòt selil toujou. Men apre sa, chak selil gen pou li mouri.

Pafwa, yon selil konn tonbe devlope nan dezòd ; se yon selil ki pa an sante. Jeneralman, li pa donmaje tout kò a, paske se sèlman yon ti selil ki nan mitan plizyè milyon selil. L ap mouri anvan lontan. Men gen de fwa yon selil ki donmaje ka divize, epi li fè lòt selil parèy li. Selil ki donmaje yo ap devlope san kontwòl, epi yo fè yon move boul nan kò a. Yo rele boul sa a yon timè.

Genyen timè ki pa kansè, ki pa donmaje kò a, epi ki pa gaye nan kò a. Men genyen lòt timè k ap gwosi san rete, epi k ap gaye nan lòt pati nan kò a. Yon timè konsa se kansè li ye. Genyen kansè k ap gwosi dousman, epi yo pa bay gwo pwoblèm. Genyen lòt k ap ban nou gwo pwoblèm sante, epi yo ka menm fini ak nou. Sa depann de kalite selil ki ladann epi ki kote boul kansè a ye.

Se pa yon sèl maladi kansè a ye. Li prezante sou plizyè fòm. Nou ka evite kèk kalite kansè ; genyen kansè nou ka trete epi geri menm. Genyen lòt ki tiye moun.

Si ou sispèk ou gen kansè epi sa fatige tèt ou

a woman talking to a man.
Se ka yon kansè, wi — men tou, se petèt yon ti enfeksyon li ye.

Si ou sispèk ou gen kansè, sa ka fatige tèt ou anpil. Si ou wè siy ki fè ou konnen ou ka gen yon kansè, chache konkou san mize. Men poze san ou, epi sonje ke siy maladi ou wè la, gen lòt maladi ki pa si grav ki ka bay menm siy sa yo.

Nan pifò ka kansè, sèl fason pou nou wè aklè si se kansè li ye oubyen non, se pou nou fè yon biyopsi. Yo fè tès sa a nan kèk klinik ak nan lopital. Pou fè yon biyopsi, yon ajan sante wete yon ti moso chè tou piti nan pati kote yo panse nou gen kansè a. Y ap egzaminen li nan mikwoskòp pou wè si pa gen selil ladann ki pa nòmal. (Yon mikwoskòp se yon aparèy ki pran yon bagay ki tou piti ; li fe nou wè li byen gwo anpil.)

Si nou gen yon boul ki fèk parèt, oubyen ki fè mal, li mèt anba po a oubyen nenpòt kote nan kò a, se pou nou al fè yon egzamen sou li. Si boul la di, epi nou pa kapab deplase li anba po a, ka a pi serye toujou. Se ka yon enfeksyon oubyen nenpòt ti boul ki pa gen danje ladann, epi ki va al fè wout li san remèd. Men tou, se ka yon siy kansè ki fèk mete pye ; lè sa a, nou ka pran bonè ak li, epi chache trete l. Mande konsèy nan men yon ajan sante si :

a man with lumps on his neck and groin.
  • boul la ap gwosi
  • yon boul parèt, malgre 15 – 22 jou konsa fin pase, li toujou la.
  • li fè mal
  • li di


Genyen yon seri glann nan kò a ki la pou konbat enfeksyon, men plis pase sa, kansè ka mete pye nan glann sa yo. Al konsilte yon ajan sante si nou gen kèk boul oubyen yon pati nan kò nou ki gonfle ki pa p al fè wout yo, sitou si nou jwenn yo :

  • dèyè zòrèy
  • nan kou oubyen anba machwè
  • anba zesèl oubyen nan lenn


Si yon moun gen yon boul depi plizyè ane, epi boul la rete menm jan ak menm gwosè, li pa fasil yon kansè.

Genyen plizyè siy ki ka fè nou konnen ke se ka yon kansè yon moun genyen, men tou, gen kansè ki pa bay siy sa yo. Epi tout siy sa yo, se ka lòt maladi ki lakòz yo, espesyalman maladi ki dire sou moun. Nan chapit sa a, yo fè nou konnen ki siy ki mache ak tèl kalite kansè.

SIY NOU KA WÈ KAY MOUN KI GEN KANSÈ

Nòmalman, lè yon moun fè oubyen montre siy sa yo, kansè a deja grav. Konsa, si nou vle pran bonè ak yon kansè, nou pa dwe tann siy sa yo parèt.

a woman in the waiting room of a cancer screening clinic. Sign says "Breast cancer screening every afternoon."
Pwogram pou detekte si gen kansè ap sove lavi moun. Tout moun gen dwa fè tès sa yo.
  • L ap pèdi pwa
  • Li bouke toutan
  • Li gen gwo doulè k ap mòde li, ki pa ba li souf


Si ou sispèk ou gen kansè, al konsilte yon ajan sante ki ka ede ou konprann ki trètman ak ki swen sante ou ka jwenn, epi ki kote pou ou ale pou jwenn yo. Fè yon lòt moun vini avèk ou nan randevou an, pou li ba ou yon kout men ak kesyon pou ou poze, epi pou li ede ou sonje tout sa yo te di ou.

Pwogram pou detekte si gen kansè

Genyen kansè nou ka detekte yo bonè, menm anvan yo montre okenn siy. Kote yo gen mwayen pou fè tès sa yo, li bon pou fanm patisipe nan pwogram sa yo . Pwogram nou jwenn pi fasil se tès pou kansè nan bouch matris, ak kansè nan tete. Paske nou gen posiblite pou detekte yo bonè, nou ka trete yo bonè tou. Konsa gen plis chans pou geri yo.

Pi bonè se granmaten pi bonè nou jwenn yon kansè, se plis chans nou gen pou dechouke li.


Ki moun ki pran kansè ?

Nou gen tan aprann anpil sou ki sa ki bay kansè, men nou pa fin konnen pouki sa tèl moun tonbe malad ak kansè, epi lòt la chape. Nenpòt moun ka fè kansè. Plis yon moun avanse nan laj, se plis chans li genyen tou pou li fè kansè. Genyen de twa kalite kansè (sitou kansè nan tete), depi yon moun nan fanmi an gen kansè sa a, gen plis chans pou lòt moun nan fanmi li devlope menm kansè a. Men pifò maladi kansè pa maladi ereditè. Men sa nou konnen :

  • Si yon moun voye wanga sou yon lòt, oubyen si li ba li maldjòk, sa pa p ka bay kansè.
  • Metòd planin pa bay kansè.
  • Kansè se pa yon pinisyon nou resevwa paske nou te fè yon bagay ki mal.
  • Se pa yon maladi atrapan li ye ; li pa soti sou yon moun al sou yon lòt. Lè nou ansanm avèk yon moun ki gen kansè, lè nou pase yon moman avè l, oubyen si nou pran swen li, li pa posib pou nou pran kansè nan men li.


Genyen bagay moun fè, tankou fimen, ki bay kansè. Lòt bagay ki ka bay kansè lè yo antre nan kò a se kèk pwodwi chimik nou sèvi kote nou travay ; kapab gen pwodwi chimik nan manje ak nan lòt bagay nou sèvi. Salte ki nan lè a ak nan dlo a ka bay kansè. Genyen kèk bagay nou ka fè pou evite pran kansè, men tou, gen anpil bagay ki bay kansè kote yon sèl moun pa p ka fè anyen. Menm si 2 moun pran kontak ak menm bagay ki gen danje ladan yo, sa pa vle di ke toulede moun sa yo va pran kansè.

Paske gen anpil bagay nou poko konprann sou koze kansè a, gen de fwa moun konn pran prekosyon yo ak malad la. Yo pa aji byen avè l. Konsa lapenn ka rann soufrans malad la pi rèd. Sa nou ka fè pou yon moun ki malad ak kansè se ede li, epi fè li konnen jan nou renmen li.  



Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024