Hesperian Health Guides

Kisa pou n fè si n sibi kadejakk

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Eksperyans chak fanm fè nan koze kadejak pa menm ak eksperyans pa lòt fanm. Men gen kèk bagay nou tout dwe fè pou n reprann nou apre yon eksperyans konsa. Pou kòmanse, fòk nou chèche reponn kesyon sa yo:

Pa mete reskonsablite a sou tèt nou. Nou pa t merite yo fè kadejak sou nou. Nou pa t fè anyen ki ba yon sanzave dwa fòse n kouche avè l.

  • Kiyès nou ka mande konkou?
  • Èske nou vle al lapolis?
  • Ki kote nou ka al chèche laswenyay?
  • Èske nou vle fè yo arete kadejakè a pou yo jije l?


Lè viktim nan se yon moun nou konnen

a woman touching and speaking to a sad-looking woman
M kwè ou. Se pa fòt ou. M ap ede ou.
  • Montre l nou konnen se pa fòt li. Se pou n fè solidarite ak li. Ede l deside sa l dwe fè. Fè l konnen l ap toujou ka kontinye viv nòmalman..
  • Si l pa vle mete zafè l nan lari, fòk nou respekte sa.
  • Pa rakonte ankenn lòt moun koze a sèl si se li menm viktim nan ki vle sa
  • Mennen viktim nan kay travayè sante, nan lapolis, kay yon sikològ, kay avoka, oubyen nan tribinal, si l vle fè sa.
  • Si n konn kadejakè a, pa pwoteje l. Vakabon konsa se danje pou tout fanm k ap viv nan kominote a.

Si n ap pran desizyon pou n sèvi ak lalwa fòk nou fè l ak tèt repoze.

  • Èske n ap jwenn yon moun k ap mennen n lapolis?
  • Èske lòt fanm nan kominote a ki sibi kadejak konn jwenn sipò nan lajistis?
  • Èske n vle koze a rete sekrè? Èske lapolis ka anpeche lòt moun jwenn enfòmasyon sou kadejak la?
  • Èske moun ki fè kadejak la te fè n menas pou l maspinen nou plis ankò, si n pote plent?
  • Si yo reyisi arete moun ki fè kadejak la epi nou ka bay prèv li fè zak la toutbon vre, ki kalite kondanasyon l ap jwenn?

Si n pa ka jwenn ankenn travayè sante ki ka ban n laswenyay, se pou n suiv konsèy anba. Enfòmasyon sa yo ap ede n pwoteje tèt nou kont kèk nan pwoblèm nou ka genyen yo oubyen y ap ede n trete yo.


Si n vle al lapolis, fòk nou fè sa touswit apre n fin sibi kadejak la. Pa pwòpte kò nou epi mete rad ki te sou nou yo nan yon sak. Al lapolis ak sak la. Mak ki sou kò nou ansanm ak rad yo ap sèvi n kòm prèv. Mande yon zanmi pou l ale avè nou. Lè n rive lapolis la, se pou n mande pou yo fè yon travayè sante konsilte nou, si sa posib.

Si n pa vle al lapolis oubyen si n pa ka ale touswit, se pou n al wè yon travayè sante kanmèm - menm si nou pa t pran twò gwo chòk. Fè travayè sante a konnen nou sot sibi yon kadejak. Fòk li konsilte n pou l wè si n pa blese oubyen si n pa gen mak kou sou nou. Fòk li ban n kèk medikaman tou kont gwosès ak MST. Mande travayè sante a pou l ekri sou yon fèy papye tout rezilta konsiltasyon an. Pou lapolis ak lòt moun nan kominote a, se sa k ap sèvi kòm prèv kadejak la.

Plis enfòmasyon
Metòd planin ki fèk parèt
MST

SI N PRAL LAPOLIS

a female police officer meeting with two women in an office
Gen kèk peyi kote medam yo te travay ansanm ak lapolis pou yo te ka jwenn kèk polis fanm ki resevwa fòmasyon espesyal pou yo ka ede fanm ki sibi kadejak ak lòt fòm vyolans.

Toujou mache ak yon moun ak nou lè n pral lapolis.

Yo fè krim prèske tou patou sou latè. Men pou n bay prèv yo fè kadejak sou nou, sa ka pran anpil tan e sa ka difisil anpil pou nou. Lapolis ap poze n kesyon sou sa k te pase a. Si n konn kadejakè a, di polis yo ki moun li ye. Si n pa konnen l, se pou n bay kèk enfòmasyon sou fòm tèt li ak sou fòm kò l. Nou kapab byen oblije akonpaye lapolis, lè yo pral dèyè malandren an. Yo ka mennen nou lakay yon doktè k ap travay nan domèn lajistis. Doktè sa a ki travay ansanm ak lapolis pa gen pou l ban n laswenyay, travay li se chache prèv kadejak la.

Si yo poze lapat sou moun ki fè kadejak la, n ap gen pou n lonje dwèt sou misye swa devan lapolis, swa devan yon jij. Si gen jijman nan tribinal, fòk nou chache yon avoka ki te fè eksperyans deja nan defann fanm ki sibi kadejak. Avoka sa a ap eksplike nou ki jan sa ka pase epi l ap prepare pwosè a ansanm avè n. Toujou mennen yon lòt moun avè n. Jijman nan tribinal kont yon nèg ki fè kadejak pa janm dous pou fanm ki viktim nan. Lè n ap rakonte sa k te pase a, nou ka santi n ap sibi vyolans kadejak la nan tout kò n, yon lòt fwa ankò. Se pa tout moun k ap konprann nou. Gen kèk moun ki gen dwa menm vle kondane nou oubyen yo gen dwa di se manti n ap bay.



Nou te mete paj sa a ajou: 10 des 2025