Hesperian Health Guides

Byen manje bay bon sante : Medikaman

Byen manje bay bon sante : Medikaman

Medikaman pou vè

Lè nou gen vè, se pou nou pran medikaman pou mete yo deyò, osinon pou touye yo nan kò nou. An plis, se pou nou kenbe kò nou pwòp, epi se pou zòn kote nap viv la pwòp tou. Si nou pa fè sa, vè yo ap tounen sou nou ankò Depi yon moun nan yon fanmi gen vè, se pou tout lòt moun nan kay la swiv tretman tou.

Mebendazòl

(mébendazole ; mebendazole)
Mebendazòl bon pou trete ankilostòm, trikosefal, askaris (gwo vè won), ak oksiyi (vè zepeng). Li ka ede trete trichin, men se pa pi bon remèd pou sa. Lè konsa, sa ka bay yon moun doulè vant osinon dyare, si li gen anpil vè, men sa pa rive fasil.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Pa bay fanm ansent mebendazòl pandan premye 3 mwa gwosès la ; sa ka donmaje tibebe ki poko fèt la. Pa bay timoun li ki poko gen 1 ane.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png
Pou oksiyi (vè zepeng) (oxyure ; pinworm)
Timoun 1 ane - granmoun : bay 100 mg yon sèl dòz. Si nesesè, bay yon lòt doz nan 15 jou.
Pou askaris (gwo vè won) (ascaris ; roundworm), trikosefal (trichocéphale; trichuris, whipworm), ankilostòm (ankylostome ; hookworm)
Timoun 1 ane - granmoun : bay 100 mg 2 fwa pa jou pandan 3 jou, (6 grenn antou) OSINON Bay yon grenn 500 mg yon sèl dòz.
Pou anpeche trape askaris kote nou jwenn li fasil
Timoun 1 ane - granmoun : bay 500 mg yon sèl dòz, chak 4 rive 6 mwa.
Pou trichin (trichinose ; trichinosis)
Timoun 1 ane - granmoun : bay 200 - 400 mg 3 fwa nan yon jou, pandan 3 jou. Apre sa, bay 400 - 500 mg 3 fwa nan yon jou, pandan 10 jou. Si malad la gen doulè oubyen li pa wè byen, ba li, an plis, yon estewoyid tankou prednisolòn, 40 - 60 mg nan yon jou, soti 10 rive 15 jou.

Albendazòl

(Albendazole)
Albendazòl sanble ak mebendazòl, men li ka koute pi chè. Li bon pou ankilostòm, trikosefal, askaris, oksiyi, ak trichin. Li pa fasil bay pwoblèm.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Pa bay fanm ansent albendazòl pandan premye 3 mwa gwosès yo ; sa ka donmaje tibebe ki poko fèt la. Pa bay timoun li ki poko gen 1 ane.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png
Pou oksiyi (vè zepeng) (oxyure ; pinworm), askaris (gwo vè won) (ascaris ; roundworm), trikosefal (trichocéphale ; trichuris, whipworm), ankilostòm (ankylostome ; hookworm)
Timoun 1 - 2 ane : bay 200 mg, yon sèl dòz.
Timoun 2 ane - granmoun : bay 400 mg yon sèl dòz. Bay yon lòt dòz nan 15 jou, si nou wè li nesesè.
Pou trichin (trichinose ; trichinosis) :
Timoun 1 ane - granmoun : bay 400 mg 2 fwa nan yon jou, soti 8 rive 14 jou. Apre sa, bay 400 – 500 mg 3 fwa nan yon jou pandan 10 jou.

Si malad la gen doulè osinon li pa wè byen, ba li, an plis, yon esteroyid tankou prednisolòn, 40 - 60 mg yon fwa nan yon jou, soti 10 rive 15 jou.

Pirantèl pamoyat, pirantèl anbonat

(Pyrantel pamoate, pyrantel embonate)br> Pirantèl se yon bon remèd pou trete oksiyi, ankilostòm, ak askaris, men li ka koute chè. Gen de fwa li bay vomisman, tèt vire, osinon maltèt. Pa bay li ansanm avèk piperazin (yon lòt remèd vè).

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Pou ankilostòm (ankylostome ; hookworm), ak askaris (gwo vè won) (ascaris ; roundworm) bay yon sèl dòz.
Pou oksiyi, (vè zepeng) (oxyure ; pinworm) bay yon sèl dòz. Rete tann 15 jou, epi ba li yon lòt dòz.

Bay 10 mg pou chak kilogram pwa timoun nan. Si pa gen balans, bay selon laj li :
Timoun ki poko gen 2 ane : bay 62 mg (¼ grenn 250 mg).
Timoun 2 - 5 ane : bay 125 mg (½ grenn 250 mg).
Timoun 6 - 9 ane : bay 250 mg (yon grenn 250 mg).
Timoun 10 - 14 ane : bay 500 mg (2 grenn 250 mg).
 Pi gran pase 14 ane : bay 750 mg (3 grenn 250 mg).

Pou tenya, (vè solitè) (ténia ; tapeworm)
Genyen kèk kalite vè solitè. Prazikantèl osinon niklozamid, toulede bon pou trete tout kalite vè sa yo. Men, si enfeksyon vè a rive jis nan sèvo yon moun osinon si li fè kriz, li pi bon pou nou ba li albendazòl ansanm ak medikaman pou kriz. Chache konkou doktè.

Prazikantèl

(praziquantel)

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Prazikantèl ka bay fatig, tèt vire, manke apeti ak anvi vomi, men pwoblèm sa yo pa rive fasil lè nou trete vè solitè, paske dòz la piti.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png
Pou pifò kalite vè solitè yo, vè bèf ak vè kochon ladan l
Bay 5 - 10 mg pou chak kilogram pwa yon moun, yon sèl dòz. Oubyen bay li selon laj :
Timoun 4 - 7 ane : bay 150 mg (¼ grenn) yon sèl dòz.
Timoun 8 - 12 ane : bay 300 mg, yon sèl dòz.
Pi gran pase 12 ane : bay 600 mg, yon sèl dòz.

Pou tenya nana (ti tenya) (H. nana ; dwarf tapeworm)
Bay 25 mg pou chak kilogram pwa yon moun, yon sèl dòz. Bay li ankò nan 10 jou. Oubyen bay li selon laj :
Timoun 4 - 7 ane : bay 300 - 600 mg (½ -1 grenn) yon sèl fwa.
Timoun 8 - 12 ane : bay 600 - 1200 mg, yon sèl fwa.
Pi gran pase 12 ane : bay 1500 mg, yon sèl fwa.

Niklozamid

(niclosamide)
Niklozamid se yo bon remèd pou trete tout kalite tenya ki nan trip, men li pa bon pou trete kis vè ki nan vyann yon moun.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Se pou moun pran niklozamid lè yo fin pran yon ti manje nan maten. Se pou yo byen kraze grenn yo nan bouch anvan yo vale yo. Bay dòz la dapre kalite vè a. Mande konsèy nan men Sèvis Sante Piblik kote nou rete a. Sinon, bay dòz la ki ekri anba.

Kraze byen epi vale dòz sa yo. Si yon timoun piti poko ka kraze grenn lan, kraze l pou li epi bay li ak lèt manman an oubyen ak yon ti manje.
Timoun ki poko gen 2 ane : bay 500 mg, yon sèl dòz.
Timoun 2 - 6 ane : bay 1 gram (1000 mg), yon sèl dòz.
Pi gran pase 6 ane : bay 2 gram, yon sèl dòz.