Hesperian Health Guides
Ann travay pou chanjman
Pou n bati yon sosyete san kadejak, fòk nou travay pou:
- gason ak fanm gen menm dwa pou yo pran desizyon yo vle epi pou yo demele gèt yo jan yo pi pito.
- tout moun gen menm chans pou yo bay konkou pa yo nan kominote a.
- fanm tankou gason gen dwa pou yo pale klè, ak respè youn pou lòt, sou sa yo chak vle jwenn nan yon kontak seksyèl.
Men, anvan tout pwojè sa yo reyalize, fòk nou fè yon jan pou n ede fanm ki sibi kadejak yo. Nou kapab, paregzanp:
- chache ouvri je lidè nou chwazi yo, alatèt legliz ansanm ak pwofesè lekòl sou pwoblèm kadejak la. Mande yo konkou pa yo pou prepare plan batay pou chanjman an.
- ankouraje doktè ak travayè sante aprann ki jan pou yo trete medam ki viktim yo, ankouraje yo fè tès nan laboratwa pou wè si yo pa trape kèk maladi moun ka pran nan fè bagay. Yo dwe konnen kijan pou yo sèvi metòd planin pou ka ijan yo. Fòk yo aprann koute sa medam yo ap di. Fòk yo gen kè sansib pou viktim yo epitou ak pou fanmi viktim yo.
- ankouraje travayè sante yo chache konnen èske lalwa nan peyi kote n ap viv la prevwa bon jan pinisyon pou kadejakè. Konsa, travayè sante yo ap ka ede medam yo ranpli papye yo gen pou yo ranpli, lè y al lapolis oubyen lè y al nan tribinal.
- montre fanm yo ak jenn ti fi yo ki jan pou yo defann tèt yo.
- fè edikasyon seksyèl tout timoun, kit se ti fi, kit se ti gason. Fòk ti medam yo aprann konn ki sa yo vle, fòk ti mesye yo konnen pou yo mande ti medam yo ki sa yo vle. Epi fòk ti mesye yo gen respè pou ti medam yo tou.
- chèche enfòmasyon sou lwa ki anfavè fanm ki sibi kadejak nan peyi kote n ap viv la epi fè lòt moun konnen lwa sa yo.
Men ki jan yon kominote nan peyi Afrik di Sid te òganize l pou l goumen kont kadejak
Yon samdi maten, yon sanzave ki konn abitye fè atak sou fanm fè kadejak sou yon madanm 59 lane. Malèrèz la ki te pran plizyè kout kouto nan men malandren an kouri al pote plent lapolis. Yo arete misye epi yo mennen madanm nan lopital. Men, nan apremidi menm jounen samdi a, lapolis lage malandren an. Yo pa kenbe l nan prizon ni pou kadejak la ni pou vwadfè li fè sou madanm nan - yo kòm ba l pèmi pou l kontinye fè move zak sou fanm.
Lè n te tande pawòl sa a nan bouch fanm k ap viv nan bouk la, se bouyi san nou te bouyi nan venn nou. Lapolis pa t pè pwoteje yon malfèktè ki te fè fanm pè mache nan lari poukont yo. Devan sitiyasyon malouk sa a, òganizasyon fanm ki t ap travay nan bouk la te pran dispozisyon pou l antre nan batay.
Pifò nan nou t ap travay kòm bòn lakay fanm blanch rich ki t ap viv nan vil ki toupre a. Nou tout te deside sispann travay pou fòse lapolis poze lapat sou malandren an epi kenbe l pou kadejak ak vwadfè. Nou te mande patwòn nou yo pou yo te pote kole avè n. Nou te vle yo konnen ki kalite tribilasyon n ap pase. Nou konnen tout fanm alawonnbadè, kit se fanm nwa, kit se fanm blanch, pè kadejak. Se poutèt sa nou te kwè fanm blanch yo t ap konprann nou epi yo t ap pote kole avè n. Nou te vle pou madanm polis yo eksplike mari yo pwoblèm nou tou epi fè yo konprann ki jan se yon zak malonèt yo fè, lè yo kite yon atoufè ap sikile nan bouk la.
Men fanm blanch yo pa t ban n ankenn konkou.- Se fache yo te fache sèlman. Daprè nou, yo te an kòlè, poutèt yo te oblije touse ponyèt yo pou yo fè travay nan kay. Lè Asosyasyon patwon yo te vle foure bouch nan koze a, nou te di mesye yo: “Tanpri souple, pa vin pale pou nou. Pwoblèm sa a, se pwoblèm fanm li ye. Yo pa konn fè kadejak sou gason.” Asosyasyon patwon yo pa t vle rankontre avè n ankò, men yon semèn apre, yon gwoup fanm blanch te vin pale avè n. Nou te fè yon virewon avè yo nan bouk la e yo te pran desizyon pou yo retounen vin pale avè n. Kèk tan apre, nou leve grèv la, malgre se pou vwadfè sèlman (men pa pou kadejak) yo te vin arete malandren an. Men popilasyon nan zòn nan te si tèlman move, misye ki te fè kadejak la t ap oblije rache manyòk li kanmèm.
Lapolis te gen tan arete plizyè nan nou menm fanm ki te òganize manifestasyon an. Yo pa t vle kwè se nou menm poukont nou ki te leve kanpe. Yo toujou panse gen gason dèyè tout sa fanm ap fè. Men nou menm fanm, nou deside sispann mache tèt anba.
Li enpòtan pou n pale pawòl kadejak la san kache lonbrik. Pifò moun pa vle pale paske yo santi yo wont, yo santi yo pa ka gade moun nan je. Anpil fwa, menm paran viktim yo pa vle pale sou sa.
Men, fwa sa a, sa pa pase konsa. Nou te kòmanse mete nan kominote a sant edikasyon, gadri, pansyon, eksetera. Nou te kòmanse bay lide n sou tout kalite pwoblèm k ap boulvèse bil nou ak sou tout bagay ki merite chanje, tankou: kadejak ak lòt kalite atak seksyèl sou fanm. Jounen jodi a, pèp la konsidere atak seksyèl tankou yon lòt fòm kraze zo. Fanm tankou gason wè bagay yo menm jan; se ansanm ansanm n ap mennen batay la.
Kounye a, tout moun fè viktim yo konfyans. Depi yon fanm di yo fè kadejak sou li, nou pote kole avè l, kèlkeswa moun li ye. Kadejak se toujou yon zak kriminèl, menm si fanm ki viktim nan ta yon tafyatè. Alaverite, kadejak pi grav nan yon sitiyasyon konsa, paske tafya a ka fè fanm nan pèdi kontwòl tèt li. Fanm ak gason k ap travay avè n yo pa kondane viktim kadejak yo. Nou pa lage chay la sou do viktim yo. Se sa k fè medam yo pale sou vyolans seksyèl san kache lonbrik e y ap toujou jwenn sipò kominote a.