Hesperian Health Guides

Divès kalite kadejak ak atak seksyèl

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Anpil fwa, fanm nan ka mal pou rele anmwe! Osekou!, lè moun k ap fè kadejak sou li a se yon moun li konnen. L ap difisil pou l pa gen laperèz, si l toujou rete anba je malandren an.

Gen divès kalite atak seksyèl. Men ladan yo, se de twa sèlman pifò moun konsidere kòm kadejak. Paregzanp, kèk sitiyasyon nan lavi a gen dwa fè yon fanm kouche ak yon nèg, menm lè l pa vle. Sa ka rive, lè fanm nan marye ak nèg la. Yo rive fè kèk madan marye kwè yo oblije kouche ak mari yo, kit yo vle, kit yo pa vle. Menm si sosyete a pa kondane mòd kontak seksyèl fòse sa yo, fòk nou pran yo pou sa yo ye a, sa vle di pou zak malonèt.

Kèk lòt fanm oblije kouche ak gason pou yo ka jwenn yon lavi miyò- pou yo ka bay pitit yo manje, pou yo ka jwenn yon kote pou yo rete, pou yo ka jwenn yon ti monnen pou yo viv, oubyen pou yo ka konsève yon vye dyòb. Antouka, kèlkeswa rezon an, yon gason pa gen dwa fòse yon fanm ki pa vle kouche avè l.

Nan nenpòt ki kalite rapò fanm ak gason, se dwa fanm nan pou l aksepte oubyen refize fè bagay ak nèg la. Si manmzèl refize, gen 3 bagay nèg la ka chwazi fè li gen dwa respekte desizyon fanm nan, li gen dwa eseye fè fanm nan chanje lide, oubyen li gen dwa deside fè dappiyanp sou fanm nan tou. Antouka, menm si fanm nan konn nèg la, menm si li di “wi” ak bouch li, se yon kadejak tankou tout lòt, si fanm nan pa t gen dwa refize.

Chak fwa yon nèg fòse yon fanm kouche avè l, sa ka lakòz anpil pwoblèm sante nan kò fanm nan ak nan lespri l, kit sa fèt ak lòt fòm maspinay, kit sa fèt san lòt fòm maspinay.

a young woman pushing away a young man who is trying to have sex with her

LÈ KADEJAKÈ A SE YON MOUN FANM NAN KONNEN

Pi fò fanm ki sibi zak kadejak, viktim anba men moun yo konn trè byen. Si fanm nan gen pou l kontinye rankontre ak malandren an, li ka gen anpil pwoblèm pou l refè apre kadejak la epi li ka mal pou rakonte lòt moun sa k te rive l la.

Lè se mari fanm nan oubyen ansyen mari l ki fè kadejak sou li. Si nan yon peyi, lalwa, koutim ak tradisyon konsidere yon fanm tankou byen mari l, misye ka kwè l gen dwa kouche ak fanm nan, lè lide l di l, menm si manmzèl pa vle.

Mennaj yon fanm konn fè kadejak sou li. Mennaj la ka deklare se dwa l pou l kouche ak fanm nan poutèt li konn depanse pou li, paske yo abitye kouche ansanm, paske se fanm nan ki mete l sou sa oubyen tou paske li pwomèt fanm nan l ap marye avè l. Antouka, depi gen fòse, sa rele kadejak kanmèm. Yon fanm gen dwa pa vle kite moun konnen si mennaj li fè kadejak sou li. Li ka pè pou lòt moun pa ba l tò.

Plis enfòmasyon
Maspinay seksyèl

Tizonnay seksyèl. Yon fanm konn oblije kouche ak kanmarad travay li, ak sipèvizè oubyen ak patwon l, yon fason pou l pa pèdi dyòb li. Moun sa yo gen dwa menase fanm nan pou yo fè l pèdi dyòb li oubyen yo ba l lòt pinisyon si l rakonte lòt moun sa k rive a.

Dappiyanp malandren fè timoun. Yon ti fi oubyen yon ti gason ka sibi kadejak anba men yon nèg nan fanmi li oubyen anba men nenpòt lòt moun. Si yon papa, yon bòpè, yon tonton, yon frè, yon kouzen oubyen nenpòt manm nan fanmi an fòse yon timoun kouche avè l oubyen si youn pami moun sa yo tonbe karese timoun sa a nan pati sansib li, se kadejak sa rele. Pa bliye, timoun yo gen dwa gen latwoublay nan lespri yo epi yo gen dwa pa konprann sa k rive yo a, sitou si granmoun k ap fè yo abi a, se yon moun yo fè konfyans. Lòt manm nan fanmi an gen dwa pa menm okouran sa k rive a, yo gen dwa pa kwè oubyen yo gen dwa rann ti moun nan reskonsab. Pèsonn pa dwe bay moun ki sibi kadejak la tò sitou si se yon timoun li ye.

LÈ FANM NAN PA KONN MOUN KI FÈ KADEJAK LA SOU LI A

a soldier grabbing a woman while two other soldiers guard a man
Kadejak se yon fòm maspinay ki pi sovaj, lè moun sèvi ak sa kòm zam batay.

Se sa k pase nan tèt pifò moun, lè yo tande pale de kadejak. Yon fanm ka sibi yon kadejak konsa, swa nan lari, swa lakay li. Mòd kadejak sa a sovaj anpil, men pou chak ka kon sa, n ap jwenn yon pakèt lòt ka kote moun ki fè kadejak la se yon moun fanm nan byen konnen.

Fanm ki sibi kadejak pandan lagè bezwen swen espesyal. Si yon fanm ansent nan kondisyon sa a, li menm ansanm ak tout timoun nan gen dwa soufri anpil, lè yo sonje se lennmi ki te fè kadejak la.

Lè se yon bann nèg ki fè kadejak sou yon sèl fanm. Plizyè nèg gen dwa fè kadejak sou yon sèl fanm. Pafwa, yon bann nèg ki wè yon malandren ap fè kadejak sou yon fanm konn mande pou fè kou pa yo. Pafwa, se yon bann jenn gason ki met ansanm pou yo fè kadejak sou yon fanm, yon fason pou youn montre lòt ki jan l “gason”.

Kadejak sou fanm nan prizon. Anpil fanm konn sibi kadejak anba men lapolis oubyen anba men gad prizon. kadejak konn tounen tou yon zam nan men prizonye gason ki vle twoke kòn yo, yon fason pou yo wè kilès k ap sèl Lwijan Boje nan prizon an.

Lagè. Anpil fwa, solda oubyen lòt belijeran konn sèvi ak kadejak pou yo simen laterè sou fanm. Yo konn sèvi ak sa pou yo kraze moral popilasyon an tou. Plizyè solda konn met ansanm pou yo fè kadejak sou fanm ak sou jenn ti fi an prezans fanmi yo, yon fason pou yo montre tout moun ki jan lènmi an gen fòs. Yo konn fèmen medam yo nan kan epi yo fòse yo fè travayè seksyèl, fòse yo tounen esklav seksyèl. Fanm sa yo konn oblije aksepte, pou yo ka sove lavi yo ak pitit yo epi pou yo ka jwenn moso manje.



Nou te mete paj sa a ajou: 10 des 2025