Hesperian Health Guides

Bay tete

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

NWTND Newb Page 18-1.png

Si se premye pitit manman an fè, li ka bezwen yon kout men pou li aprann bay tibebe li tete. Mete li alèz. Soutni li ak dra oubyen zòrye, pou li ka chita tou dwat e byen alèz. Mande fanmi ak vizitè yo pou yo bay tinouris la yon kote prive. Fè manman an konprann tout bagay va soti byen. Lè li gen esperyans nan bay tete, l ap pi alèz.

Lèt manman an se pi bon manje pou tibebe.


Pwent tete yo ka fè manman an mal. Sa rive lè tibebe a mòde ti bout pwent tete a olye pou li foure tout pwent tete a nèt nan bouch li. Mete kò tibebe a fas a fas ak kò manman an, pou tibebe a pa oblije vire tèt li pou li jwenn tete a. Tann bouch li louvri nèt. Mete pitit la tou pre tete a. Pwent tete a, ansanm ak wonn tete a, dwe antre byen fon nan bouch tibebe a.

NWTND Newb Page 18-3.png
Pwent tete a byen fon nan bouch tibebe a
Po bouch pa anba pliye anba
Bouch la louvri laj
Tibebe a kole nan kò manman an
NWTND Newb Page 18-2.png
Konsa. Pa fè l konsa. Si tete a pa antre nèt nan bouch tibebe a, pwent tete a ka fann, oubyen li ka fè manman an mal.

Premye lèt se tankou lò k ap koule

Yon tibebe ki fèk fèt bezwen premye lèt manman an. Li rele kolostwòm. Manman an pa bay anpil kolostwòm, men se ti kantite sa a ki bon anpil pou yon tibebe ki fèk fèt. (Vant tibebe a pa ka pran plis pase kèk ti kiyè alafwa.) Kolostwòm nan kole, e li gen koulè jòn. Menm si li pa sanble ak lèt, se pi bon manje ki genyen pou tibebe a. Kolostwòm gen antikò ladann (kò a fè antikò yo pou konbat mikwòb maladi). Antikò sa yo pwoteje tibebe a pou li pa pran enfeksyon. Piga nou jete premye lèt la! Li pi bon pase tout lòt remèd nou ka jwenn. Li enpòtan anpil pou tibebe a pran tete pandan premye de jou yo, paske sa fè lèt manman an monte. Plis tibebe a tete, se plis manman an ap gen lèt.

Eske tibebe a jwenn ase lèt ?

Pa kite okenn moun fè ou kwè ke ou pa gen ase lèt pou tibebe ou, sitou pandan premye de twa jou, lè kò ou fèk kòmanse bay lèt.

Se ka lòt moun ki fè presyon sou manman an (tankou grann, matant, oubyen menm mis) ; se ka manman an ki pè paske li panse li pa gen ase lèt. Konsa manman an bay tibebe li lèt nan bwat, labouyi, oubyen lòt manje. Se lajan jete. Sa ki pi mal toujou, sa ka bay tibebe a dyare. Dyare fè li pèdi pwa, l ap vin fèb. Mete sou sa, depi yo bay tibebe lòt manje, kantite lèt manman an ap bay vin pi piti. Alèkile, manman an vin kwè tout bon vre li pa gen ase lèt pou li ka nouri ti pitit li. Si se ajan sante nou ye, nou ka mete fen ak laviwonndede sa a, ki bay gwo pwoblèm sante. Fè manman an konfyans ; fè li konprann ke li gen kapasite pou li bay tete. Montre li ki jan pou li soutni tibebe a pandan l ap tete. Men kite li aprann li menm menm ki jan sa mache—bay tete. Pale dous ak li. Pran pasyans avè l.

Ki jan yon manman ka rive gen ase lèt

  • Bay pitit la tete souvan. Plis ou ba li tete, se plis lèt ou ap monte.
  • Bwè anpil likid, epi manje ase bon kalite manje. Lè ou nouri tèt ou, se konsa ou nouri ti pitit la.
  • Dòmi kont ou epi pa fatige kò ou twòp. Lè papa a ak fanmi an bay kout men ak travay lakay, manman an ap pi alèz pou li pran swen ti pitit li.

Plis manman an bay tete, se plis lèt li ap monte tou.


Se nòmal pou yon tibebe pèdi ti pwa nan premye 8 jou lavi li. Apre sa, si tibebe a toujou ap pèdi pwa, sa fè nou konnen li pa jwenn ase manje. Epitou, tibebe yo ka pa fè pipi sou premye jou a, oubyen jis yon ti gout. Apre sa, yo dwe pipi chak kèk èdtan. Si li pa pipi ase, sa fè nou konnen li pa jwenn ase lèt. Ki sa pou fè si tibebe a tete souvan, men li pa pran pwa, ni li pa fè pipi ase souvan ? Nòmalman sa pa rive, men nou ka oblije ba li yon lòt kalite lèt. Pa ba li dlo sikre, ni dlo diri. Anvan nou achte lèt nan bwat ki pou ranplase lèt manman an, fòk nou asire ke nou gen ase lajan pou nou achte l, ak pou nou prepare li jan yo di pou nou fè li. Si nou ajoute twòp dlo, sa ka bay dyare ak lòt maladi. Pa sèvi ak bibwon. Se pa bagay fasil pou lave bibwon ak tetin, epi kenbe yo pwòp. Sa lakòz anpil enfeksyon ak dyare.

Si manman an mouri, si tibebe a separe ak manman li, oubyen si manman an vrèman pa gen ase lèt (pa fasil), fòk nou bay pitit la yon lòt kalite lèt. Nou ka mande yon lòt manman pou li ba li tete. Nou gen dwa fè tès pou VIH/SIDA anvan nou fè sa, paske tibebe yo konn pran viris nan lèt manman yo. Oubyen nou ka sèvi ak lèt bèt.

Mete ansanm :

2 mezi lèt bèf oubyen lèt kabrit
NWTND Newb Page 20-1.png
1 mezi dlo
1 gwo kiyè sik

OUBYEN
1 mezi lèt mouton
1 mezi dlo
1 gwo kiyè sik

OUBYEN
2 mezi lèt evapore (pa sèvi ak lèt sikre)
3 mezi dlo
1 ti kiyè sik

Bouyi melanj lèt la pandan yon ti moman. Mete li fre. Bay tibebe a lèt la nan gode ak yon kiyè ki pwòp.

Manman : Pou tire lèt la ak men ou

Imaj ki montre nou ki jan pou tire lèt la epi mete l nan yon bokal.

Si ou oblije al nan travay, oubyen lòt bagay oblije ou kite pitit la, ou ka tire lèt ou ak men ou. Lè ou pa la, yon lòt moun ka fè tibebe a bwè lèt la.

  1. Lave men ou byen. Lave bokal la. Si li posib, fè bouyi bokal la.
    NWTND Newb Page 20-3.png
  2. Pou fè lèt la soti, kenbe bout dèyè wonn tete a ant dwèt pous ou ak lòt dwèt yo, epi peze li dousman annaryè, nan direksyon lestomak ou. Apre sa, lache dwèt ou. Kontinye peze tanzantan, lache tanzantan, pandan dwèt yo ap fè wonn. Mete ou alèz. Sonje tibebe a pandan ou ap tire lèt la. Sa ka fè lèt la monte.

    Si li pa fè twò cho, ou ka sere lèt la pou 8 èdtan. Si ou ka mete lèt la yon kote ki fre, ou ka sere li pi lontan.

Enfeksyon chanpiyon nan bouch

NWTND Newb Page 21-1.png
Sèvi ak yon ti twal ki byen pwòp pou pase remèd la nan bouch tibebe a.

Si tibebe a gen yon bann ti tach blanch ki parèt anndan bouch li ak sou lang lan, epi tibebe a pa alèz pou li tete, se petèt yon enfeksyon chanpiyon nan bouch li genyen. Enfeksyon sa a ka pase nan pwent tete manman an ; li vin rouj, li grate li, epi li fè li mal.

Eseye lave pwent tete yo ak yon ti vinèg, epi rense yo ak dlo. Si ou pa gen vinèg, chak fwa ou fin bay tete, lave pwent tete ou ak dlo, epi seche yo. Si sa pa bay bon rezilta, badijonnen pwent tete yo ak violet de gentiane (vyolèt jansyàn) 2 fwa nan yon jou pandan 3 jou. Epitou, badijonnen tout anndan bouch tibebe a yon fwa chak jou. (Sa va fè tout bagay tounen koulè vyolèt, men pa gen danje.)

Si vyolèt jansyàn pa bay rezilta, bay tibebe a nystatine (nistatin).

Si pwoblèm enfeksyon chanpiyon an ap tounen sou li plizyè fwa, petèt tibebe a soufri anba yon lòt maladi ki fè li pa ka kenbe tèt ak enfeksyon an. Pa egzanp, tibebe ki gen VIH/SIDA, yo ka tonbe malad ak enfeksyon sa a plizyè fwa. Al gade nan VIH ak SIDA (ki poko ekri).

Tete fè mal, anflamasyon, kannal bouche, enfeksyon nan tete (mastit)

NWTND Newb Page 21-2.png

Gen de fwa lèt la sispann koule nan yon kannal nan tete a ; kannal la vin bouche. Tete a vin anfle, li wouj, epi l ap fè mal. Enfeksyon ka mete pye.

Siy ki fè nou rekonèt sa
  • Yon kote nan tete a vin cho, li wouj, li di.
  • Boul la fè li mal.


Si li gen lafyèv, sa fè nou konnen kannal la enfekte.

Trètman
  • Pran yon bon ti repo ase souvan ; bwè anpil likid.
  • Bay tete pou pi piti chak 2 zèdtan. Menm si manman an soufri ak enfeksyon nan tete, pa gen danje pou li bay tibebe a tete. Okontrè, fòk lèt la koule soti nan tete a, pou kannal la ka debouche.
Yon fanm k ap fè ti masaj pou tete a ; li pase men li depi anwo jis anba.
Fè masaj, peze fò sou boul la pou debouche kannal la.
  • Fè atansyon pou ou kenbe tibebe a nan bon pozisyon, ak tout kò li fas a fas ak kò ou. Tann tibebe a louvri bouch li laj. Fè pwent tete a antre nèt nan bouch li.
  • Tete ki fè mal la, mete tibebe a nan tete sa a an premye. Se pou pitit la vide tete sa a nèt.
  • Pou soulaje mal la, mete konprès dlo cho, oubyen pran yon beny cho. Chofe tete a pou 15 - 20 minit, 4 fwa nan yon jou pou pi piti. Oubyen, mete konprès dlo frèt, oubyen fèy chou, sou tete a pou soulaje anflamasyon an.


Si li gen lafyèv, bay érythromycine (eritwomisin) 250 mg 4 fwa nan yon jou.

VIH/SIDA ak bay tete

Genyen medikaman koulye a ki ede fanm ansent ki gen VIH/SIDA, pou yo rete an sante. Epitou, medikaman an ka anpeche pitit la pran viris la. Pou nou ka pwoteje medam ak pitit yo, nou dwe fè tès pou VIH/SIDA sou tout fanm ki gwo vant. Si li gen VIH/SIDA, se pou li pran medikaman pandan tout gwosès la, epi toutan l ap bay pitit la tete. Konsa l ap anpeche tibebe a pran VIH. Lè li fin sevre pitit la, li gen dwa kontinye swiv trètman an pou pwoteje pwòp sante pa li. Al gade nan VIH ak SIDA (chapit sa a poko ekri).

Si yon manman gen VIH/SIDA, eske gen danje pou li bay tete ?

Lè manman an ansanm ak tibebe li ap pran medikaman pou VIH/SIDA, sa ap anpeche pitit la pran viris la nan lèt manman an. Fòk nou bay tibebe a medikaman yo chak jou pandan 6 senmenn pou pi piti. Si manman an pa t swiv trètman pandan tout gwosès la, bay tibebe a trètman pou 12 senmenn pou pi piti. Si manman an pa p swiv trètman, bay tibebe a trètman jiska 8 jou apre li sevre. Li bon pou sante tibebe a, pou li pran lèt manman an ase pandan premye 6 mwa lavi li (oubyen jis li fè premye dan). Pandan 6 mwa sa yo, li pa bon pou nou bay tibebe a labouyi, oubyen pou nou ba li bwè lòt likid. Epitou, sa ka fè li trape VIH la pi fasil.

Lè nou bay manman an ak tibebe li medikaman ki pou trete VIH/SIDA, sa va ede yo toulede rete an sante.


Lè manman an pa pran medikaman pou trete VIH/SIDA, pafwa yon tibebe pran viris la nan lèt manman li. Men gen pi gwo danje anpil nan sa, lè yo bay tibebe lèt nan bwat. Pifò fanm ki soufri anba VIH/SIDA, yo pa jwenn dlo potab, ni bwa dife, ni kòb pou yo ka achte lèt nan bwat. Yo pa gen mwayen pou yo prepare e bay lèt la. Se byen posib pitit yo va soufri anba malnitrisyon ak dyare. Lè fini, yo ka mouri. Tout sa vle di : lèt manman an toujou pi bon—menm si ni manman an, ni pitit li, yo p ap pran medikaman pou trete VIH/SIDA.

Lèt manman an pi bon pou tout tibebe ak manman, toupatou

Bay tete

NWTND Newb Page 23-1.png
  • Lèt manman pa koute 5 kòb. Nou pa gen pou achte ni lèt nan bwat, ni bibwon, ni okenn lòt bagay.
  • Lè manman an fin akouche, lè l ap bay tibebe a tete, sa ede kanpe san an.
  • Sa anpeche yon fanm vin ansent pandan plizyè mwa apre li akouche.
  • Depi yon fanm konn bay tete, lè li pi gran, sa ka pwoteje li kont maladi tankou kansè ak pwoblèm fèblès nan zo.
  • Lèt la toujou pwòp, li toujou pare, li pa ni twò cho, ni twò frèt.
  • Li pa manke anyen nan sa tibebe a bezwen pou li ka gen fòs ak sante.
  • Li pwoteje tibebe a kont dyare, nemoni, ak lòt maladi.
  • Li pwoteje pitit la, lè li granmoun, kont maladi tankou dyabèt (maladi sik), reyaksyon alèji, ak kansè.
  • Lè yon manman ap bay pitit li tete, sa fè tibebe a santi li an sekirite, byen cho kote manman li.
  • Li rapwoche manman an ak pitit li.
NWTND Newb Page 23-2.png