Hesperian Health Guides

Medikaman ki pou trete enfeksyon nan matris la

Gwosès ak akouchman : Medikaman

Si yon fanm fè ti lafyèv pandan tranche a, ba li anpisilin ak jantamisin. Yo ka bay bon rezilta. Pou trete gwo lafyèv cho, oubyen enfeksyon lè li fin akouche, bay metwonidazòl an plis. Konbinezon sa a konbat anpil kalite mikwòb ki kapab lakòz enfeksyon an. Se pi bon pou nou bay piki anpisilin, sitou premye dòz la. Men si nou gen grenn sèlman, sèvi ak yo.

ANPISILIN Bay piki 2 gram. Rete tann 6 èdtan. Answit, bay piki, oubyen grenn, 1 gram chak 6 èdtan.
     AVÈK
JANTAMISIN Bay piki 5 mg pou chak kilogram pwa fanm lan, yon fwa pa jou. Si pa gen balans, bay piki 80 mg. 3 fwa chak jou.
     AVÈK
METWONIDAZÒL Bay 500 mg. nan bouch, 3 fwa pa jou Se pou malad la pran 3 medikaman sa yo jis tout siy enfeksyon an disparèt depi 48 èdtan.

Si Ii fè reyaksyon alèji ak penisilin, bay eritwomisin 500 mg. 4 fwa pa jou. Si nou pa jwenn eritwomisin, sèvi ak yon lòt konbinezon ki pou touye anpil kalite mikwòb. Sèvi ak sa nou gen sou lanmen.

Anpisilin : antibyotik ki touye anpil kalite mikwòb


(ampicilline ; ampicillin)
Anpisilin se yon penisilin ki touye anpil kalite mikwòb, plis pase lòt antibyotik nan fami penisilin. Souvan nou ka sèvi ak ni anpisilin ni amoksisilin. Lè nou li nan liv sa a kote yo di pou nou bay anpisilin, souvan nou ka sèvi avèk amoksisilin nan plas li. Men fè atansyon pou nou bay bon dòz la.

Pa genyen anpil danje nan anpisilin. Li bon anpil pou enfeksyon kay fanm ki akouche.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Anpisilin ka bay gwo anvi vomi ak dyare.

Malad la ka fasil gen yon gratèl ki leve sou tout kò li. Men si li leve glòb ak boul ki vini ale nan kèk èdtan, se byen posib se yon reyaksyon alèji lap fè. Fòk li sispann pran li. Fòk li pa janm pran li ankò. Si li ta sèvi avè l ankò, alèji a ka pi fò. Li ka menm rive touye li. Gen de fwa, nou ka sèvi ak eritwomisin nan plas li. Yon moun konn gen gratèl ak chofi ki sanble ak lawoujòl, ki leve sou kò li, 8 jou konsa apre li kòmanse pran medikaman. Li dire kèk jou. Se pa fasil se alèji li ye. Men nou pa ka sèten si se alèji oubyen non. Jeneralman, li pi bon pou moun nan sispann pran antibyotik la.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Gen de lè, mikwòb vin gen yon fòs pou kenbe tèt ak medikaman an. Pwoblèm sa a ap vin pi rèd toujou. Nan chak zòn, ka gen kèk kalite enfeksyon, tankou chigela ak estafilokòk (staphylococque), kote nou pa ka sèvi ankò ak medikaman ke nou te konn sèvi pou trete yo.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrninjectpill.png

Anpisilin bay bon rezilta lè moun pran yo nan bouch. Nou ka bay piki anpisilin, men sèlman lè yon moun gen yon maladi ki grav, tankou enfeksyon anba tivant oubyen enfeksyon nan matris la, oubyen lè lap vomi osinon li pa ka vale.

Menm jan ak lòt antibyotik, toujou bay medikaman an pandan pi piti kantite jou yo ki ekri anba. Si li poko fin refè, kontinye sou menm lanse a jis tout siy enfeksyon an disparèt depi 24 èdtan pou pi piti. Si malad la fin pran medikaman pou pi gran kantite jou, epi li toujou malad, sispann ba li medikaman an. Chache konkou doktè.

Fòs doz la chanje ak maladi a, ak laj moun malad la, osinon ak pwa kò li. Jeneralman, pou moun chetif ak moun ki pa malad grav, bay dòz ki pi piti a. Pou moun ki gwo ak moun ki malad grav, bay dòz ki pi gran an.


Pou enfeksyon nan matris la
Bay li ansanm ak lòt antibyotik.

Jantamisin


(gentamycine ; gentamycin)
Jantamisin se yon antibyotik ki fò anpil. Li soti nan fanmi aminoglikosid (aminoglycoside). Sèl fason pou bay li se ak piki nan vyann oubyen nan venn. Medikaman sa a ka donmaje ren yo epi rann moun soud. Akòz sa a, sèvi avè l sèlman nan ka ijan.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Lè nou bay piki jantamisin, fòk nou fè dòz la toutafè egzat. Si nou bay twòp, sa ka donmaje ren li. An plis, sa ka rann yon moun soud pou tout rès lavi li. Nou dwe bay li selon pwa moun lan. Pa bay li pandan plis pase 10 jou.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrninject.png

Pou trete enfeksyon nan matris la
Bay li ansanm avèk lòt antibyotik.

Metwonidazòl


(métronidazole ; metronidazole)
Metwonidazòl se yon remèd ki bon pou trete kèk kalite enfeksyon. Nou ka sèvi ak li menm sèl, oubyen ansanm ak lòt antibyotik.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Li konn fasil bay anvi vomi, lakranp, ak dyare. Si yon moun pran medikaman sa a ak manje, sa ka soulaje pwoblèm sa yo. Gen de lè, metwonidazòl bay maltèt, oubyen li ka bay yon move gou metalik nan bouch.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Fanm ansent pa gen dwa pran metwonidazòl pandan premye 3 mwa gwosès la. Sa ka donmaje tibebe ki poko fèt la. Lè li fin pase twazyèm mwa gwosès la, ak lè lap bay tete, li ta pi bon pou li pa pran li. Men si yon fanm soufri anba yon enfeksyon ki grav, epi pa gen lòt medikaman, li gen dwa sèvi avè l.

Moun pa gen dwa bwè alkòl pandan yap pran medikaman sa a, epi pandan 2 jou apre yo sispann bwè li. Sa ap bay gwo anvi vomi. Moun ki genyen maladi fwa pa dwe sèvi ak metwonidazòl.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Pou trete anpil enfeksyon, nou ka bay yon gwo dòz pandan 3 jou, oubyen youn ki pi piti soti 5 rive 10 jou. Fanm ansent dwe evite pran gwo dòz la ; se pou yo pran dòz ki pi piti a pandan 5 jou.

Pou trete enfeksyon nan matris la
Bay li ansanm avèk #wombinfectionlòt antibyotik.