Hesperian Health Guides

Chapit 1: Sante fanm konsène tout kominote a

SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 1: Sante fanm konsène tout kominote a

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

four women discussing the information on a sheet of paper


Sa yo rele "Sante Fanm"?

Lè yon fanm an sante, li gen fòs ak enèji pou l fè travay li gen pou l fè chak jou, pou l jwe pakèt wòl li gen pou l jwe nan fanmi li tankou nan kominote a, epi pou l bati bon jan relasyon ak lòt moun. Nou kapab di: sante yon fanm gen gwo konsekans sou tout domèn nan lavi li. Malgre sa, depi lontan, “swen sante pou fanm” te prèske vle di menm bagay ak swen matèno-enfantil, tankou swen yon fanm kidonk resevwa lè li ansent ak apre akouchman. Sèvis sa yo nesesè, men se bezwen fanm yo genyen kòm manman sèlman yo okipe. Lè n gade byen, si n mete kesyon fè pitit la sou kote, yo pat janm fè ankenn diferans ant bezwen sante yon fanm ak bezwen sante yon gason.

Nan liv sa a, n ap gade koze sante fanm nan yon lòt jan. Premyèman, nou kwè chak fanm gen dwa pou l jwenn tout swen sante l bezwen pandan tout lavi li. Swen sante sa yo ta dwe kore yon fanm nan tout domèn nan lavi li - e pa sèlman lè l ap jwe wòl li kòm madanm oubyen kòm manman. Dezyèmman, nou kwè sante yon fanm pa chita sèlman sou jan kò li fèt. Kondisyon sosyal, kondisyon kiltirèl ak kondisyon ekonomik, kote l ap viv la aji sou sante li tou.


Lè Yon fi an sante, sa pa vle di l ap viv san maladi. Yon fi ki an sante gen yon kò ki anfòm, yon tèt ki anfòm ak yon lespri ki dyanm.

a woman and girl standing in a doorway while a man rides a tractor nearby

Menm si kondisyon sa yo aji sou sante gason tou, fò n pa bliye fanm kòm yon gwoup pa resevwa menm tretman ak gason. An jeneral, fanm yo gen mwens pouvwa, mwens resous, epi fanm yo jwenn mwens respè nan fanmi yo ak kominote kote y ap viv la fè sitiyasyon enjistis sa a:

  • gen plis fanm ki nan mizè pase gason
  • gen plis fanm pase gason ki pa rive jwenn edikasyon ak konesans pou yo ka ede tèt yo
  • gen plis fanm pase gason ki pa rive jwenn ni enfòmasyon enpòtan sou lasante ni swen sante
  • gen plis fanm pase gason ki manke kontwòl sou kelkeswa desizyon ki gen rapò ak sante yo


Lè nou gade l konsa, nou rive konprann rasin pwoblèm sante k ap brase bil medam yo. Pou sante fanm vin miyò, fok pwoblèm sante yo regle, se vre, men tou fòk kondisyon lavi yo chanje, pou yo vin gen plis pouvwa sou sa k konsène sante yo.

Lè sa rive fèt, l ap bon pou tout moun kit se fanm kit se fanmi li, kit se kominote a. Yon fanm ki an sante gen chans pou l bay tout rannman li ka bay. Mete sou sa, l ap fè timoun ki pi an sante, l ap ka pran swen fanmi li pi byen e l ap ka sèvi kominote a pi byen. Se sa ki fè n konprann pwoblèm sante yon fanm pa pwoblèm pa l sèlman. Sante fanm konsène tout kominote a.


Nou te mete paj sa a ajou: 29 me 2025