Hesperian Health Guides

Ann travay pou chanjman

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Ann travay pou tretman pa kite prevansyon dèyè

Travayè sante yo oubyen nenpòt ki lòt moun ki ap travay pou amelyore sante fanm nan kominote a ka jwe yon wòl enpòtan nan bare wout maladi. Men anpil fwa, se pa prevansyon ki pi enterese yon fanm. Se tretman l ap chèche pou yon maladi ki deja ap chipote l. Konsa, premye dyòb travayè sante a, se ede fanm nan jwenn gerizon.

an arm with the word "treatment" on it shaking hands with one labeled "prevention"

Men nou ka sèvi ak tretman kòm pòt ki pèmèt moun antre nan salon prevansyon. Youn nan pi bon moman kote nou ka eksplike yon fanm enpòtans prevansyon, se lè l vin chèche laswenyay bò kote n. Paregzanp, si yon fanm parèt ak yon pwoblèm enfeksyon nan sistèm irinè l, premye bagay pou n fè, se tretman an. Apre sa, fòk nou pran tan pou n eksplike l kijan l ka fè pou pwoblèm sa a pa janm tounen ankò.

Tout fanm ki ap vizite n yo ka aksepte travay pou fè prevansyon ak tretman mache men nan men. Se lide medam yo deja genyen sou maladi, sou gerizon ak lasante ki ka ralanti oubyen akselere travay sa a. Depi medam yo kòmanse ka rezoud pwoblèm y ap rankontre chak jou yo, depi lide yo genyen sou kesyon lasante kòmanse chanje epi an menm tan moun ap jwenn solisyon pou plis maladi, nou ka wè fanm vin pi enterese nan prevansyon. Konsa, medam yo ka sispann soufri pou granmesi epi y ap fè plis jefò pou yo pran swen pwòp tèt yo, kòm sa dwa.

Travayè sante yo ka jwe yon wòl enpòtan nan ede medam yo travay ansanm pou bare wout tout pwoblèm sante ki ka frape fanm nan kominote a.

a woman talking to three others while they all sit under a tree




Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025