Hesperian Health Guides
Pwoblèm sante kadejak ka lakòz
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 19: Kadejak ak atak seksyel > Pwoblèm sante kadejak ka lakòz
Kontni yo
GWOSÈS
Si, trapde, nou pran grenn planin pou ka ijan yo, nou gen dwa pa ansent. Nou dwe itilize youn nan metòd ijan yo san pèdi tan. Fòk nou pa kite 3 jou, (72 èd tan pase) anvan n sèvi ak metòd la.
PA BLIYE: Nan kèk peyi, lalwa rekonèt avòtman epi sa ka fèt nan bon kondisyon, lè yon ti demwazèl oubyen yon fanm sibi kadejak. Se pou n mande yon travayè sante oubyen yon òganizasyon fanm si se kon sa sa fèt nan peyi kote n ap viv la. Nan kèk peyi, lalwa rekonèt avòtman epi sa.
MALADI NOU KA PRAN NAN FÈ BAGAY (MST)
Yon fanm gen plis chans pou l pran MST, lè yo fè kadejak sou li, paske li gen anpil chans pou l blese nan vajen. Konsa, enfeksyon kapab antre nan kò manmzèl trapde. Si vakabon an gen yon maladi atrapan, l ap kontamine fanm nan. Kòm nou pa ka konnen si malandren an pa malad, fòk nou chèche tretman kanmèm, pou sizoka pa ka. Konsa, maladi a pa p ka antre sou nou epi n ap pwoteje lòt moun tou. Se pou n pran medikaman pou gonore, sifilis ak klamidya. An menm tan, se pou n siveye pou n wè si n pa gen siy lòt maladi moun ka pran nan fè bagay. Kit nou kwè nou kontamine, kit nou kwè nou pa kontamine, fòk nou pran medikaman yo kanmèm. Pito n pwoteje tèt nou pou maladi pa antre sou nou olye n tann maladi sou nou pou n al chache laswenyay.
Nou dwe eseye fè yon tès SIDA tou, 6 mwa apre kadejak la. Toutotan n pa ko fè tès la, fòk nou sèvi ak kapòt, yon fason pou n pwoteje mari nou kont tout enfeksyon.
DECHIRE AK BLESE
Kèk fwa, vajen fanm nan ka dechire epi blese pandan zak kadejak la. Maleng yo ka fè fanm nan mal anpil, men firanmezi tan ap pase, doulè a gen pou l sispann. Si fanm nan ap bay anpil san, fòk li fè yon bon travayè sante koud kote dechire a. Si se ti dechire ak ti blese, se pou fanm nan fè sa nou pra l li la yo:
- tranpe vajen li 3 fwa chak jou nan yon kivèt dlo tyèd. Men fòk dlo sa a te byen bouyi, anvan l vin tyèd la. Manmzèl ap jwenn yon ti soulajman ak maleng yo epi y ap geri pi vit, si l mete fèy kamomin nan dlo cho a. Oubyen li ka pire sòs lalwa sou maleng yo tou.
- vide dlo sou vajen an, lè l ap pipi, yon fason pou maleng yo pa boule l. Si fanm nan bwè anpil likid, pipi a ap vini pi fasil. Konsa, maleng yo p ap boule manmzèl twòp, lè l ap pipi.
- siveye pou l wè si l pa gen siy enfeksyon: chalè, dlo jòn (pi) nan zòn maleng yo, move lodè ak doulè ki ap vin pi rèd tanzantan.
- anpil fwa, akòz vyolans yo, medam yo konn fè enfeksyon nan vesi (blad pipi) oubyen nan ren.
KONTAK SEKSYÈL NÒMAL APRE KADEJAK
Apre yon kadejak, n ap toujou ka kontinye fè lanmou ak mari nou nòmalman. Sèlman, fòk nou tann chouchoun nou sispann fè n mal epi fòk nou tann tout maleng yo geri. Men anpil nan viktim yo konn mal pou bliye zak kadejak la, sitou lè y ap fè lanmou. Si n gen pwoblèm sa a, se pou n eksplike mari nou poukisa li dwe tann nou pare, anvan n rekòmanse fè lanmou.
Kèk fwa, nèg k ap viv ak fanm ki viktim nan konn ap montre l move jan. Misye gen dwa wont, oubyen li ka fè kòm si se ak manmzèl menm li gen pwoblèm. Nou pa bezwen mande ki jan konpòtman sa a ka boulvèse viktim nan ki gen yon bann pwoblèm deja.
KIJAN POU N JWENN SOULAJMAN AK TÈT NOU
Plis enfòmasyon
Medikaman pou MST,Tès SIDA
Anvan n rive reprann nou, sa ka pran anpil tan. Men, si n pale ak yon moun nou fè konfyans oubyen ak yon lòt fanm ki te viktim kadejak tou, n ap refè pi vit.
Menm lè tout doulè nan kò nou sispann, nou ka kontinye soufri nan lespri nou pandan lontan. Men kèk pawòl viktim yo konn di:
Li enpòtan pou viktim nan pale ak yon moun oubyen pou l chache fè yon bagay ki ka soulaje l - chak fanm dwe jwenn pwòp fason pa l pou l soulaje tèt li. Gen kèk fanm ki ka jwenn soulajman nan lapriyè. Gen kèk lòt ki pa p jwenn yon kanpo, toutotan vakabon an pa peye sa l fè a oubyen toutotan yo pa ko antre nan travay ak lòt fanm pou ede yo pwoteje tèt yo kont kadejak. Kèlkeswa kisa n vle fè a, fòk nou gen pasyans, fòk nou mande lòt moun pou yo pran pasyans avè n.