Hesperian Health Guides
Kijan pou medam yo defann tèt yo (otodefans)
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 19: Kadejak ak atak seksyel > Kijan pou medam yo defann tèt yo
| Si malandren atake n pa dèyè | Si malandren an vin kontre avè nou bab pou bab | ||
| Ba l yon kout koud anba kè l. | Foure dwèt nou nan je l byen fon. | ||
| Met talon soulye n sou pye l epi peze l san rete. | Mare 2 pwen nou epi flanke l yon kout pwen marasa nan tanp li oubyen nan zòrèy li. | ||
| Pase men n pa dèyè, pran 2 boul grenn li yo (testikil) epi peze yo byen di. | Kole 2 pwen n ansanm epi flanke l yon bon jan kout pwen sou do nen l. | ||
| Flanke l yon kout talon nan kakòn jenou oubyen anba jenou. | Leve janm nou epi flanke l yon bèl kout jenou nan grenn (testikil). | ||
Si nou viktim yon atak seksyèl
An jeneral, yon fanm ki ka defann tèt li p ap gen tan sibi kadejak, menm si malandren ki vin atake l gen zam. Plis yon fanm gen anpil fason pou l pwoteje tèt li kont moun k ap chache fè ladènnye sou li, se plis l ap gen chans pou l chape poul li anba kadejak, se plis tou l ap gen chans pou l pa pote mak oubyen pou l pa soufri ak tout kalite tèt chaje kadejak ka lakòz.
Yon fanm pa p janm konnen davans ki sa pou l fè, lè yon nèg vle fè dappiyanp sou li. Gen kèk fanm ki gen plis repondong ak plis fòs pase sa yo panse yo genyen. Gen lòt ki panse yo pa ka fè anyen menm. Si malè sa a rive n, se pou n met nan tèt nou n ap fè sa n kapab.
Men kèk konsèy ki ka itil nou si yo ta fè yon atak seksyèl sou nou:
- Pa kriye, pa bese tèt nou, pa bay legen. Sa pa p itil nou anyen. An reyalite, fanm ki fè sa pran plis kou epi yo soufri plis pase fanm ki kanpe dyanm pou defann tèt yo.
- Rete veyatif. Siveye vakabon an. Tanzantan, je malandren gen dwa pa sou nou, oubyen li ka pèdi kontwòl tou.
- Eseye plizyè teknik. Kout pye, rèl, kraponnay. Fè mèt dam. Fè tout sa nou kapab pou n montre l bagay la p ap pi fasil pase sa. Fè l konprann nou gen fanm sou nou. Nou pa nenpòt ki bagay.
Si se plizyè nèg ki atake n oubyen se yon nèg ki gen yon zam, n ap toujou ka reziste. Men l ap pi bon pou n pa mare batay
- Si n konn moun nan trè byen, di l ki jan n santi n. Di l sa yon fason pou misye pa met nan tèt li nou renmen sa. Fè l pran konsyans sou move zak l ap komèt la.
- Si kadejakè a se yon etranje, gade l byen pou n ka sonje fòm tèt li ak gwosè li. Èske l gen mak, siy oubyen tatwaj sou kò l? Ki kalite rad li mete? Eseye sonje tout bagay sa yo pou n ka rakonte lapolis epitou pou n ka mete lòt fanm nan kominote a okouran, yon fason pou yo veye zo yo tou.
- Fè tèt nou travay. Se nou sèlman ki pou deside jis ki bò n ap rive nan goumen an. Nan kèk sitiyasyon espesyal tankou, paregzanp, pandan lagè, kadejakè a gen dwa pa gen ankenn rezon pou l pa touye fanm nan, si manmzèl ap reziste.