Hesperian Health Guides

Nouvo kalite manje, nouvo pwoblèm

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Manje ki fèt nan faktori tankou krakèz ak bonbon nan bwat, kola ak lòt bwason dous, nou ka jwenn yo toupatou nan lemonn. Nou fasil jwenn yo lavil, epi menm andeyo yap vann yo. Pifò moun gen tan pran gou nan manje sa yo ki sikre anpil osinon ki sale anpil. Konsa moun renmen yo tèlman ke yo manje ak bwè yo chak jou. An plis, nou menm bay timoun nou yo manje sa a olye nou bay yo bon kalite manje.

Chip, bonbon ak koka kola

Sirèt, kola, ak bonbon nan bwat, yo gen twòp sèl, sik, grès, pwodui chimik, ak koloran ladan yo. Si nou pran kalite manje sa a pandan lontan, sa ka ban nou dan pike, dyabèt (maladi sik), maladi kè, epi pafwa kansè. Yo manke gen vitamin, mineral, fib (ma ak fil), ak pwoteyin. Fòtifyan sa yo, nou jwenn yo nan manje ki sot nan jaden nou. Manje ki fèt nan faktori, yo rele l tchaw.

Manje nan bwat, pakèt vèmisèl ak soup

Pen blan, manje nan bwat, biswit, krakèz ak vèmisèl nan bwat, nou ka kwè yo ase bon parapò ak manje nou kwit lakay. Reklam yo ka fè nou kwè sa. Men prèske toutan yo gen twòp sik, sèl, ak pwodui chimik ladan yo. Epi yo pa gen fòtifyan ke nou jwenn nan manje nou kwit lakay. Menm jan ak sirèt e bonbon nan bwat, se tchaw yo ye.

De fanm nan mache kap achte legim
Se pa nan faktori, men se nan tè a nou jwenn manje ki bon pou lasante.

Dyabèt (maladi sik) ak maladi kè : se nouvo kalite manje ki ka bay maladi sa yo

De fanm ki gra kap chita fè kouti

Dyabèt ak maladi kè, se de maladi ki gen pou wè ak jan moun chanje sa yo abitye manje, ak jan yo abitye fè travay yo. Nou pa fasil jwenn maladi sa yo kote moun rekolte manje yo, ki fè jaden epi ki kwit manje yo, tankou kiltivatè ak atizan. Men toujou genyen plis moun ki pa ka chwazi sikonstans travay yo. Yo pa fè kò yo fè mouvman (tankou moun ki travay nan faktori ak moun ki chita devan yon òdinatè). Yo pran manje sa ki fèt nan faktori. Konsa gen plis moun ki soufri anba maladi kè ak maladi sik. Se pa mikwòb ki lakòz maladi sa yo ; yo pa atrapan. Sa ki lakòz se : moun manke fè kò yo fè mouvman, yo manje twòp tchaw, yo sou tansyon, epi yo soufri anba lenjistis nan lavi sa a. Kò yon moun mal pou li ka sipòte de tèl sikonstans.

Menm si maladi sik ak maladi kè se de maladi byen diferan, se souvan menm bagay ki lakòz maladi sa yo. Si yon moun gen maladi sik, li pi vit gen maladi kè, epi vise vèsa. Konsa, pou nou anpeche genyen ni youn ni lòt, byen souvan se menm konsèy pou nou swiv.

Yon gason ki gra

Dyabèt (maladi sik)

Lè yon moun gen maladi sik, kò li pa ka sèvi ak sik ki nan manje a. Alafen, sa ka rann li avèg, fè li pèdi manm li, fè li pèdi konnesans, epi menm fè li mouri. Pou n aprann plis sou plizyè kalite maladi sik, ak ki jan pou n trete yo, al gade nan Dyabèt, Maladi sik.

Nan peyi rich, tankou aux Etats Unis (Ozetazini), gen anpil moun ki soufri anba dyabèt. Epi koulye a, se yon gwo pwoblèm nan lemonn antye. Maladi a ka sot nan sa moun manje. Yo manje twòp, yo manje tchaw, epi yo manke fè kò yo fè mouvman. Kote moun manje manje ki fèt nan faktori, ki fèt ak farin blan e sik, se la na jwenn maladi sik.

Maladi kè ak kriz kè (kriz kadyak)

  • Tansyon
  • Maladi kè
  • Kriz kè

Se twa pwoblèm diferan ki ekri anwo a, men se vrèman yon sèl maladi yo ye : maladi kè. Lè moun manje tchaw, epi manke fè kò yo fè mouvman (epitou lè yo fimen ak lè yo sou tansyon), sa fè grès kole anndan venn yo. Akòz sa a, kè a oblije fè plis jefò pou l fè san an sikile nan tout kò a. Se sa ki bay tansyon. Lè fini, kè a vin fatige e fèb akòz tout travay sa a. Lè san an pa koule byen, li fè kayo ki bouche venn yo, sitou venn ki alimante kè a. Konsa kè a manke san, li tou fatige, li sispann fè travay li. Sa se yon kriz kè.

Lafyèv rimatis ka souvan lakòz maladi kè. Sa rive kay moun ki te soufri lafyèv rimatis lè yo te timoun.

Ki jan pou nou trete osinon evite maladi kè

Kat tifi kap pran plezi nan jwe baskèt

Genyen anpil bagay yon moun ak yon fanmi ka fè pou kont yo pou evite osinon pou trete maladi sik ak maladi kè. Men se pou kominote a ak gouvènman peyi a fè kèk chanjman tou.

Egzèsis : Chak jou, se pou moun yo fè egzèsis ki pou fè kè a bat pi vit pandan 30 minit pou pi piti. Sa fè tout sistèm kò moun fonksyone byen. Moun ka mache vit, danse, fè espò, osinon nenpòt lòt egzèsis. Sa pèmèt zo yo rete anfòm, bay yon moun plis fòs ak kouray, ba yo kè kontan, epi fè yo viv pi lontan. Fè egzèsis enpòtan anpil pou evite osinon pou trete ni maladi sik, ni maladi kè.

Manje : Pou evite ak pou trete maladi kè ak maladi sik, se pou moun manje anpil legim kri, sereyal ki gen pay sou yo, ak pwa.

  • Vyann wouj (tankou vyann bèf, kabrit), ze, pwodui fèt ak lèt, yo tout se bon kalite manje. Men, si yon moun manje yo dri, chak jou osinon chak repa, maladi sa yo ka mete pye. Li ta pi bon pou nou manje yo detanzantan.
  • Manje ki gen anpil sik ak farin blan pa bon ditou. Si moun manje yo chak jou, sa ka bay yo dyabèt, (maladi sik).
  • Moun bezwen manje yon ti grès, men si yo manje anpil grès, sa ka bay ni maladi kè, ni maladi sik. Men manje ki gen move grès ladan yo : vyann wouj, luil maskriti, fritay, ak manje ki nan bwat. Si nou kapab, pa manje yo dri. Men manje ki gen bon grès : nwa, zaboka, ak pwason. An plis, yo gen lòt bon kalite fòtifyan ladan yo.
NWTND Nut Page 17-1.png
  • Si moun pran twòp sèl, sa fè maladi kè vin pi mal. Moun ki gen maladi kè, oubyen ki fè tansyon, yo pa dwe manje manje nan bwat, ki chaje ak sèl. Jeneralman, legim nan bwat gen twòp sèl. Lè nap prepare manje, batize manje a ak ti sèl tou piti, osinon pa menm mete sèl. Li ta pi bon pou nou sèvi ak epis osinon lòt kalite zèb ki pou bay manje a gou.


Kola ak lòt bwason nan boutèy osinon bwat, yo pi move ankò. Se dlo ak sik ase yo ye, ak pwodui chimik yo mete ladan l pou bay li gou ak koloran. Si moun bwè yo chak jou, sa fè dyabèt la vin pi mal, sa pike dan moun, epi li plen vant moun ak sa ki pa bon ditou.

Si yon moun twò gra : Lè yon moun twò gra, sa ka ba li maladi kè ak maladi sik. Li pi bon pou moun pèdi pwa ti kras pa ti kras, olye pou yo pèdi anpil pwa yon sèl kou. Pou reyisi pèdi pwa san reprann li ankò, pou nou rete an sante, men sa pou nou fè : fè kò a fè mouvman, (fè egzèsis pou pi piti 5 jou nan chak semenn). Pa manje twòp. Chache evite manje ki ekri anwo a, ki pa bon.

Si nou vle viv pi lontan epi rete an sante, nou dwe sispann fimen. Sa ede nou evite gen maladi kè, maladi sik ak kansè. Pou konnen pi klè danje ki gen nan fimen, al gade nan Dwòg, alkòl ak fimen (chapit sa a poko ekri).

Sante se afè kominote a

Gen de fwa nou ka chwazi sa nou va manje ak ki jan nou va mennen lavi nou. Men sa depann de kalite manje, travay ak kalite kay moun ka jwenn. An plis, sa depann de konbyen lajan yo genyen. Nou mèt chache gen bon abitid—manje bon jan manje ak fè kò nou fè mouvman, men li ka difisil. Pa egzanp, se pa toujou nou ka chwazi sa nou vle manje ; nou pa toujou jwenn ase tan pou n kwit bon kalite manje. Yon sèl moun pa ka rezoud tout pwoblèm pou kont li. Konsidere : Eske reklam fè presyon sou moun ? Ki moun ki fè tèl travay epi kilès kap dirije travay la ? Eske moun gen ase dlo potab ? Eske yo gen bon kizin ? Genyen anpil moun nan yon kominote ki nan menm sitiyasyon. Pou chanje sitiyasyon an, se pou yo mete men ansanm. Epitou, se pou gouvènman an ede regle pwoblèm yo.

Yon gwoup moun ak afich ki di ‘Annou sove jaden nou. Mete yon fen ak manje etranje ki chè pase tèt moun!

Lè nou chache fè chanjman, nou ka fè yon ti chanjman senp, tankou lè nou pa pèmèt elèv nan lekòl bwè kola ak lòt bwason sikre, oubyen lè yo bay elèv yo bon kalite manje. Yo ka fè gwo chanjman tankou nan lavil Bangkok an Thailand, (Bankòk, Taylann) kote yo fè lekòl pou granmèsi chak jou, pou montre moun fè egzèsis. Oubyen, al gade nan istwa Siklovya ki anba a. Gouvènman an ka ankouraje ti kiltivatè plante jaden yo, epi vann rekòt yo nan mache. Sa pi bon pase pou yo ankouraje gwo bitasyon kote yo plante sa ki va rapòte yo plis lajan, kòm tabak ak kann. Pou moun ka evite osinon trete maladi sik ak maladi kè, se pou tout moun, depi pi gran chèf la rive ti kiltivatè a, mete men ansanm pou yo chache regle pwoblèm yo.

Siklovya (Ciclovia, mo panyòl) chemen pou bisiklèt

Moun ki abite Bogota an Colombie, L’Amerique du Sud (Bogota, yon gran vil nan Kolonbi, nan Lamerik di sid), te degoute nèt ak lari danjere yo, ki plen ak machin ansanm ak moun. Yo te degoute tou ak polisyon lè a ke tout sikilasyon sa a tap bay. Yon fonksyonè prevwayan nan lavil la te mete tèt ansanm ak lòt moun pou yo reprann lari yo. Yo deside gen twòp machin anba lavil. Yo ta vle rann lavil la yon kote ki pi agreyab pou moun abite. Konsèy minisipal la te wete anpil estasyonnman. Yo fè plis pase 300 kilomèt chemen bisiklèt, epi yo te pèmèt sèlman tèl valè machin sikile sou lari yo an menm tan.

Pi bon lide ki mete pye se Siklovya (Ciclovia). (Koulye a gen plizyè vil nan lemonn ki pran fè menm bagay.) Chak dimanch yo fèmen tout gran lari pou pa pèmèt machin pase la. Se moun sou bisiklèt, moun kap patinen, moun sou chèz woulan, moun apye ki reprann lari yo. Nan pak (teren vèt), yo fè klas pou granmèsi, kote yo montre moun danse ak fè egzèsis. Moun ka prete bisiklèt san peye yon santim.


Menm si yo te planifye Siklovya pou rezoud yon pwoblèm grav, moun pase yon bon tan la. Se yon fèt chak senmen. Tout moun lavil gen dwa asiste Siklovya. Timoun ak vye granmoun danse ansanm nan pak. Nòmalman, lari yo plen ak machin. Men koulye a, tout moun, jennmoun ak granmoun, monte bisiklèt, yo patinen, yo kouri nan lari yo. Se yon bon fason pou yo fè egzèsis, pou yo kontre vwazen ak zanmi travay yo, epi pou yo fè lòt zanmi. Konsa, lavi pi bon, pi agreab.

Tou dabò, te genyen òm dafè ki te opoze ak fèt la, paske yo te kwè sa tap lakòz blokis, epi sa tap kontrarye konmès yo. Men lè yo te wè moun si tèlman renmen Siklovya, yo te sispann plenyen. Koulye a, moun Bogota chache ankò pou wè ki jan yo ka fè pou yo rete an sante, an sekirite, pou kè yo kontan, pa sèlman yon fwa pa senmenn, men chak jou.

Yon foul moun ki gen kè kontan ; yap fe bisiklèt, yap mache apye, yap kouri, menm moun nan chèz woulan la tou