Hesperian Health Guides
Rezon ki fè fanm pa pen lasante
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 1: Sante fanm konsène tout kominote a > Rezon ki fè fanm pa pen lasante
MALSITE
Sou latè 2 fanm sou 3 ap viv nan malsite. Fanm ka pi vit tonbe nan malsite pase gason. Se yo menm tou ki pi pòv nan mitan moun pòv yo. Plizyè milyon fanm pran nan moulen malsite depi menm anvan yo vin sou tè a.
Kòm tibebe, yo te fèt touzwit poutèt fanm ki mete yo sou tè a, pa t jwenn ase manje lè li te ansent. Konsa, yo te mal pou devlope. Nan fanmi pòv kote medam sa yo grandi, se frè yo ki te gen plis chans jwenn ase manje, sa ki pral ralanti devlopman medam yo pi plis ankò. Lè yo vin majè, yo blije fè ti travay ki pa mande kalifikasyon paske paran yo oubyen pa t kite yo rete lekòl, oubyen pa t mete yo lekòl ditou. Konsa, yo touche mwens kòb pase mesye yo, menm lè yo tou 2 ap fè menm travay la. Mete sou sa, yo pa touche 5 kòb pou tout bourike yo bourike lakay yo chak jou. Gwo fatig, malnitrisyon, swen sante yo pa jwenn pandan gwosès mete sante fanm yo ak sante pitit yo andanje

Malsite ka fòse yon fanm viv nan move kondisyon ki ka lakòz anpil pwoblèm sante fizik tankou mantal. Paregzanp, anpil fwa fanm pòv:
- blije viv nan vye kay kote pa gen ni twalèt ni dlo potab.
- pa jwenn ase manje pou yo manje e yo blije pèdi yon bann tan pou yo chèche mezi lajan yo bezwen.
- blije aksepte travay nan move kondisyon oubyen travay san pran souf pandan lontan.
- pa gen mwayen pou y al pran swen sante, menm lè yo jwenn li gratis, poutèt travay yo ak fanmi yo ki pa ba yo tan.
- tèlman yap debat ak lavi a, yo pa gen ni tan ni enèji pou yo okipe zafè yo, òganize lavi yo, epi mete lespri yo anfòm.
- jwenn moun ki rann yo reskonsab malsite yo e fè yo santi yo gen mwens enpòtans pase moun ki gen plis lajan.
Anpil fwa, Malsite fòse medam yo antre nan yon seri relasyon kote lavi yo depann de gason. Si lavi yon fanm ak lavi pitit li depann de yon nèg, li ka sètoblije fè tout yon seri bagay ki fè kè nèg la kontan, men ki reprezante danje pou li menm, fanm. Li ka paregzanp, kite nèg la fè vyolans sou li oubyen fòse l antre nan relasyon seksyèl san pwoteksyon, pou l pa pèdi pen kotidyen l.
Yo pa bay fanm valè
(mank konsiderasyon pou fanm)

Lè yo bay yon moun valè, yo rekonèt enpòtans li nan fanmi li ak kominote a. Se valè yo bay yon fanm ki fè yo trete l tèl ou tèl fason, pèmèt li mennen tèl kalte aktivite, kite l pran tèl desizyon. Nan prèske tout kominote sou latè, yo bay fanm mwens valè pase gason. Se sa ki ekpliske egzistans diskriminasyon kont fanm - sa vle di lè yo manke fanm respè e lè yo pa rekonèt dwa l pou l fè yon aktivite poutèt se fanm li ye. Chak kominote ka fè diskriminasyon nan fason pa l, men mank dega sa a toujou aji sou sante fanm yo.
Moun pi pito pitit gason pase pitit fi. Anpil fanmi ba pitit gason plis valè pase pitit fi, paske pitit gason pi vit mete sou richès fanmi an, ede paran yo lè yo sou baton, òganize seremoni dèy apre lanmò paran yo. Epi se pitit gason yo ki pèmèt siyati fanmi an kenbe. Se nan konsa, mòd fanmi sa yo sevre pitit fi yo pi bonè, yo ba yo mwens manje, yo retire yo lekòl byen bonè oubyen yo pa voye yo lekòl ditou.
Mwatye moun k ap viv sou latè se fanm, men sou chak 3 è d tan travay ki fèt se fanm ki fè 2 è d tan ladan yo. Sou chak 10 goud moun touche, se 1 goud sèlman yon fanm touche; sou chak 100 pwopriyete ki sou latè, se yon sèl ladan yo ki pou fanm.
Lalwa pa tèlman rekonèt dwa fanm genyen ni pouvwa pou yo pran yon seri desizyon. Nan anpil kominote, yon fanm pa gen dwa ni posede oubyen eritye yon pwopriyete, ni travay pou fè lajan, ni jwenn kredi. Si fanm nan divòse, li pa gen dwa kontinye rete ak pitit li epi li pèdi tout sa l te posede. Menm nan peyi kote lalwa bay yon fanm kèk dwa, tradisyon kominote a konn anpeche l gen kontwòl sou pwòp vi pa l. Anpil fwa, yon fanm pa ka deside ki depans ki pou fèt nan fanmi an oubyen ki lè li menm, li bezwen swen sante. Li pa ka patisipe nan desizyon kominote a san pèmisyon mari l.
Lè medam yo pèdi tout kapasite yo, nan eta sa a, se tout lavi yo ki vin sou kont mouche gason. Kòm rezilta: yo pa gen chans pou yo chèche amelyore sante yo. Paregzanp, planin familyal, pwoteksyon nan relasyon seksyèl, manje byen ak swen sante. Mete sou sa yo pa ka libere tèt yo anba vyolans.
Anpil pitit oubyen gwosès youn dèyè lòt Pou yo pwoteje tèt yo kont diskriminasyon, medam yo konn prefere ansent toutan, paske se sèlman lè yo nan eta sa a, yo jwenn moun ede yo pi vit, ba yo kout men, oubyen mari yo vin ba yo plis valè.
Tout bagay sa yo montre n ki jan lavi fanm pi difisil nan sa k gen rapò ak lasante e ki jan tou, fanm pi mal pou jwenn swen sante. Anpil fwa, medam yo kwè yo pa gen valè tout bon, paske, depi lakay paran yo, yo aprann bay tèt yo mwens valè pase gason. Yo ka menm rive kwè li toutafè nòmal pou yo pa fin an sante. Konsa, se sèlman lè y ap soufri ak yon maladi ki grav anpil oubyen lè fyèl yo prèske fin pete, yo deside mande konkou.
Sistèm sante a pa gen solisyon pou pwoblèm fanm
Malsite ak diskriminasyon kit se nan fanmi yo, kit se nan kominote a, bay medam yo plis pwoblèm sante. Men se pa sa sèlman. Yo anpeche sistèm sante a mache kòmsadwa, yo fèl pa ka bay tout sèvis medam yo bezwen. Politik gouvènman yo ansanm ak oryantasyon ekonomik ki genyen nan lemond vin mete abse sou klou.
Nan peyi pòv yo, anpil moun pa jwenn swen sante ditou. (Nan tèks ankadre ki pi ba a, n a jwenn youn nan rezon ki fè pwoblèm sa a vin pi malouk, nan dènye ane sa yo.) Met sou sa, diskriminasyon kont fanm p ap ankouraje leta depanse lajan ki nan kès li pou l regle pwoblèm sante fanm. Konsa, yon fanm gen dwa pa ka jwenn swen sante, menm lè l ka peye pou sa. Kèk sèvis sante repwodiksyon ka egziste, men pou yon fanm regle tout lòt pwoblèm sante li genyen, l ap sètoblije pati nan kapital la oubyen ale nan peyi etranje.
Nan anpil peyi, yo konsidere koze sante fanm nan kòm yon branch “espesyal” e se doktè sèlman ki okipe sa. Alòske sèvis sa yo t ap koute mwen chè, si yo te annik fòme kèk travayè sante kominotè.