Hesperian Health Guides

Ann travay pou chanjman

Nan chapit sa a, n ap jwenn:

KIJAN N AP PLEDE KÒZ KAPÒT LA

Pou n fè plis gason sèvi ak kapòt, fòk nou fè yo konnen kijan prevansyon MST ak VIH/SIDA ap bon ni pou yo, ni pou fanm k ap kouche avè yo. Travay edikasyon sa a ap bay plis rannman, si l fèt sou yon baz kominotè.

Kòm travayèz seksyèl, nou ka bay yon gwo kout men, si n mete ansanm ak lòt travayèz seksyèl pou n fè mete kapòt tounen règ jwèt la. Konsa, ti pa, ti pa, kliyan nou yo ap kòmanse dakò pou yo sèvi ak kapòt.

Pou n ka plede kòz kapòt la byen devan kliyan nou yo, se pou n fè kèk repetisyon. Nou gen dwa mande lòt travayè seksyèl pou yo ede n fè repetisyon.

a woman showing a condom to a man who has his arm around her

Atitid nou genyen devan kliyan nou yo gen anpil enpòtans. Si n kwè nan tèt nou epi, an menm tan, nou konn kisa n ap di, nou gen plis chans pou n pran tèt yon nèg, pou n fè l konprann pawòl verite sa a: moun ki gen bon konprann sèvi ak kapòt. Men kèk konsèy ki ka itil nou:

  • Eksplike nèg la ki jan kapòt ka:
- bay ni li menm, ni nou menm pwoteksyon kont maladi.
- fè l gen mwens chans pou l kontamine madanm li ak MST.
- fè plezi a dire pi lontan.
  • Bay nèg la garanti n ap toujou fè kou n konnen pou l ka pran plezi l.
  • Si n vle fè ti bèf pou kliyan yo, se pou n aprann met kapòt ak bouch nou.
Yon travayèz seksyèl kap travay nan yon disko Dwala, nan peyi Kamwoun, rakonte istwa sa a:

Kote n ap travay la, li klè pou tout moun VIH ak SIDA reprezante gwo danje pou sante nou ak lavi nou. Se poutèt sa, yo distribiye kapòt bay tout medam yo. Nou fè kliyan yo konnen se avantaj pa yo n ap chache tou, lè n mande yo pou yo sèvi ak yo. Jounen jodi a, pi fò nan yo dakò ak sa. Nou fè kou n konnen pou n fè bagay la dous pou yo, pou yo ka tounen ankò.


Men toujou gen nèg ki kwè yo pi “gason” lè yo kouche ak fanm san kapòt. Pou nèg sa yo, vrè bagay la, se “kontak dirèk, “chè antre nan chè”. Nan prèske tout ka yo, lè yon nèg jwenn refi, apre l fin eseye lolo 4 ou 5 nan nou pou fè n kouche avè l san kapòt, gen 2 chans: oubyen l al fè wout li, oubyen l dakò pou l eseye wè si l ap jwenn menm kantite plezi a ak kapòt. Si misye kontinye fè presyon pou l fòse youn nan nou kouche avè l san kapòt, nou fè tèt ansanm pou n mete l deyò!


Nou pa renmen pèdi kliyan, men lavi n ak sante n gen plis enpòtans. Ti pa, ti pa, bagay yo ap chanje. Nan disko kote n ap travay la, se kapòt k ap mennen.

four women thinking about what they want
Travayèz seksyèl yo ap òganize yo pou yo ka jwenn yon lavi miyò. Y ap goumen pou menm bagay ak lòt medam yo.

ANN CHÈCHE FÒS PANDAN N AP ÒGANIZE N

“M te konn travay nan yon makrèl kote nou pa t toujou sèvi ak kapòt. Yo t ap fè yon bann presyon sou nou pou n pat janm egzije kapòt. Se poutèt sa, m te oblije met deyò. Jounen jodi a, m ap degaje m nan yon kafe kote kapòt se RÈG JWÈT LA. Konsa, m pa gen pou m bay tèt mwen pwoblèm epi m pa bezwen plede diskite san rete.” –Anita

Poutèt sitiyasyon yo kòm fanm epi kòm travayèz seksyèl anpeche sosyete a ba yo valè, medam k ap travay kòm jenès yo konn santi yo pa vo anyen. Yo konn menm santi yo pa gen fòs pou yo goumen pou yon lavi miyò. Yon travayèz seksyèl k ap travay pou kont li ka gen anpil pwoblèm pou l fè kliyan yo sèvi ak kapòt. Li ka gen pwoblèm tou pou l pwoteje tèt li kont vyolans.

Men anpil kote sou latè, travayèz seksyèl yo kòmanse konprann se sèl tèt ansanm k ap ba yo fòs pou yo goumen pou chanjman, se sèl tèt ansanm k ap pèmèt yo jwenn yon lavi miyò. Nan kèk lokalite, travayèz seksyèl yo ap òganize yo pou yo ka travay nan pi bon kondisyon: yo egzije kliyan yo sèvi ak kapòt; yo met tèt yo ansanm pou yo fè rezistans, lè lapolis vle maspinen yo. Lòt kote, travayèz seksyèl yo kòmanse mete sou pye, ak konkou lòt moun nan kominote a, yon seri pwogram fòmasyon. Konsa, y ap ka meble lespri yo, y ap ka aprann metye. Konsa, lè yo pa kouche ak gason pou lajan, yo p ap mouri grangou.

Men kèk lide ki soti anba bouch travayèz seksyèl toupatou sou latè. Lide sa yo montre kijan y ap travay ansanm epi ki jan y ap pote kole youn ak lòt pou lavi yo ka chanje.

Se pou youn montre lòt kijan pou l jwenn plis sekirite nan travay li. Nou gen dwa mande yon gwoup travayèz seksyèl pou yo chita ansanm pou yo brase lide sou kesyon sa yo:

  • kijan pou moun sèvi ak kapòt pou yo fè prevansyon MST ak VIH/SIDA epi ki jan pou moun chache laswenyay pou MST, lè sa nesesè.
  • metòd planin familyal yo, ki kote n ap jwenn yo, kijan pou n sèvi avè yo.
  • kijan pou n chwazi yon kliyan epi kijan pou n evite sitiyasyon ki gen danje.
  • kijan pou youn pote kole ak lòt, lè yon kliyan ap fòse youn nan nou fè sa l pa vle fè.
  • kijan pou n chwazi ki valè tan n ap pase ak kliyan yo.


Òganize nou pou n jwenn plis sekirite. Lè travayèz seksyèl ap travay ansanm, lè youn ap pote kole ak lòt, yo gen mwens chans pou yo sibi vyolans anba pat kliyan, lapolis oubyen “tyoul” (koutye-travayè seksyèl). Se pou n mete ansanm ak lòt travayèz seksyèl pou n wè ki jan youn ka sipòte epi pwoteje lòt.

Aprann metye. Nou ka travay ansanm pou n met yon pwogram alfabetizasyon sou pye oubyen nenpòt lòt sant k ap aprann nou sèvi ak 10 dwèt nou. Pafwa, nou gen dwa jwenn travayèz seksyèl ki ka aprann tokay yo metye. Oubyen tou, nou ka jwenn yon kout men nan men kèk kamarad nan kominote a ki aksepte ban n leson.

a woman talking as she combs another woman's hair
M di misye: “San kapòt, anyen menm”. Kounye a, ak ti kòb m ap fè nan fè cheve a, m ap toujou di “Non” e m ap toujou ka peye lwaye ansanm ak tout bòdwo m gen pou m peye.

Lè yon travayèz seksyèl konn sèvi ak 10 dwèt li, l ap ka debwouye l pou l fè ti monnen nan kèk lòt djòb. Konsa, l ap gen lòt bagay li ka fè mete sou aktivite kouche ak gason pou lajan an. Epi, si l santi gen danje, li gen dwa refize monte sou kabann ak yon nèg.

Monte yon ti kès kredi ansanm pou n ka jwenn ti kòb prete, lè n nan bezwen. Yon gwoup travayèz seksyèl Naywobi (nan peyi Kennya) te mete lajan ansanm pou yo fè yon ti kès kote manm gwoup la ka jwenn lajan prete. Anpil ladan yo sèvi ak kòb sa a pou yo peye lekòl pitit yo. Gen lòt gwoup ki fè menm jan an pou yo ka jwenn kòb pou yo fè komès. Kon sa, yo jwenn yon lòt mwayen pou yo fè ti kòb, mete sou aktivite kouche ak gason an.

Kominote a ka bay kout men tou

a man and two sex workers standing near a sign that says, "condoms required for your safety and ours"

Moun k ap viv nan kominote a gen dwa ede travayèz seksyèl òganize yo pou yo ka jwenn plis sekirite nan travay yo. Nou gen dwa, paregzanp:

  • goumen pou fòse Chanm Sena ak Chanm Depite vote lwa ki anpeche malandren eksplwate travayèz seksyèl. Pami malandren ki merite pinisyon yo, nou ka jwenn mèt kafe, tyoul travayè seksyèl, polisye, kliyan medam yo ak dilè dwòg.
  • fè presyon pou lapolis ka sispann maspinen travayèz seksyèl.
  • goumen pou n jwenn lwa ki ankouraje kliyan yo sèvi ak kapòt. Paregzanp, Ministè Sante Piblik peyi Tayland egzije tout travayèz seksyèl sèvi ak kapòt. Si yo pa respekte desizyon Ministè a, Leta gen dwa fèmen kafe a oubyen fè kafe a peye yon amand. Ak yon desizyon kon sa, travayèz sekysèl yo jwenn mwayen pou yo fè presyon sou kliyan yo pou fòse yo sèvi ak kapòt. Rezilta: kit se travayèz seksyèl, kit se kliyan, kit se madanm kliyan, yo tout jwenn pwoteksyon.


Nou ka goumen tou pou n anpeche paran vann pitit fi yo epi pou n anpeche malpouwont fòse jenn ti demwazèl tounen travayèz seksyèl:

  • Eksplike manman ak papa pitit nan ki lòbèy y ap mete pitit fi yo ladan l, lè yo lage l bay yon malandren ki, swadizan, ap mennen travay nan peyi etranje.
  • Se pou n ede timoun ki sove kite lakay yo. Nou dwe ba yo travay. Nou dwe ba yo konkou moral. Nou dwe ba yo kote pou yo rete. Si n ede yo, ankenn malandren p ap ka fòse yo kouche ak gason pou lajan.


Nou te mete paj sa a ajou: 10 des 2025