Hesperian Health Guides

Fanm pi vit pou yo pa gen lasante

Nan chapit sa a, n ap jwenn:
Yon bò, kò fanm pa fèt menm jan ak kò gason; yon lòt bò, sosyete a bay fanm mwens valè (inegalite) pase gason. Pou tèt sa, medam yo pi fasil pou yo pa gen sante. Men kèk nan pwoblèm sante ki frape fanm anpil fwa:

Lè yon fanm pa byen manje, li p ap rive devlope nòmalman. Sa ka lakòz gwo pwoblèm sante.

Pwoblèm mal manje

Malnitrisyon se youn nan pwoblèm sante nou jwenn kay medam peyi pòv yo e se youn nan pwoblèm sante ki donmaje yo pi vit. Sitiyasyon sa a kòmanse depi nan timoun: anpil fwa, yon ti fi jwenn mwens manje pase yon ti gason. Rezilta: li mal pou grandi e zo nan kò l pa devlope nomalman (sa k fè, lè l gran li ka gen gwo pwoblèm nan akouchman). Pwoblèm sa a vin pi malouk, lè l kòmanse tounen yon jenn fanm, paske, lè sa a, li bezwen plis kantite bon manje daprèzavwa travay li ogmante. Li toujou gen menm pwoblèm lan, lè l kòmanse gen règ chak mwa, lè l vin ansent epi apre, lè li ap ba timoun tete.

Si li pa byen manje, li gen dwa kòmanse soufri ak tout kalte maladi, tankou fatig tout lasent jounen, feblès ak anemi. Yon fanm mal nouri ki vin ansent, pi vit gen konplikasyon grav nan akouchman, tankou emoraji grav, enfeksyon, oubyen tibebe a gen dwa fèt tou zwit.

one woman talking to another
Travayè sante a di m fòk mwen ta bwè plis lèt epi fòk mwen ta manje anpil fèy (legim vèt). Men, mwen blije sere tout lèt la pou mari m ak pitit gason mwen an. Kanta legim, nou pa gen kòb pou achte sa.

Nou pa ka separe sante yon fanm ak privilèj li dwe jwi nan sosyete a. Nan peyi End, prèske toupatou nan zòn andeyò yo, fanm dwe bwè mwens lèt pase mari yo ak pitit gason yo. Epi se sèlman lè mesye yo fin manje, medam yo gen dwa pran moso manje pa yo a. Se sa k fè, an jeneral, fanm yo pa manje byen. Sitiyasyon sa a montre nou ki valè yo bay fanm nan yon sosyete konsa.


CHETNA, Ahmedabad, Peyi End

Pwoblèm nan domèn sante repwodiksyon

Maladi moun pran nan sèks (MST) ak VIH/Sida. Yon fanm, akòz jan kò li bati, ka trape MST ak Sida pi vit pase yon gason. Kòm jèm gason an rete andedan kò fanm nan, mikwòb jèm sa a pote ka pase san pwoblèm nan kanal yon fanm jouk yo rive nan san li. Anpil fwa, fanm nan gen dwa pa wè siy enfeksyon an touswit. Se konsa tou li ka rete san tretman.

MST se yon pwoblèm sosyal, paske, anpil fwa, medam yo oblije antre nan relasyon seksyèl san pwotèj, san yo pa dakò.

Men, an reyalite, pwoblèm sa a, se yon pwoblèm sosyal. Anpil fwa, fanm yo pa tèlman gen kontwòl sou kijan y ap fè sèks. Anpil fwa tou, yo pa ka refize fè sèks san pwotèj. Rezilta: chak ane, gen 165 milyon fanm ki trape yon MST e te gen, pou ane 1995 nan sèlman, 1 milyon 650 mil fanm ki te trape sida. San tretman, MST ka lakòz gwo doulè ki ka donmaje yon fanm, move maladi tankou: basen anfle, esterilite, pwoblèm pandan gwosès ak danje kansè nan matris. Kanta pou VIH/Sida menm, se touye l touye w kareman.

a pregnant woman with six children

Gwosès youn dèyè lot. Anpil kote sou latè, yon fanm sou 2 oubyen 3 fè pitit anvan li gen 20 lane. San planin familyal, anpil nan fanm sa yo p ap gen tan reprann fòs anvan yo vin ansent ankò. Sitiyasyon sa a ka lakòz gwo danje pou sante fanm lan, ansanm ak konplikasyon grav, kit se pandan gwosès, kit se pandan akouchman. Akouchman youn dèyè lòt anpeche fanm nan gen kapasite pou l kontwole lavi pa li, pou l chache bay tèt li edikasyon, pou l chache aprann yon bagay ki ka itil li.

Chak minit, gen yon fanm ki pèdi lavi li akòz yon pwoblèm ki makònen ak gwosès

Konplikasyon nan gwosès ak akouchman. Nan dènyè 30 lane ki sot pase yo, mòtalite enfantil la bese anpil. Men, pousantay fanm ki mouri pandan gwosès ak akouchman pa vin pi ba. Chak minit, gen yon fanm ki pèdi lavi li akòz pwoblèm ki mache ak gwosès e ki p ap jwenn solisyon rapid. Sa vle di, konplikasyon gwosès ak akouchman bay anviwon yon ka nan tout fanm k ap viv nan peyi pòv yo gwo pwoblèm.

Avòtman nan move kondisyon. Lè yon fanm fè yon avòtman nan move kondisyon pou l fini ak yon gwosès, se ak lavi li, l ap jwe. Men chak jou, se sa 50 000 fanm osinon ti demwazèl fè, paske yo pa gen mwayen pou yo fè yon avòtman san danje. Anpil ladan yo vin paka fè pitit oubyen yo rete ak gwo doulè, enfeksyon ak lòt pwoblèm sante pou anpil tan.

Eksizyon. Eksizyon, ki yon operasyon kote yo koupe yon moso (klitoris) oubyen tout kote ki parèt aklè nan pati siperyè yon fanm, reskonsab anpil pwoblèm sante grav. Nan pwoblèm sa yo, nou jwenn yon seri enfeksyon nan basen ak nan sistèm irinè fanm lan, yon seri pwoblèm seksyèl, pwoblèm sikolojik ak pwoblèm pandan akouchman. Men, malgre pwoblèm sa yo, fanm kontinye ap sibi operasyon sa a anpil kote sou latè. Se konsa chak ane, anviwon 2 milyon timoun, sitou an Afrik, men tou nan Mwayennoryan ak ann Azi, viktim akòz eksizyon an.

Pwoblèm sante an jeneral

Plis enfòmasyon
alkòl ak lòt dwòg

Akòz travay medam yo ap fè, akòz yo mal manje epi paske yo blije fatige kò yo twòp, medam yo trape yon seri maladi pi vit pase gason. Dega yon maladi ka fè sou yon fanm konn diferan ak dega menm maladi sa a fè sou yon gason. Paregzanp, lè yon fanm soufri ak yon maladi ki delala l oubyen defigire l, mari li gen dwa abandone l.

Anpil maladi atake ni fanm ni gason, men yo frape medam yo yon lòt jan.

Lè yon fanm vin malad, li pi mal pou l chèche oubyen jwenn tretman, toutotan maladi a pa prèske fin pete fyèl li. Paregzanp, atake san rete, ni fanm, ni gason, men gen mwens fanm ki jwenn tretman. Gen prèske 3000 fanm ki pèdi lavi yo chak jou ak maladi tibèkiloz. Ladan yo, youn sou 3 pa t rive jwenn bon jan tretman oubyen pa t menm konnen si l te TB. Lontan, gen yon seri lòt maladi ki te plis konn atake gason, men, jounen jodi a, yo reprezante gwo danje pou medam yo. Paregzanp, maladi moun trape lè yo fimen oubyen lè yo bwè twòp tafya.

Malè pandye ki menase fanm yo nan travay yap fè


a woman working in a rice paddy

Yon fanm rankontre danje nan travay li, tankou lakay li. Travay san pran souf pandan lontan ak kesyon “doub jounen travay la” ka rann li twò fatige pou l goumen kont maladi.

, yo rankontre yon bann danje pou sante yo. Fanm trape maladi poumon pi fasil akòz lafimen dife y ap respire nan kuit manje. Espesyalis yo konsidere maladi sa yo kòm pi gwo pwoblèm sante fanm yo trape nan travay y ap fè. Anpil fwa, medam yo konn trape maladi nan dlo, paske yo pase anpil tan ap lave rad, bwote dlo oubyen travay nan marekay.

Plizyè milyon travayèz ki kite lakay yo pou y al travay deyò viktim yon bann pwoblèm sante akòz move kondisyon travay ki egziste kote y ap vann fòs kouray yo a. Lè yo tounen lakay yo, an jeneral, yo blije kontinye bourike. Kidonk se doub travay yo fè pou yon jounen. Sitiyasyon sa a fin fè yo delala e konsa, yo vin gen mwens fòs pou yo reziste anba maladi.

Pwoblèm sante mantal

Fanm ak gason gen menm chans pou yo devlope yon pwoblèm sante mantal. Men, gen plis fanm pase gason ki viktim anba gwo depresyon. Anpil fwa, se fanm k ap viv nan malsite, fanm ki an dèy, fanm ki sibi vyolans, fanm ki wè kominote yo depatya oubyen vire lanvèlandwat, ki deprime nan eta sa a. Medam ki soufri ak pwoblèm sante mantal yo gen mwens chans pase mesye yo, pou yo rive jwenn moun ede yo.

An jeneral, fanm yo sibi vyolans anba men nèg yo konnen. Men nan prèske tout ka vyolans yo, pa gen plent e malpouwont k ap maltrete fanm yo pa resevwa ankenn pinisyon..

Plis enfòmasyon
Kadejak ak agresyon seksyèl

Vyolans

Anpil fwa, yo pa konsidere vyolans tankou yon pwoblèm sante. Men tout moun konnen vyolans ka lakòz move blese, pwoblèm sante mantal, domajman ak menm lanmò. Anpil jenn fanm sibi agresyon seksyèl anba men gason nan fanmi yo oubyen anba men zanmi gason yo genyen. Gen anpil gason ki gen abitid fòse madanm yo kouche ak yo, gen anpil ki maspinen madanm yo. Kadejak ak agresyon seksyèl toujou la kòm malè pandye pou tout fanm. Mòd vyolans sa yo, nou jwenn yo toupatou sou latè ak nan tout kouch moun nan sosyete a.

a man beating a woman while two scared children watch

Fòk nou pa bliye nan prèske tout ka, vyolans ki fèt sou medam yo, yo pa pote plent paske anpil fwa se yo menm menm lapolis ansanm ak rès sosyete a akize. Se yon lè konsa malpouwont k ap maltrete fanm yo jwenn pinisyon yo merite.




Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025