Hesperian Health Guides

Kijan pou n pwoteje tèt nou anba MST, Espesyalman VIH/SIDA

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

a woman sitting on a bed holding a condom while a man undresses Posiblite anpil fanm pa pèmèt yo sispann kouche ak gason pou lajan. Si se nan sitiyasyon sa a nou ye, li enpòtan pou n pwoteje tèt nou kont MST ak VIH/SIDA (ki se MST tou).

Pou n pwoteje tèt nou ak lòt moun kont MST, fòk nou mete plis pwoteksyon nan kontak seksyèl ak kliyan nou yo epi fòk nou fè menm jan an, lè n a p kouche ak mari nou oubyen ak mennaj nou.

Ht WWHND Chap20 Page 346-2.png
WWHND10 Ch13 Page 201-2.png
kapòt fanm
  • Sèvi ak kapòt (an latèks), chak fwa n ap kouche ak yon gason. Fè yon jan pou n toujou gen kapòt, lè n ap travay.
  • Si n pa rive fè kliyan an sèvi ak kapòt, laponyèt (kote n sèvi ak men nou pou n fè l dous), ti bèf (kote n sèvi ak bouch nou) ak pawòl doudous gen mwens danje pase kontak seksyèl nan vajen oubyen nan twou dèyè.
  • Gade pati kliyan n yo anvan n al kouche avè yo pou n wè si yo genyen blese, bouton, maleng oubyen ekoulman. Pa janm aksepte kouche ak yon gason si nou sispèk li gen yon MST. Toujou sonje je nou pap janm ka ba nou si yon moun gen VIH/SIDA.
  • Si n pa ka sèvi ni ak kapòt gason, ni ak kapòt fanm, espèmisid avèk oubyen san dyafram ap ban nou mwens pwoteksyon pase kapòt. Men, pase pou n ret konsa, pito n sèvi ak espèmisid, ak dyafram oubyen san dyafram.
ATANSYON! Pa janm lave vajen nou ak pwodui chimik tankou klowòks ak detèjan. Mòd pwodui sa yo ka donmaje n ak maleng.

“Lè yo pa vle sèvi ak kapòt, m mande yo si yo pa janm pran nouvèl SIDA. Si yo reponn WI, m di yo kareman m p ap pran chans.” — Yolanda

TRETMAN POU MST, LÈ METÒD PWOTEKSYON YO PÈDI BATAY LA

Li toujou pi bon pou moun mete plis pwoteksyon nan kontak seksyèl yo, pou yo ka pwoteje tèt yo kont MST. Men kèk fwa, metòd ki bay pwoteksyon yo gen dwa pèdi batay la. Kapòt yo ka chire oubyen tou kliyan yo ka refize met kapòt.

Si moun k ap soufri ak MST pa chache laswenyay san pèdi tan, yo gen dwa trape maladi ki pi grav ankò e yo gen dwa menm pèdi lavi yo.

Fòk nou chache laswenyay san pèdi tan

a woman walking to the door of a building

Si n panse nou te an kontak ak yon moun ki gen MST, se pou n chache laswenyay san pèdi tan. Konsa, n ap ka anpeche maladi a vin pi grav. Si moun k ap soufri ak MST pa chache laswenyay san pèdi tan, yo gen dwa trape maladi ki pi grav ankò e yo gen dwa menm pèdi lavi yo.

Si n kapab, se pou n fè tès regilyè, pou n wè si n pa trape kèk MST. Si n gen siy MST, paregzanp, si vajen nou ap bay vye dlo oubyen san, si n gen doulè oubyen tou maleng nan pati entim nou, oubyen tou si n gen doulè anba ti vant, se pou n kouri al wè yon travayè sante ki konpetan san pèdi tan. Menmsi n pa gen ankenn siy MST, fòk nou al chache laswenyay nan yon sant sante oubyen nan yon klinik, pou pi piti yon fwa pa mwa, si n abitye kouche ak gason san pwoteksyon. Nou ka pa bezwen al nan sant sante souvan kon sa, si n sèvi ak kapòt, chak fwa n al nan kontak seksyèl.

Kòm nou pa konn ki MST kliyan yo genyen, se pou n chache tretman pou tout MST posib. Menmsi yon medikaman trete plizyè MST, li pap trete tout MST. Konsa, nou gen dwa oblije pran plizyè medikaman alafwa. Pou n jwenn plis enfòmasyon sou tretman MST, gade nan chapit sou “Maladi Seksyèlman Transmisib ak Lòt Enfeksyon nan Pati Entim”.

ATANSYON! Lè n ap pran antibyotik pou n trete MST, fòk nou pran dòz yo mande n pou n pran an epi fòk nou pa sispann tretman an anvan lè. Si n pran yon dòz ki twò fèb oubyen si n sispann tretman an anvan lè, siy yo gen dwa disparèt, men enfeksyon an p ap trete. L ap kontinye fè dega andedan kò nou. Epi n ap rankontre plis pwoblèm, lè n eseye trete enfeksyon an yon lòt fwa. Lè sa a tou, nou gen dwa oblije pran lòt medikaman ki koute pi chè. Anpil remèd ki te konn geri MST lontan pa ka bay ankenn rezilta jounen jodi a paske yon bann moun te pran abitid sèvi avè yo nenpòt kijan.

Tès SIDA

Si n gen entansyon fè tès VIH/SIDA, gade Tès VIH la. Mande nan klinik ki nan kominote kote n ap viv la si pa gen yon Pwogram Nasyonal k ap goumen kont maladi SIDA. Nan kad yon Pwogram kon sa, yo gen dwa ede travayèz seksyèl yo fè tès SIDA epi jwenn tretman pou enfeksyon ki pi frekan yo, sizoka yo gen maladi a.



Nou te mete paj sa a ajou: 10 des 2025