Hesperian Health Guides

Chanjman nan santiman ak emosyon

Nan chapit sa:

Gwosès se yon peryòd enpòtan nan lavi yon fi. Pitit li ap grandi anndan l, kò l ap chanje, epi li bezwen plis manje ak repo. Lè kò yon fi ap chanje konsa, relasyon li gen ak lòt moun, lavi seksyèl li, ak abitit travay li yo ka chanje tou

Chanjman santiman ki sibit

Lè yon fi ansent, santiman l gendwa domine l. Gen fi ki ri oswa kriye san rezon. Genyen ki santi yo deprime, yo move, oswa yo annuiye.

a man comforting a crying woman while another woman speaks.
Maria! Sa k genyen? Ki sa pou m fè?
Se nòmal, Alfredo. Li ansent! Li jis bezwen w rete avè l epi pou w koute l.
M pa gen anyen, non. M pa menm konnen poukisa m ap kriye.

Ri oubyen kriye nan moman ki dwòl, lòt kalite chanjman nan atitid li, oswa santiman ekstèm, tout se bagay ki nòmal. Nòmalman, bagay sa yo pase vit. Men, pinga lòt moun vag sou santiman l senpleman paske li ansent. Santiman l yo reyèl.

Enkyetid ak kè sote

Anpil fi gen enkyetid (tètchaje) lè yo ansent, sitou pou sante bebe a ak zafè akouchman an. Sousi li genyen pou lòt pwoblèm nan lavi l ka vin pi rèd lè l vin ansent.

Enkyetid konsa se bagay nòmal. Sa pa vle di genyen yon move bagay ki pral pase. Medam ki gen santiman sa yo gen bezwen sipò afektif, tankou yon moun ki pou tande pwoblèm yo genyen epi ede yo pran kouraj. Epitou, yo ka bezwen èd pou yo rezoud pwoblèm yo, tankou pwoblèm avèk konjwen yo, pwoblèm lajan, dwòg avèk alkòl, oswa lòt kalite difikilte.

MW Ch6 Page 82-2.png

Rèv dwòl ak kochma

Fi ki ansent ka fè yon kalite rèv ki sanble yo reyèl. Rèv sa yo ka bèl, dwòl, oswa yo ka bay kè sote.

Pou anpil moun, rèv se yon mwayen pou yo konprann ni tèt pa yo ni monn nan. Gen moun ki kwè rèv ka fè nou konnen bagay ki pral rive oswa se mwayen pou espri yo pale avèk yo.

Men, nòmalman, lè yon bagay pase nan rèv sa pa vle di li pral rive nan je klè. Rèv la ka jis vle fè nou konnen ki sa nou pè oswa ki sa nou anvi. Osinon, yo ka senpleman istwa lespri nou fabrike pandan n ap dòmi. Fi k ap fè move rèv ka bezwen yon moun pou pale sou sa l espere, sa l pè, ak santiman l.

MW Ch6 Page 83-1.png

Renmen bliye

Gen fi ki renmen bliye pandan yo ansent. Pou anpil ladan yo, sa pa yon gwo pwoblèm. Men, gen fi ki ka boulvèse si yo pa konnen se yon bagay nòmal. Pa gen moun ki konnen poukisa fi renmen bliye pandan yo ansent, men sa rive toutan.

MW Ch6 Page 83-2.png

Atitid anvè sèks

Gen fi ki pa anvi fè sèks lè yo ansent. Gen lòt ki anvi l plis lè yo ansent. Toude nòmal. Fè sèks oswa pa fè sèks, toude pa yon pwoblèm ni pou fi a ni pou bebe a. Sèks pa yon danje pou bebe a.

Pafwa yon fanm ansent ka malalèz lè y ap fè sèks. Fi a ak mari l ka eseye fè lanmou nan lòt pozisyon. Li ka pi bon pou fi a rete anwo, li chita oubyen kanpe, oubyen li kouche sou kote.

Anplis relasyon seksyèl, gen lòt fason pou yon koup jwi entimite epi pou yo fè youn lòt plezi. Gen koup ki touche e karese youn lòt. Gen ki pale ansanm konsènan espwa yo ak krent yo.

Fè sèks ak prekosyon

Lè yon fanm ansent ap fè sèks, li enpòtan pou l evite pran enfeksyon lè yo asire yo se sèlman bagay ki pwòp ki antre anndan l. Sa vle di ni peni ni men gason an dwe pwòp.

Yon gason k ap fè sèks ak plizyè fi dwe toujou itilize kapòt, menm avèk fi ki ansent lan. Kapòt se yon bon fason pou evite enfeksyon, VIH/SIDA, ak lòt maladi moun pran nan fè sèks. Gade Chapit 18 pou aprann plis sou VIH/SIDA ak lòt maladi moun pran nan fè sèks.

MW Ch6 Page 83-3.png



Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024