Hesperian Health Guides

Pwoblèm sante travayèz seksyèl

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

MST, ANSANM AKVIH/SIDA

Akòz travay l ap fè a, yon travayèz seksyèl gen plis chans pou l trape maladi seksyèlman transmisib (MST) ak VIH/SIDA pase lòt fanm. Kòm se yon ti kras lajan manmzèl touche, danje pou l trape maladi sa yo ogmante paske l oblije reziyen l pou l kouche, chak jou, ak anpil gason. Li gen dwa vle sèvi ak kapòt epi chache lòt kalite pwoteksyon nan kontak seksyèl yo, men nèg k ap kouche avè l yo gen dwa bay pwoblèm. Yo gen dwa vle pran manmzèl nan vajen oubyen nan twou dèyè san kapòt. Yo gen dwa menm vle ba l kou, si l refize fè bagay k ap mete sante l an danje.

Lè yon travayèz seksyèl abitye pran dwòg, li pi vit aksepte fè bagay k ap mete sante l an danje pou lajan oubyen pou dwòg. Yon fanm konsa gen mwens kapasite pou l pran swen tèt li.

Menm jan ak tout fanm, si yon travayèz seksyèl trape yon MST, li ka vin gen pwoblèm esterilite oubyen kansè nan kòl matris. Enfeksyon tankou èpès, sifilis, gonore ak klamidya ka fè travayèz seksyèl la gen plis chans ankò pou l trape VIH/SIDA. Danje sa yo pi grav ankò pou jenn ti fi. Kòm pati entim yo poko byen devlope, kontak seksyèl ap pi vit donmaje yo.

Anpil travayèz seksyèl pa rive jwenn enfòmasyon sou MST. Yo pa konn ki jan pou yo trete MST; yo pa konn ki jan pou yo fè prevansyon MST. Anpil fwa, travayèz seksyèl pa ka jwenn ni enfòmasyon, ni swen sante paske gen moun ki gen prejije kont yo, gen moun ki pa vle wè yo. Lè medam sa yo pran kouray yo ak 2 men pou y al chache laswenyay nan yon sant sante, yo konn jwenn moun ki manke yo dega oubyen ki refize pran ka yo.

Nan kèk kominote, sou chak 10 travayèz seksyèl, gen jiska 9 ki enfekte ak VIH/SIDA.

a receptionist whispering to an older male health worker while 3 women wait in chairs

GWOSÈS

Pou yo pwoteje tèt yo kont gwosès, travayèz seksyèl yo bezwen bon jan metòd planin ki san danje, ki bay bon rezilta epi ki pa koute chè. Yon travayèz seksyèl gen plis chans pou l ranmase yon gwosès san l pa vle, si l pa ka jwenn metòd planin konsa nan kominote kote l ap viv la. Si l kenbe pitit la epi, an menm tan, li oblije kontinye kouche ak gason pou lajan, l ap mete ni tèt li, ni ti bebe a, an danje. Pwoblèm konplikasyon nan gwosès ak Maladi Seksyèlman Transmisib (MST) ka donmaje ni manman, ni pitit. Yon travayèz seksyèl ki ansent gen dwa kwè tou l oblije fè avòtman nan nenpòt ki kondisyon. Tout sitiyasyon sa yo chaje ak danje.

VYOLANS

Nan kèk peyi, si yon fanm mache ak kapòt pou l pwoteje tèt li, lapolis gen dwa arete l pou aktivite travay seksyèl.

Yon travayèz seksyèl gen dwa travay nan yon kafe kote l ap viv ansanm ak lòt travayèz seksyèl parèy li oubyen li gen dwa travay nan lari. Nan kondisyon sa yo, manmzèl gen chans pou l sibi vyolans, kadejak, vòl (yo gen dwa vòlè afè l), sitou si se yon jenn ti fi li ye. Si travayèz seksyèl la gen yon “mèt” oubyen yon nèg (tyoul oubyen koutye travayè seksyèl) k ap kontwole l epi k ap pran lajan l, anpil fwa, se vyolans nèg sa a ap fè, pou l kenbe manmzèl anba zòd li.

a woman reaching into her purse while a police officer stands with his hand open

Kòm travay seksyèl ilegal nan pi fò peyi sou latè, anpil fwa, lalwa pa rekonèt dwa travayèz seksyèl. Yo pa menm ka jwenn pwoteksyon nan men lapolis. Oubyen tou, pou yo ka jwenn yon ti “pwoteksyon”, yo gen dwa oblije bay lapolis tout ti kòb yo fè. Kòm pi fò lwa yo fèt pou pwoteje gason kont fanm ki nan movèz vi, olye pou lapolis pwoteje yon travayèz seksyèl, yo pito arete l, bat li, maspinen l oubyen menm fè kadejak sou li.

Si n ap sibi maspinay paske n se travayèz seksyèl, se pou n chache konn plis bagay sou dwa lalwa ban nou nan peyi kote n ap viv la. Epi nan vil oubyen nan peyi kote nou ye a, kapab byen gen yon gwoup k ap goumen pou fè respekte “dwa travayè seksyèl”. Konsa, y ap ban nou konsèy epi y ap eksplike n tou kijan pou n fòme yon asosyasyon


Nou te mete paj sa a ajou: 10 des 2025