Hesperian Health Guides

Gwosès: Entwodiksyon

SanteWiki > Yon Liv Pou Fanmsaj > Gwosès: Entwodiksyon

Nan chapit sa:

MW Ch6 Page 70-1.png

Tout fi bezwen swen ak atansyon pandan yo ansent. Yo konn rele sa swen prenatal (swen anvan akouchman an). Swen prenatal la ka ede fanm ansent yo pou yo gen yon pi bon sante epi pou yo gen mwens pwoblèm pandan tranche ak akouchman an. Moun ki pou kontribye nan bay swen prenatal la se fi ki ansent lan li menm, fanmi l, kominote a, ak fanmsaj la oswa yon lòt moun ki gen eksperyans nan ede fanm ansent.

Gen kote fanmsaj yo pran swen medam yo sèlman lè yo gen tranche oswa pandan akouchman an, men pa pandan gwosès la. Gendwa se paske pi souvan moun al kay medsen fèy oswa kay doktè sèlman lè yo malad oubyen lè yo gen yon pwoblèm. Nòmalman, fi ki ansent pa konn gen pwoblèm e yo an sante, se sa k fè moun pa panse swen prenatal la se yon bagay ki enpòtan. Men, pifò fanmsaj konnen lè yon fi jwenn bonjan swen pandan yo ansent, yo gen plis chans pou yo akouche byen epi pou bebe yo a gen bon sante.

MW Ch6 Page 70-2.png
Swen pandan gwosès la gen 2 objektif:
  1. Obsève e koute fanm ansent la pandan w ap egzamine kò l pou w ka wè bon ak move siy, epi lè w mande l si l gen pwoblèm oubyen si l gen kesyon.
  2. Aprann yon fi kòman pou l gen yon pi bon sante pandan peryòd gwosès la (pa egzanp, kòman pou l manje bagay ki bon pou sante l epi kòman pou l evite bagay ki danjere).


Fanmsaj yo dwe kòmanse swen prenatal la osito fi a konnen li ansent, epi yo dwe egzamine fi a regilyèman pandan gwosès la. Reyinyon sa yo rele “tchekòp.” Si sa posib, chak fanm ansent dwe fè omwen 4 tchekòp.

Lè gen plis tchekòp, w ap gen plis chans pou w pataje enfòmasyon ki enpòtan avèk fi a, epi w ap ka fè prevansyon pwoblèm sante. Epitou, tout fi ki bay move siy maladi dwe fè tchèkòp pi souvan.

Pati sa nan liv la divize an 3 chapit diferan:

  • Chapit 6 esplike chanjman ki fèt nan kò ak espri yon fi pandan gwosès la.
  • Chapit 7 esplike kòman pou w jwenn enfòmasyon sou istwa sante yon fi pandan premye tchekòp la.
  • Chapit 8 esplike kòman pou egzamine yon fi pou chèche bon siy ak move siy pandan chak tchekòp



women hanging a sign that reads: "Pregnant? Come to the clinic for your prenatal care."



Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024