Hesperian Health Guides

Dyabèt bay moun yon dezyèm chans

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Dyabèt se yon maladi ki grav, men li posib pou yon moun aprann lite byen avè l. Li bay moun ki gen maladi a yon lòt chans pou yo kite move mès ak abitid yo genyen. Epitou, y ap viv pi byen, pi anfòm, pi aktif, pandan y ap debouye yo.

Si nou pa konnen ki jan pou nou goumen ak maladi a, nou gen pou kontre ak pwoblèm rèd nan lavi a. Men si nou jwenn moun k ap soutni nou, epi si nou aprann kouman pou pran swen tèt nou, nou kapab pi an sante pase jan nou te ye anvan an. Paske li bon pou sante tout moun, nou kapab òganize nou pou jwenn pi bon kalite manje, pou moun peye nou plis pou dyòb n ap fè, pou mete yon fen ak jan yo lage pwodui chimik nan anviwonnman an, epi pou moun kapab soti mache a pye san danje. Oubyen nou ka fè efò pou jwenn posiblite pou moun fè plis egzèsis, pou nou manje pi byen, epi pou nou boule pi byen ak pwoblèm nan lavi a.

Nou ka byen viv menm si nou fè sik

NWTND Diab Page 26-1.png

Moun ki soufri anba dyabèt oblije chanje abitid yo, jan yo konn manje ak jan yo konn viv. Men kèk ti konsèy ki pou ede nou chanje sa ki merite chanje :

  • Kòmanse dousman. Pa egzanp, olye pou nou sispann bwè tout bwason dous yo, tou sèk, eseye fè li piti piti. Li pi fasil si se ti kras pa ti kras nou diminye sou kantite sik nou abitye manje, epi si nou fè plis egzèsis tanzantan. Konsa nou gen plis chans pou nou pèsevere nan chemen sa a.
  • Deside ki sa nou vle chanje. Deside ki kote nou vle rive, tankou : mache plis, fimen mwens osinon kite fimen nèt ale, oubyen jwenn fòs pou nou kapab jwe ak pitit pitit nou yo.
  • Jwenn moun ki pou soutni nou. Fanmi an, zanmi, oubyen lòt moun ki fè maladi sik, yo ka ban nou yon kout men ak chanjman nou gen pou fè. Nan klas oubyen nan reyinyon pou moun ki fè sik, yo ka mete tèt ansanm, youn gen kè sansib pou lòt, youn ap soutni lòt.
  • Lite ak santiman k ap boulvèse nou. Lè yon moun vin konnen li gen dyabèt, se nòmal pou li pè sa li va kontre pi devan. Sa va ba li kè sere pou konnen ke li gen yon maladi k ap dire sou li. Oubyen li ka gen kè cho paske sa oblije li chanje jan li te konn viv. Sa ka ba li chagren, li ka santi li tou tris, li pèdi tout espwa, jis li manke fòs pou li fè sa ki nesesè pou li goumen ak maladi a. Sa ka bay ti soulajman si li pale sou santiman k ap boulvèse li, epi si li aprann lite ak yo. Pou aprann plis sou koze sa a, al gade nan Sante mantal (chapit sa a poko ekri).
  • Mande tèt nou pouki sa nou vle jwenn pi bon sante. Ki sa nou vle fè, epi ki jan nou vle fè li ? Pa egzanp, sonje fanmi nou. Sonje jan nou ta renmen gen bon sante, epi viv lontan nan mitan fanmi an pou nou kapab ede yo. Si nou wè lwen e pran kouraj, nou va jwenn fòs pou chanje sa nou gen pou chanje, epi pou nou avanse.


Nou te mete paj sa a ajou: 21 okt 2020