Hesperian Health Guides

Vitamin ak mineral

Vitamin melanje, milti vitamin


(multivitamines ; mixed (multi) vitamins)
Pi bon kote pou nou jwenn vitamin se nan manje. Men moun ki pa jwenn bon kalite manje, ak fanm ki ansent, yo dwe pran milti vitamin nan grenn. Pifò fanm ansent bezwen plis vitamin pase sa yo ka jwenn nan manje.

Genyen plizyè kalite vitamin. Vitamin nan grenn pi bon mache. Piki vitamin pa nesesè ; yo gaspiye lajan nou, yo fè mal, epitou yo ka ban nou enfeksyon. Siwo ak posyon pa fasil gen vitamin ki pi enpòtan. Lèfini yo twò chè pou ranman yo ka bay.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpillspoon.png

Pifò vitamin se yon sèl grenn chak jou pou moun pran. Li etikèt ki sou boutèy la, epi swiv sa ki ekri la.

Vitamine A, retinol

Vitamin A sèvi pou evite pwoblèm ki fè moun pa wè byen nan fènwa, ak zewoftalmi (je sèch).

Pou yo jwenn ase vitamin A, moun dwe manje anpil legim ak fwi ki gen koulè jòn, legim fèy vèt, epi manje ki sòti nan bèt tankou ze, pwason, ak fwa. Nan zòn kote nou ka fasil jwenn moun ki avèg lannuit epi ki soufri je sèch, kote li pa toujou posib pou yo jwenn kalite manje sa yo, li ta bon pou nou bay timoun yo grenn vitamin A chak 6 mwa.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Pa bay plis pase dòz ki ekri anba a. Si yon moun pran twòp vitamin A, nan grenn, kapsil, osinon luil, gen danje ladann. Nòmalman granmoun gen pou yo pran yon dòz 200,000 inite, men pou fi ki kapab ansent, oubyen fanm pandan premye 3 mwa gwosès la, pa bay dòz sa a paske li ka donmaje tibebe ki poko fèt la. Fanm ki gwo vant gen pou yo pran yon dòz ki pi piti e yo dwe pran li pi souvan.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Vale grenn oubyen kapsil yo. Pou timoun piti, kraze grenn nan, melanje l ak yon ti lèt manman an. Osinon koupe kapsil la, epi vide luil la nan bouch timoun nan.

Pou evite timoun vin manke vitamin A

Lè gen pwogram pou anpeche timoun manke vitamin A :

NWTND bag arrow.png
Timoun 6 mwa - 1 ane : bay 100,000 inite nan bouch yon sèl dòz.
Pi gran pase 1 ane : bay 200,000 inite nan bouch yon sèl dòz. Bay yon lòt dòz chak 6 mwa.

Pou trete moun ki pa wè lannuit

Si you moun deja pa wè byen oubyen si li pa wè byen nan fenwa, bay 3 dòz. Bay premye dòz la touswit ; nan demen bay yon lòt dòz, tann 15 jou pou pi piti epi bay twazyèm dòz la.

Bay 3 dòz, nan chak dòz bay :

NWTND bag arrow.png
Timoun ki poko gen 6 mwa : bay 50,000 inite nan bouch, chak dòz.
6 mwa - 1 ane : bay 100,000 inite nan bouch, chak dòz.
Pi gran pase 1 ane : bay 200,000 inite nan bouch, chak dòz.
NWTND bag arrow.png
Fanm ansent : bay 25,000 inite nan bouch, chak 8 jou pou 12 senmenn pandan gwosès li, pandan 12 senmenn. Si li toujou montre siy maladi pa wè lannuit, oubyen lòt pwoblèm grav nan je li paske li manke vitamin A, yon ajan sante ki gen bon jan fòmasyon gen dwa ba li yon pi gwo dòz.

Timoun ki gen lawoujòl

Pou timoun ki soufri ak lawoujòl, ba yo vitamin A. Sa ap anpeche yo trape nemoni, epi fè yo pa vin avèg—2 pwoblèm ki ka rive fasil.

NWTND bag arrow.png
Timoun ki poko gen 6 mwa : bay 50,000 inite nan bouch, yon fwa nan yon jou, pandan 2 jou.
6 mwa - 1 ane : bay 100,000 inite nan bouch, yon fwa nan yon jou, pandan 2 jou.
Pi gran pase 1 ane : bay 200,000 inite nan bouch, yon fwa nan yon jou, pandan 2 jou.

Si yon timoun deja pran yon dòz vitamin A pandan dènye 6 mwa yo, ba li yon sèl dòz vitamin A. Si yon timoun ki trape lawoujòl soufri ak malnitrisyon ki grav, oubyen si li deja pa ka wè byen, bay yon lòt dòz vitamin A nan 15 jou.

Vitamin B6, piridoksin


(Vitamin B6, pyridoxine)
Moun ki gen maladi tibèkilòz e ki pran izoniyazid, yo ka manke vitamin B6. Siy ki fè nou konnen ke li manke vitamin B6 : yo gen doulè osinon lakranp nan men ak nan pye yo, vyann kò a redi yo tanzantan, yo enève fasil, e yo pa ka dòmi byen.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Moun kap pran izoniyazid fèt pou yo pran vitamin B6 chak jou.

Pou EVITE manke vitamin B6
Tibebe ak timoun piti: bay 10 mg chak jou.
Timoun pi gran rive granmoun: bay 25 mg chak jou.

Pou TRETE moun ki manke vitamin B6
Tibebe ki fèk fèt rive 2 mwa : bay 10 mg yon fwa pa jou toutotan nou wè siy li manke vitamin B6.
Timoun pi gran pase 2 mwa : bay 10 - 20 mg, twa fwa pa jou jis nou pa wè siy li manke vitamin B6.
Granmoun : bay 50 mg 3 fwa pa jou toutotan nou wè siy li manke vitamin B6.

Iyòd


(iode ; iodine)
Pi bon mwayen pou moun jwenn ase iyòd, se pou yo sèvi ak sèl ki gen iyòd ladann, epi pou yo manje bèt lanmè ak zèb lanmè. Si moun pa ka jwenn ni youn ni lòt, epi yo rete kote ki genyen moun ki gen gwo kou (gwat), oubyen kote ki gen timoun ki lou paske yo manke iyòd, nou mèt ba yo medikaman iyòd.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill-drop.png
Avek kapsil:
Tibebe ki fèk fèt rive 1 ane : bay 100 mg yon fwa chak ane.
Si nou gen kapsil 200 mg, ouvri kapsil la, vide likid la nan yon ti gode. Eseye bay tibebe a mwatye likid sa a. Menm si nou pa ka fè l egzat, sa pa fè anyen, men se pa pou nou bay yon tibebe tout yon kapsil.
Timoun 1 - 5 ane : bay 200 mg yon fwa chak ane.
Timoun 6 ane - granmoun : bay 400 mg yon fwa chak ane.
Fanm ansent : pou evite li gen gwo kou, ak pou pitit la pa mouri osinon pou li pa lou, bay fanm nan 400 mg yon sèl fwa pandan gwosès la, sito ke nou kapab. Sinon, bay li nenpòt ki lè. Bay yon lòt dòz yon ane apre li akouche.
Luil ki gen iyòd ladan l :
Timoun 1 - 5 ane : bay 0.5 ml (240 mg) yon fwa chak ane.
Timoun 6 ane - granmoun : bay 0.5 ml - 1 ml (480 mg) yon fwa chak ane.
Fanm ansent : bay 1 ml (480 mg) yon fwa pandan gwosès la sito ke nou kapab. Bay menm dòz la yon ane apre li akouche.

Fè, Silfat fè, glikonat fè


(fer, sulfate ferreux, gluconate ferreux ; iron, ferrous sulfate, ferrous gluconate)
Fè se yon medikaman ki bon pou konbat pifò kalite anemi (manke san, san pòv). Si nou sèvi ak grenn pou vale, trètman an ka pran 3 mwa.

Fè a pi efikas lè yon moun pran li ansanm avèk vitamin C. Manje anpil fwi ak legim ; yo chaje ak vitamin C. Osinon moun mèt pran grenn vitamin C.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Fè konn deranje lestomak la. Se poutèt sa li pi bon pou pran li ansanm ak manje. Epitou, li ka fè moun sere (konstipasyon), sitou granmoun. Li fè watè moun tounen koulè nwa.

Siro fè fè dan yon moun tounen nwa. Yo dwe sèvi ak yon pay pou bwè l, osinon brose dan yo apre yo fin pran l.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Veye pou nou bay dòz medikaman ki kòrèk la. Lè moun pran twòp fè, li ka anpwazonnen yo. Moun ki fin mèg, ki malnouri, pa ba yo fè. Rete tann yo refè anvan nou ba yo fè.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpillspoon.png

Fòs dòz la chanje ak kalite grenn nan. Pa egzanp, yon grenn silfat fè 300 mg gen 60 mg konsa fè ladann. Men yon grenn glikonat fè 325 mg gen 36 mg fè ladann. Fè atansyon pou nou li sa ki ekri sou bwat medikaman an, grenn osinon siwo, pou nou konnen byen ki kantite fè ki ladann.

Pou nou EVITE anemi antre sou fanm ki ansent osinon fanm kap bay tete
Bay 300 mg silfat fè (60 mg fè) chak jou. Fanm ki vle fè pitit dwe pran li tou. Li ta pi bon ankò pou yo pran fè ansanm avèk asid folik. Sa ka evite kèk pwoblèm tibebe fèt ak yo.
Pou nou TRETE yon moun ki soufri anemi
Bay silfat fè yon fwa pa jou. Si sa deranje lestomak li, separe li an 2 dòz pa jou :


DÒZ SIFAT FÈ A SELON LAJ
LAJ KONBYEN MG, CHAK DÒZ KONBYEN GRENN 300 MG POU NOU BAY KONBYEN MG FÈ
Timoun ki poko gen 2 ane 125 mg silfat fè Sèvi ak siwo fè, osinon kraze ka (¼) nan yon grenn 300 mg, mete l nan lèt manman an. Bay 25 mg fè
Timoun 2 – 12 ane 300 mg silfat fè 1 grenn 300 mg silfat fè Bay 60 mg fè
Pi gran pase 12 ane 600 mg silfat fè 2 grenn 300 mg silfat fè Bay 120 mg fè

Zenk


(Zinc)
Lè moun malad ak dyare, yap geri pi vit si yo pran zenk. Bay li ansanm ak sewòm oral.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png
Pou tibebe, byen kraze grenn nan epi bay li ak lèt manman an, osinon nan yon ti dlo. Petèt nou ka jwenn yon kalite grenn ki fonn fasil nan likid.
Tibebe ki fèk fèt rive 6 mwa : bay 10 mg, yon fwa nan yon jou, soti 10 jou rive 14 jou.
Pi gran pase 6 mwa : bay 20 mg, yon fwa nan yon jou, soti 10 rive 14 jou.