Hesperian Health Guides

Manje ase

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Chak moun dwe jwenn ase manje. Lè nou manje kont kò nou, sa bay kò ak lespri nou fòs ak kouray pou chak jou.

Pa manje byen, pandan plizyè senmenn osinon plizyè mwa, konn lakòz anpil gwo pwoblèm sante ki rete chita sou moun. Timoun, vye granmoun, moun malad, moun ak VIH/SIDA, ak fanm ki gwo vant, yo soufri plis (epi pi fasil) anba malnitrisyon. Se pou moun ki pi fò pran swen moun ki nan nesesite, pou yo tout ka jwenn sa yo bezwen.

Se sitou timoun ki bezwen manje kont kò yo

Plis pase lòt moun, timoun yo dwe manje kont kò yo chak jou. Si yo malnouri (manke byen manje) lè yo tou piti, sa ka lakòz yo pa pran pwa, yo chetif, yo lou, yo pa kapab aprann fasil. Pwoblèm sa yo ka rete sou yo pou tout rès lavi yo.

Ki jan pou n asire ke tout timoun manje kont kò yo :

  • Bay tibebe tete. Pa ba li ni lòt manje, ni lòt bagay pou bwè, jis nou wè premye dan li, bò 6 mwa konsa.
  • Menm si tibebe a kòmanse pran lòt manje, toujou ba li tete. Sa ki pi bon se pou manman an ba li tete jis li gen 2 ane, osinon menm pi lontan. Si yo bay tibebe a lòt manje mete sou lèt manman an, tibebe a va toujou jwenn tout sa li bezwen pou li grandi epi devlope byen.
  • Lè nou kòmanse bay tibebe a manje, se tanzantan pou yo pran yon ti goute. Ti pa ti pa, ajoute plizyè kalite manje, epi ba li pi gran kantite manje. Yon bebe ki sevre gen pou li manje pi gran kantite pase yon ti bebe ki nan tete toujou.
  • Le nou separe manje, se pou chak timoun piti gen ti bòl pa l. Lè fini, verifye si chak timoun te fin manje sa nou ba li.
  • Bay tifi yo manje menm jan ak tigason yo. Fi ak gason, yo tout bezwen menm kantite manje pou yo rete an sante, epi pou yo devlope byen.
  • Trete dyare san pèdi tan. Bay sewòm oral ak lòt likid.
  • Lè timoun gen vè, ba yo mebendazòl. Si gen anpil timoun ki gen vè, bay tout timoun nan kominote a mebendazòl chak 6 mwa, ki pou anpeche pwoblèm vè vin sou yo.


Tibebe, timoun piti, timoun ki pi gran, se pa toujou menm kalite ak menm kantite manje pou nou bay chak timoun. Pou aprann plis sou koze bay tibebe ak timoun manje, klike isit.