Hesperian Health Guides

Lòt pwoblèm nou jwenn nan trip la

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Konstipasyon (sere)

Yon moun ki sere lè li watè, oubyen ki pase 2 jou pou pi piti san li pa watè, olye nou di li konstipe, li sere. Li ka gen vant fè mal. Li fasil pou trete.

TRÈTMAN
  • Pa janm pran gwo metsin ak lòk. Gen danje nan sa — sitou pou timoun.
atl="pineapple, melon, lemon, cherries, and other fruit"
  • Manje fwi chak jou.
  • Manje sereyal ki gen tout pay sou li — tankou diri solèy, diri kajou ak ble jòn ; evite diri glase ak farin blan.
  • Chita akoupi pou fè bezwen ou.
  • Fè kò a fè mouvman. Fè ti mache epi fè egzèsis. Moun ki fin granmoun, ki fèb oubyen ki malad, yo bezwen fè ti egzèsis yo menm tou. Nou ka ede yo. Yon moun pa dwe rete kouche tout jounen an san li pa bouje kò li.
  • Bwè anpil dlo. Fè efò pou bwè anviwon 8 vè dlo chak jou pou pi piti.
yon fanm, ki kouche sou kote, kap wete watè li ak yon dwèt. Se pou l mete gan osinon yon sak plastik sou men li.

Si yon moun fè kèk jou ap bwè plis dlo, li manje plis legim, fwi, ak manje ki gen ma ak fil, epi li toujou sere, li gen dwa pran yon ti metsin. Men pa janm pran gwo medsin.

Si yon boul watè ki tou sèch ap bouche twou dèyè a epi li fè mal, nou ka oblije wete l. Mete gan. Mete yon ti lwil, vazlin, oubyen savon sou dwèt ou, epi, dousman dousman, sèvi ak dwèt ou pou wete boul watè a.

Lè moun pran remèd fer, oubyen medikaman pou gwo doulè tankou morphine ak codeïne (mòfin, kodeyin), yo konn soufri konstipasyon. Swiv menm konsèy yo bay anwo a nan paj ki vini anvan an. Lè kò a abitye ak remèd la, pwoblèm nan dwe diminye.

Lè vajen an (kannal fi) bay watè

Si vajen an ap bay watè, sa fè nou konnen genyen yon twou ant anba trip la e vajen an. Sa konn rive pandan yon akouchman ki long e difisil, lè tèt tibebe a peze vajen an twòp, ki donmaje chè a jis li fè yon twou la. Gen de fwa, vajen an ka chire pandan zak kadejak. Pi souvan, li chire ant vajen an ak blad pipi a, ki fè vajen an bay pipi san rete. Chache konnen plis sou pwoblèm sa a nan Pwoblèm nan Aparèy Pipi (chapit la poko ekri).

Lè twou dèyè a bay san

Lè twou dèyè a bay san ki gen koulè wouj vif, anpil fwa se yon emowoyid ki lakòz sa. Si li bay anpil san, si gen ti boul san ki soti twou dèyè a, oubyen si li fè mal, chache konkou doktè.

Si twou dèyè a bay san (koulè wouj, wouj fonse, oubyen nwa), se ka yon siy kansè tou.

SIY KI MONTRE GEN DANJE
  • Watè a gen koulè nwa, epi li sanble ak goudron.
  • Li vomi san, oubyen vomi li sanble ak ma kafe.


Toulede siy sa yo fè nou konnen malad la ap senyen pi wo nan trip la, oubyen nan vant la. Toujou gen danje nan sa. Chache konkou doktè.