Hesperian Health Guides

Teknik medikal: Entwodiksyon

SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Teknik medikal: Entwodiksyon

Nan chapit sa:

MW Ch17 Page 296-1.png

Fanmsaj bay fi ak fanmi yo asistans pandan gwosès epi pandan akouchman, men yo konn bay asistans tou lè gen lòt pwoblèm sante ki pa gen rapò direkteman ak akouchman. Sa fè sans paske kapasite ak konpetans fanmsaj la genyen pou l ede yon fi ki ansent ak yon fi k ap akouche ka itil li lè yon fi bezwen lòt swen sante oswa lè l gen yon ijans medikal. Pa egzanp, yon fanmsaj ki deja abil nan rete san apre akouchman ka aprann fasilman kòman pou l rete san lè yon gwosès fini anvan lè.

Nan anpil kote, se fanmsaj la ki sèl pwofesyonèl k ap travay nan domèn swen sante a nan kominote a. Kote sa yo, fanmsaj la deja konn ede medam yo ak fanmi yo avèk bezwen medikal jeneral yo genyen yo. Plis fanmsaj yo gen kapasite, se plis y ap ka ede medam yo ki pa jwenn okenn lòt swen sante.

MW Ch17 Page 296-2.png

Nan pati sa a, liv la esplike kòman pou fè anpil pwosedi ki ka itil pandan tranche, oswa ki ka itil pou ede fi ki bezwen swen sante lòt lè nan lavi yo. Nan pifò kote, prèske tout fanmsaj ka fè pwosedi sa yo. Sepandan, yo ka mande bonjan fòmasyon ak anpil pratik pou yo ka fèt san danje. Asire w ou jwenn èd nan men lòt pwofesyonèl ak pwofesè ki gen eksperyans lè w ap aprann pwosedi sa yo. Eseye pwosedi ki pi konplike yo sèlman apre w fin jwenn bonjan fòmasyon e sèlman si w gen zouti ki esterilize. Men, pa pè aprann nouvo teknik sa yo. Avèk teknik sa yo, w ap ka amelyore lavi medam yo nan kominote w ap viv la.

Nan chapit ki vin apre yo, nou bay enstriksyon sou ki jan pou bay piki ak sewòm, ki jan pou verifye gwosè pasaj yon fi pandan tranche, epi ki jan pou fè tranche a cho lè l twò frèt. Gen 2 chapit ki rakonte ki jan pou ede medam yo sèvi ak planin, epi ki jan pou trete fi ki gen maladi moun pran nan fè sèks.

Nou esplike tou ki jan pou fè yon egzamen basen pou wè si yon fi gen siy enfeksyon oswa kansè. Gen lòt chapit ki esplike ki jan pou ede yon fi ki vle mete esterilè pou fè planin, epi ki jan pou ede fi ki gen pwoblèm lè gwosès la tèmine anvan lè.

Youn nan travay ki pi enpòtan pou yon fanmsaj se deside ki lè epi ki jan pou l chèche asistans. Pa gen pèsonn ki ka rezoud tout pwoblèm sante poukont li. Chapit 24 la bay kèk ide sou fason pou kolabore ak sant sante, lopital, epi ak lòt pwofesyonèl lasante pou medam yo ka jwenn swen san danje nan ka dijans.

4 health workers standing together in a health center.
Lè yo travay ansanm epi yo koute youn lòt, fanmsaj, enfimyè, doktè, ak lòt pwofesyonèl lasante yo ka sèten tout fanm jwenn swen yo bezwen

Pou fini, Chapit 25 bay ide sou ki jan pou nou fè ekipman pa nou, avèk zouti k ap ede n anseye.



Nou te mete paj sa a ajou: 29 fev 2024