Hesperian Health Guides

Ann travay pou chanjman

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

Se bondye k te vle l konsa

Se jan soyete yo òganize ki fòse pifò medam yo viv nan malsite epi san lasante. Men sosyete yo ta ka òganize yon lòt jan, kote lasante t ap gen plis chans pou l fè 2 pwen sou maladi.

Kòm nou jwenn rezon ki fè pa gen sante nan nivo fanmi, nan nivo kominote a ak nan nivo nasyonal, chanjman dwe fèt nan 3 nivo sa yo pou fanm ka gen chans fè sante yo vin miyò.

Travay pou chanjman nan fanmi ou

W ap ka amelyore sante w, lè w chèche konnen pwoblèm sante ki konn frape medam yo, lè w fè chanjman nan fason w ap viv, lè w ankouraje fanmi ou chanje fason l ap viv. Pale ak mari w sou sa nou tou 2 bezwen pou n ka viv pi an sante. Pa bliye koze pwotèj nan relasyon seksyèl yo ansanm ak kesyon “youn ede lòt” nan travay lakay la. Ou ka travay tou pou w amelyore sante ak avni timoun yo. Men kèk lide:

Travay pou chanje kominote a

Paske reyalite sosyal la pa frape fanm ak gason menm jan, pou yon menm pwoblèm sante, nou gen dwa bezwen 2 solisyon, youn pou fanm, youn pou gason.

W ap ka amelyore sante w ansanm ak sante lòt fanm nan kominote a, lè w fè yo konnen liv sa a, lè w fè ti chita tande ak yo sou pwoblèm sante fanm.

Li gen dwa difisil pou yon moun pale ak lòt moun. Anpil fwa, medam yo santi yo wont (paregzanp, nan kozman sou pati nan kò yo) oubyen yo konn gen laperèz akòz sa lòt moun pral di. Men se sèlman nan chita tande nou ka rive konprann pwoblèm sante yo epi dekouvri ki sa ki lakòz yo. Anpil fwa, w ap sezi wè fanm ki anfas ou a gen menm tèt chaje avè w sou menm pwoblèm yo e li byen kontan fouye zo nan kalalou ansanm ak ou.

Ou ka fòme yon ti gwoup fanm pou w òganize diskisyon sou pwoblèm sante nan kominote a. Eseye envite fanm ki byen ak zanmi w, vwazin ou yo ansanm ak fanm ki nan travay ou. Yon fwa nou fin wè yon pwoblèm sante ki frape anpil fanm, l ap pi enteresan pou n òganize lòt reyinyon kote n ap envite lòt moun pou n pale de pwoblèm nan epi vin konnen plis bagay sou sa. Nan chak reyinyon, fòk nou brase lide sou manman rezon ki lakòz pwoblèm sa yo epi chèche wè ki chanjman nou dwe fè nan fanmi nou ak nan kominote a. Nap wè ki jan pou nou kalkile epi kijan pou nou òganize aksyon nou pou nou chanje kominote a.


a small group of women talking together in a village
Nan yon reyinyon ak yon ti gwoup fanm, nou ka aprann plis bagay sou yon pwoblèm sante epi nou ka chèche solisyon nan tèt ansanm.
Mezanmi, se pa ti doulè m gen nan do! M tèlman monte mòn nan ak yon bokit dlo sou tèt mwen! Dapre travayè sante a, m pa t dwe ap plede pote chay lou pandan mwen ansent lan. Se sa k te fè manzè Mari fè fos kouch. Men, si m pa fè sa, ki jan n ap fè gen dlo lakay?
Se pa pwoblèm fanm ansent sèlman! Mwen menm tou, do m ap fè m mal toutan. Kounye a, papa, m oblije fè mari m kòmanse ede m bwote dlo.
Mwen menm, m te al vizite sè m nan, lòt jou. Nan katye kote l rete a, moun yo fè presyon sou lakomin pou l mete tiyo toupre kay yo. Kounye a, sè m pa gen pou l al chèche dlo byen lwen ankò. Epi se tout fanm nan katye a ki kontan.
Nou ta ka pètèt òganize n tou pou n fòse lakomin fè menm bagay la pou nou. Men fòk nou jwenn anpil moun pou n ka bay bon jan presyon. Fòk nou ta konnen tou ak kiyès pou n pale. Fòk nou ta deside ki kote nou vle yo mete tiyo yo.
Bon! Nou ta ka pale ak Ti Dyo. Misye se pwofesè, tout moun respekte l. Siman, li ka bann kout men.
a small group of women and men standing together, smiling

Chèche kijan nou ka asosye gason yo menm jan ak medam yo nan tout diskisyon sou kesyon sante fanm. Pale sou kesyon pwoblèm sante fanm ak gason ka parèt yon ti jan difisil, paske fanm pa abitye pale koze konsa ak gason (se sa yo rele yon tabou). Se “sekrè fanm”. Men, kòm gason anpil fwa gen plis pouvwa, yo ka bay gwo kout men. Chèche nèg ki vle pote kole ak fanm, nèg ki ka bay ti gason yo bon egzanp oubyen nèg ki trete medam yo menm jan yo trete lòt gason, egalego.

Men kèk lòt aktivite nou ka òganize pou n ede amelyore sante nan kominote a:

  • Fè enfòmasyon gaye toupatou. Chèche fason pou n gaye enfòmasyon sou pwoblèm sante nou rankontre pi plis nan kominote a. Konsa, tout moun ap konprann pwoblèm sa yo pi byen.
  • Fòme gwoup solidarite. Tout fanm ki gen menm pwoblèm tankou fanm ki deja sibi kadejak oubyen lòt agresyon, tout fanm k ap bay timoun tete, tout fanm ki enfim, tout travayèz seksyèl yo, ka fòme gwoup solidarite kote youn ap ede lòt pou pwoblèm yo ka jwenn solisyon.

women with small children walking toward a house, carrying some bags

Nan peyi Zimbabwe, paregzanp, yo te kreye yon pwojè ki te rele “Musasa” pou ede tout fanm ki viktim vyolans, sitou sila yo ki sibi vyolans lakay yo. Lalwa pa bay fanm k ap pran move pataswèl nan men mari yo ankenn pwoteksyon. Anpil moun te konn ap repete, wi, se konsa sa te toujou ye, se konsa sa dwe fèt, paske se koutim kominote a. Moun yo te konn di tou kèk kout baton toujou bon pou fè yon fanm rete nan wòl li.

Objektif “Musasa”, se te pou l te rive chanje atitid sa yo, ak zouti edikasyon popilè ansanm ak solidarite l ap bay medam ki sibi vyolans yo. Se konsa, jounen jodi a, “Musasa” òganize tout yon seri aktivite pou montre fanm, gason, pwofesè, etidyan, polisye ak travayè sante ki jan vyolans sou fanm se yon zak ki pa bon. “Musasa” gen pou l konstwi yon kay kote fanm ak timoun ap ka jwenn sekirite lè yo santi yo an danje.

  • Travay pou plis endepandans. Tout pwojè ki pèmèt medam yo jwenn yon ti demele pou yo antre yon ti kòb, ansanm ak pi bon kondisyon travay ap enteresan anpil, paske pwojè sa yo ka pèmèt fanm yo gen plis endepandans nan desizyon y ap pran. Sa ap ede yo bay tèt yo plis valè, sa vle di y ap renmen pwòp tèt yo pi plis
  • Mete anpil pwojè kominotè sou pye. Paregzanp, chèche mwayen pou ede tout fanmi yo jwenn moso manje pou yo manje oubyen chèche mwayen pou regle pwoblèm sanitasyon ak pwoblèm dlo potab nan kominote a..

a woman weaving on a loom
Nan yon ti bouk peyi Gwatemala, kote endyen Maya yo ap viv, gen yon gwoup fanm ki fonde yon asosyasyon atizan. Yo vann yon koperativ nan kapital la pwodui yo (kidonk twal) Koperativ sa a espesyalize l nan distribisyon pwodui atizanal fanm fabrike. Kounye a, medam yo antre plis kòb pase prèske tout gason k ap viv nan kominote a. Rezilta: medam yo jwenn plis respè nan fanmi yo ak nan kominote yo epi yo jwenn plis opòtinite nan lavi yo.

a row of trees near a small house

“Green Belt” nan lang angle vle di: “Senti vèt”. Gen yon mouvman nan peyi Kenya ki pote non sa a. Mouvman sa a antre yon bann medam nan aktivite plante epi pwoteje pye bwa. Operasyon sa a pwoteje tè yo kont ewozyon epi li pèmèt moun jwenn kèk ti moso bwa pou yo kwit manje. Siksè medam yo ranpòte nan travay pwoteksyon anviwonman an ak nan distribisyon ti moso bwa bay fanmi yo, fè jounen jodi a, yo gen konfyans nan tèt yo e yo jwenn mwayen pou yo viv.


Tankou yon manm “Green Belt” di: “Nan koupe bwa tout lasent jounen pou n fè dife, forè nou yo te kòmanse depafini. Nou reyini chak semenn pou nou sanble semans, mete nan sachè, fè kloti epi swen ti pyebwa nan pepinyè nou. Nou pale sou enpòtans anviwonman ak gwoup yo ansanm ak timoun lekòl yo. Konsa n ap ede tèt nou epi n ap fè anviwonman an vin pi anfòm.”

Yon senp ti jefò ki pa koute prèske anyen ka chanje anpil bagay

Lè w fèk ap gade yon pwoblèm, anpil fwa w ap wè l difisil anpil. Men, an reyalite, san gwo depans, kominote yo gen dwa fè anpil chanjman. Paregzanp, men kèk lide nou ka jwenn nan liv sa a sou prevansyon ak solisyon pwoblèm sante fanm:

a woman speaking
Ta ka gen prevansyon oswa tretman pi bonè pou anpil pwoblèm sante fanm, si plis travayè sante te jwenn fòmasyon sou kesyon sila a.
  • kòmanse yon pwojè recho nan kominote a. Anpil fwa, medam yo konn soufri ak pwoblèm enfeksyon nan poumon, pwoblèm doulè nan do epi yap mache kankannen nan dife. Gen yon seri ti recho bon mache, san danje, ki boule mwens chabon, ki bay mwens lafimen. Lè n itilize ti recho sa yo, n ap fè prevansyon kont pwoblèm nou sot di yo.
  • òganize yon sistèm anbilans. Anpil fanm mouri akòz konplikasyon nan gwosès, akouchman ak avòtman nan move kondisyon. Nou p ap gen ka lanmò sa yo, si n rive mennen medam yo lopital rapidman.
  • depistaj kansè san gwo depans ka anpeche anpil fanm mouri ak kansè nan kòl matris ak kansè nan tete. Yo pi fasil trete yon kansè, lè yo dekouvri l bonè.
  • ede tout fanm jwenn sèvis planin familyal ak swen prenatal san pwoblèm. Si n rive fè sa, n ap rive anpeche anpil fanm mouri akòz konplikasyon nan gwosès, akouchman ak avòtman nan move kondisyon.
  • bay travayè sante yo fòmasyon sou kesyon sante fanm. Fòk yo konn fè egzamen basen, Pap tèst, enspeksyon vizyèl, aspirasyon aspiratè manyèl, egzamen tete ak akonpayman sikolojik. Yo ta dwe konnen ki jan pou yo sèvi ak medikaman nan sa ki gen pou wè ak sante fanm.

Travay pou gen chanjman nan peyi nou

Si w pote kole ak lòt gwoup k ap goumen toupatou nan peyi a, w ap jwenn amelyorasyon pou sante pa w epi w ap ede anpil lòt fanm jwenn amelyorasyon pou sante pa yo tou. Nan tèt ansanm, nou ka fòse gouvènman peyi a bay fanm ak sante fanm anpil enpòtans. Paregzanp, gwoupman kominotè yo ka fè presyon sou gouvènman peyi a pou l jije epi kondane vakabon ki ap fè kadejak ak lòt move zak sou fanm. Nou ka egzije tou pou gouvènman an konstwi klinik kote avòtman fèt nan bon kondisyon. Nou ka mande tou, pou yo vote lwa ki pèmèt fanm posede oubyen eritye yon pwopriyete – konsa fanm p ap oblije depann de gason.

Se pou nou gen plis pouvwa sou pwòp sante nou

Menm jan sante fanm vle di plis bagay pase sante matènèl, li gen plis siyifikasyon tou pase kesyon jwenn swen sante a. Pou yo viv an sante toutbon, fanm dwe gen chans pou yo pran tout desizyon ki bon pou sante yo. Yo bezwen jwenn pòsyon pa yo nan resous ki egziste nan kominote yo ak richès ki egziste sou latè.

Lè n fè tèt ansanm ak lòt fanm ak lòt gason toupatou k ap goumen pou lasante, n ap ka jwenn yon chans pou nou viv an sante, pou nou jwi lavi nou nètalkole san maladi, san doulè, san laperèz.



Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025