Hesperian Health Guides
Ann travay pou chanjman
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 2: Solisyon pwoblèm sante yo > Ann travay pou chanjman
Ann chèche rasin pwoblèm yo
Valerya dakò pwoblèm Wanita a poko fin regle, paske sitiyasyon ki te fè l trape maladi a egziste toujou. Li pwopoze medam yo pou yo jwe yon ti jwèt ki rele “Men poukisa....?”. Ti jwèt sa a ap ede tout moun konprann sitiyasyon ki te lakòz pwoblèm la. Valerya fè medam yo fè yon wonn ak li epi li mande yo pou yo eseye reponn kesyon sa yo:
Valeria gathered the women in a circle, and asked them to try and answer her questions:

Lè medam yo fin site yon lis rasin byen long, Valerya mande yo pou yo rasanble rasin yo gwoup pa gwoup. Kon sa, y ap wè ki diferan mòd sitiyasyon ki lakòz pwoblèm sante yo pi fasil:
Rasin fizik yo: jèm oubyen parazit oubyen tout pati nan kò a ki pa mache byen oubyen eleman kò a manke.
Rasin ki mache ak pwoblèm anviwònman: sitiyasyon nan lantouraj la ki reprezante danje pou kò a, tankou lafimen kwizin, lè manke dlo potab oubyen lè, yon kote, twòp moun ap viv nan move kondisyon (pwomiskuite).
Rasin sosyal yo: Rapò ant diferan moun. Nou jwenn tou ladan yo atitid, koutim ak kwayans.
Rasin politik ak rasin ekonomik yo: Rasin ki gen rapò ak zafè pouvwa - ki moun k ap dirije e kijan -, zafè lajan, zafè tè ak resous - ki moun ki genyen? - Ki moun ki pa genyen?
Lè medam yo fin rasanble tout rasin pwoblèm Wanita a gwoup pa gwoup, men sa yo jwenn:

Ann òganize n pou n regle pwoblèm sante kominote a
Daprè sa Valerya di medam yo, se pou, kounye a, yo gade tout rasin pwoblèm nan, pou yo wè ki yès pami rasin sa yo, yo menm ak lòt moun nan kominote ka koupe. Answit, se pou yo reflechi pou yo wè ki aksyon yo dwe fè pou yo ka jwenn chanjman yo vle a.
Wanita ak Souyapa panse yo ka rive fè mari yo sèvi ak kapòt si mesye yo te gen plis konesans sou MST yo, e si, mete sou sa, kapòt pa t koute chè konsa. Men aksyon yo te deside mennen:

- Fòme yon gwoup nan kominote a ki la pou l òganize rankont sou pwoblèm sante yo, ladan yo MST yo tou.
- Lè medam yo chita ap lave bò rivyè, nou ka pwofite pale ak yo sou kesyon MST yo ak sou kijan pou yo fè prevansyon kont maladi sa yo.
- Nou ka enfòme pitit gason nou yo sou MST yo anvan yo pati al travay nan plantasyon.
Dènye etap la, daprè Valerya, se pou medam yo fè yon plan pou aksyon yo. Plan sa a, toujou daprè Valerya, dwe gen repons pou kesyon sa yo:
- Kisa nou pral fè? Ki etap n ap mete?
- Kilè nou pral fè bagay sa yo?
- Ak ki yès nou pral fè yo?
- Ki materyèl n ap bezwen?
- Kiyès k ap veye pou l wè si n ap egzekite plan an?
- Kijan n ap fè evalyasyon, pou n wè si plan an ap bay rezilta?

Men yon tablo ak lis tout etap yo k ap ede w suiv menm metòd sa a pou w regle pwoblèm sante pa w. Sou bò gòch la, w ap wè etap yo, sou bò dwat la, w ap wè istwa Wanita a moso pa moso. Chak fwa ou gen yon pwoblèm sante, ou gen dwa gade tablo sa a, pou w rafrechi memwa w sou metòd sa a ki ka pèmèt ou reflechi epi òganize aksyon w ap fè pou w ka jwenn yon solisyon.
Etap Yo | Istwa Wanita A | ||
---|---|---|---|
1. | Okòmansman poze tèt nou kesyon. | 1. | Wanita kòmanse wè pati siperyè l ap bay yon likid ki pa nòmal. Li gen doulè tou, lè l ap fè pipi. Li deside mande kèk zanmi ak yon travayè sante konsèy. |
2. | Fouye zo nan kalalou pou w ka konprann tout sa ou ka konprann sou pwoblèm lan. Poze kesyon. | 2. | Donn Pedwo poze manmzèl plizyè kesyon pou l ka chèche rasin pwoblèm lan. |
3. | Reflechi sou tout maladi depaman ki bay menm siy yo. | 3. | Donn Pedwo reflechi sou tout maladi ki bay menm siy yo. |
4. | Chèche kèk siy ki ka fè w wè ak ki maladi ou annafè. | 4. | Donn Pedwo eseye gade pou l wè si se pa yon MST ki bay Wanita pwoblèm li an. |
5. | Chwazi repons kisanble pi kòrèk la. | 5. | Donn Pedwo kwè Wanita trape yon MST. |
6. | Deside sou ki tretman ki pi bon. | 6. | Donn Pedwo chwazi yon tretman ki bon pou plizyè MST. |
7. | Si pa gen rezilta, rekòmanse ankò | 7. | Wanita bwè medikaman yo, men li pa jwenn rezilta. Okontrè, gen lòt siy ki parèt. Valerya panse se yon lòt fòm gonore Wanita genyen. Li konseye manmzèl desann lavil, kote l ka fè lòt egzamen lòt tès epi kote li ka jwenn lòt medikaman. |
8. | Chèche rasin pwoblèm lan. | 8. | Wanita ak zanmi l yo reflechi pou yo wè ki rezon ki fè yo gen fòm MST sa a nan kominote a. |
9. | Mete tout rezon ki sanble ansanm pou n ka chèche yon solisyon. | 9. | Medam yo separe rezon yo nan plizyè group: fizik, anviwònman, sosyal politik epi ekonomik. |
10. | Chèche ki rasin ou menm ak kominote w la, nou ka rache | 10. | Wanita ak Souyapa panse yo ka rive fè mari yo sèvi ak kapòt. |
11. | Deside ki. | 11. | Yo deside pou yo wè kijan pou yo pale ak mari yo sou kesyon sèvi ak kapòt la, mande Sant sante a distribiye kapòt gratis, epi mande Donn Pedwo pou l pale ak mesye yo sou kesyon MST a. |
12. | Fè yon plan pou aksyon. | 12. | Yo fè yon plan pou chak aksyon yo pral fè. |