Hesperian Health Guides

Swen sante ki montre respè ak konpasyon

Nan chapit sa:

a health worker speaking to a pregnant woman, who then thinks.
Mwen te enkyete m pou w lè m pa t wè w mwa pase a. Ou te gen yon pwoblèm?
Mwen kontan li pap rele sou mwen. Kounye a m ap ka esplike l mwen pa t vin nan randevou a paske lòt pitit mwen an te malad.

Tout moun merite respè. Antanke moun k ap travay nan domèn swen sante a, fason w trete yon fanm ansent gen yon enpòtans patikilye. Souvan fanmsaj yo se otorite moun fè konfyans. Yon ti pawòl ankourajman ka gen yon gwo efè sou yon fanm ansent pou l ka pi kwè nan kapasite l genyen pou l pran swen tèt li a. Tandiske, yon vye pawòl san reflechi ka fè l mal pandan plizyè ane.

Pa kritike moun

Gen fi ki abitye moun derespekte yo. Lè w kòmanse travay ak yon fi ki fin abitye yo derespekte l akoz laj li, travay li fè, ras li, relijyon l, nivo ekonomik li, domaj fizik li genyen, oswa pou nenpòt lòt rezon, li ka atann ou pral ba l move jan tou. Ou ka soulaje l sèlman lè w montre l ou la pou w koute pwoblèm li epi pou w ede l, nonpa pou w jije l oswa kritike l.

Suiv pwòp konsèy w

Moun plis suiv sa w fè ke sa w di. Piske fanmsaj se moun yo respekte nan kominote a, bagay w fè yo ka ankouraje lòt moun pran swen tèt yo pi byen. Si w bay pitit pa w la tete, lòt fi nan kominote a ap pi fasil bay pitit pa yo tete tou. Si w pa fimen, lòt fi ka suiv egzanp ou e yo pa fimen oswa yo kite fimen an. Viv lavi pa w menm jan w ta renmen lòt moun viv pa yo.

 a woman leading 2 pregnant women across a bridge labeled "Skills and Knowledge" toward a sign pointing to "Better Life."
Ede moun ede tèt yo

Chak moun gen dwa pou yo deside ki sa yo vle fè ak pwòp kò yo. Epitou, chak moun ta dwe pran responsablite pou yo chèche tretman pou tèt yo. Konsa, yo ka vin responsab pwòp sante yo ak sante kominote yo a.

Koute plis, pale mwens

Souvan yon fi bezwen yon moun ki pou koute l san l pa kritike l. Epi, pandan l ap pale, li ka remake li deja gen kèk nan solisyon pou pwoblèm li yo.

Pale sou sij è d if isil yo san kach e anyen

Gen fi ki timid, ki jennen, oswa ki twouble parapò ak pwoblèm yo. Ou jwenn sa sitou parapò ak pwoblèm nan fanmi oswa sèks. Lè yon fanmsaj pale sou bagay sa yo onètman e san l pa kache anyen, souvan li ka remake gen anpil fi ki gen menm pwoblèm yo. Lè w alèz epi w pale fran avè yo sou fanmi yo, sou sèks, e sou sante yo nan zafè sèks, w ap ede medam yo santi yo pa poukont yo, epi w ap ka ede yo rezoud pwoblèm ki ka gen gwo konsekans sou sante yo.

Pa devwale bagay ki konfidansyèl

Pinga w janm rakonte pèsonn moun zafè sante lòt moun, sof si moun nan di li dakò sa. Epi, lè w ap pale ak pasyan sou zafè sante yo, fè sa yon kote ki apa pou pèsonn pa tande sa n ap di yo.

2 women speaking to each other.
Mw en pap janm di pèsonn sa w di m nan
Mèsi. Mw en santi m soulaje lè m ka pale alèz konsa.
Yon fanmsaj pa dwe rakonte zafè prive lòt moun.

Sa ki enpòtan sitou se respete zafè prive fi a anrapò ak maladi moun pran nan fè sèks, foskouch ak avòtman, oswa pwoblèm nan fanmi. Ou pa dwe janm pataje enfòmasyon konsa san pèmisyon fi a.

Se yon sèl lè w ka gendwa pataje enfòmasyon sou sante yon moun: si yon pwofesyonèl lasante ap pran swen moun nan pandan yon ka dijans, l ap bezwen konnen istwa sante fi a pou l ka ba l swen ki apwopriye e ki efikas.

Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024