Hesperian Health Guides
Chapit 20: Travayèz seksyèl
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit 20: Travayèz seksyèl
Tankou tout lòt fanm, travayèz seksyèl yo ap redi travay pou yo ka jwenn mwayen pou yo viv epi elve pitit yo.
Tout fanm ki kouche ak gason pou lajan oubyen pou lòt avantaj se travayèz seksyèl. Anpil moun konprann travayèz seksyèl se fanm ki mache twaka touni, kap fè ti jwèt ak gason, epi ki travay nan makrèl osnon nan lari. Men nan pami medam kap vann kò yo, gen tout kalte moun. Yon travayèz seksyèl gen dwa yon jèn ti gengenn, osnon yon fanm ki pi granmoun ki gen 6 pitit sou kont li. Li kapab travay nan yon makrèl, yon ba osnon yon kafe, oubyen nan lari a anba zòd yon tyoul, oubyen tou lakay li. Men nan tout ka sa yo, se toujou menm pwoblèm fondal-natal la ki genyen: fanm nan setoblije vann kò li pase se sa sèlman l ka fè pou l jwenn lajan manje, bwè, dòmi a.
Nan liv sa a, olye n sèvi ak mo “bouzen” oubyen “pwostitye”, nou di “travayèz seksyèl”. Nou fè sa paske gen yon bann moun ki panse travayè seksyèl se vakabòn ki ta merite mete nan prizon. Nou rele medam sa yo “travayèz seksyèl” pase tankou tout lòt fanm, yap redi di pou yo jwenn dekwa pou yo viv. Menm jan an tou, nou rele gason kap kouche pou lajan ak medam sa yo “kliyan” oubyen “pratik”.
Gen anpil fanm tou ki, malgre yo pa konsidere tèt yo kòm travayèz seksyèl, konn kouche ak gason pou yo ka jwenn kèk avantaj, tankou: yon vye djòb oubyen yon kote pou yo tann nat yo. Nan ka sa yo, nou di se “kouche pou ou pa mouri”. Fanm k ap fè 2 kou rankontre tou ak anpil nan pwoblèm k ap maspinen travayèz seksyèl yo.