Nan kò yon fanm, nou jwenn ògàn seksyèl ki deyò menm jan ak andedan. Yo rele yo ògàn repwodiksyon oubyen aparèy jenital. Pati ki parèt sou deyò yo gen anpil non: bòbòt, koko, chòbòlòt,... eksetera. Nan lang franse, yo rele l “vulve”; kèk fwa, yo konn rele l vajen, “vagin”. Men an reyalite, koko osinon vajen, se twou ki kòmanse nan ‘’vulve’’ la, kidonk pati nou wè a, pou li rive jouk nan matris la. Kèk fwa, yo konn rele l “kanal akouchman”.
Desen n ap jwenn pi ba a, se imaj yon bòbòt. N ap wè non chak pati yo. Men chak fanm gen pwòp fòm kò pa l. Konsa, gwosè chak pati, fòm yo ak koulè yo pa menm jan pou tout fanm, sitou pou gwo lèv yo ak ti lèv yo.
Bòbòt: Gwoup pati seksyèl nou jwenn nan fant janm yon fanm.
Do koko: pati gonfle kote n jwenn pwèl yo (mons veneris).
Gwo lèv yo: 2 po sa yo fèmen lè 2 janm yo fèmen. Yo la pou pwoteje pati ki anndan yo.
Ti lèv yo: 2 ti po sa yo mou; yo pa gen pwèl sou yo epi yo sansib anpil. Pandan yon relasyon seksyèl, yo gonfle epi yo vin pi fonse.
Klitoris (langèt): Klitoris la piti epi li gen fòm yon boujon flè. Se pati ki pi sansib la. Lè yo fè masaj sou klitoris la ak nan tout zòn klitoris la, sa ka fè yon fanm voye.
Ouvèti vajinal: fant koko a.
Imèn (vijinite) ti moso po mou nou jwenn andedan fant koko a. Yon imèn ka laji, li ka dechire oubyen li ka senyen pandan yon gwo travay, nan fè espò oubyen nan fè lòt aktivite. Sa ka rive tou lè yon fanm antre nan premye relasyon seksyèl li. Tout imèn yo pa menm. Gen kèk fanm ki pa genyen ditou.
Twou dèyè: kote trip la ouvè, kote watè sòti.
Twou pipi: ouvèti kanal pipi a pa deyò. Tiyo pipi a sòti nan vesi a pou l rive la.
Tete yo
Gen tout fòm ak tout gwosè tete. Yo kòmanse gwosi, lè yon ti fi gen ant 10 ak 15 lane, lè l ap kite estad timoun pou l tounen yon fanm, kidonk lè li fòme (pibète). Aprè yon gwosès, tete yo fè lèt pou tibebe a bwè. Lè yo manyen yo pandan yon relasyon seksyèl, sa fè fanm nan mouye. Lè sa a, li santi l pare.
Nan tete yo, nou jwenn:
Gland yo: ki fè lèt la
Kannal yo: ki pote lèt la jis nan pwent tete yo.
Sinis yo: ki estoke lèt la jouk tibebe a bwè l.
Pwent tete: kote lèt la sòti.
Areyòl la: se po griji epi fonse ki antoure pwent tete a.
Pati repwodiksyon ki andedan yo
Ovè yo: Ovè yo pwodwi yon ze chak mwa. Yo rele ze sa a ovil. Ovil la monte nan twonp falòp yo. Se lè jèm gason an (espèmatozoyid) rankontre ak ovil la, yon tibebe kòmanse devlope. Chak fanm gen 2 ovè, youn sou chak bò matris la. Chak ovè ka gwosè yon zanmann oubyen yon rezen.
Twonp falòp yo: Twonp Falòp yo konekte matris la ak ovè yo. Chak ovil yon ovè pwodui pase nan yon twonp falòp pou l rive nan matris la.
Kòl matris la: Se kote “bouch” matris la konekte ak vajen an. Yon espèmatozoyid ka pase nan ti twou kòl matris la. Men kòl matris la pa kite nenpòt bagay pase. Li pwoteje matris la kont tout lòt bagay, paregzanp, kont kòk gason. Pandan akouchman, kòl iteris la ouvri pou l bay tibebe a pase.
Matris (iteris): Matris la se yon misk ki vid pa andedan. Se la règ yo sòti chak mwa. Se la tibebe yo devlope tou, pandan gwosès yo.
Vajen oubyen kannal akouchman an: Li sòti depi deyò nan bòbòt la pou l rive nan matris la. Li fèt ak yon po espesyal ki elastik. Li louvri san pwoblèm pandan relasyon seksyèl yo li laji anpil pandan akouchman. Li bay yon likid (sekresyon) ki fè l rete pwòp e ki jwe yon wòl enpòtan nan prevansyon kont enfeksyon..