Hesperian Health Guides
Kijan diferans ant wòl fanm ak wòl gason aji sou sante seksyèl moun
SanteWiki > Kote Fanm Pa Jwenn Doktè > Chapit_12:_Sante_seksyèl > Kijan diferans ant wòl fanm ak wòl gason aji sou sante seksyèl moun
Move kwayans sou seksyalite fanm
Nan lide chak kominote gen sou fanm ak sou gason, nou jwenn yon seri kwayans sou seksyalite fanm ak seksyalite gason - sa vle di ki konpòtman yo chak dwe genyen nan kontak seksyèl, epi kijan yo chak dwe wè pwòp kò yo.
N ap jwenn pi ba a eksplikasyon sou kèk move kwayans sou seksyalite fanm. Kwayans sa yo ansanm ak lòt dezagreman ki soti nan diferans sosyete a fè ant wòl fanm ak wòl gason fè medam yo pa gen kontwòl sou lavi seksyèl yo. Rezilta: medam yo vin gen plis chans pou yo rankontre pwoblèm nan sante seksyèl yo.
Move kwayans: Fanm dwe wont kò yo
Yon fanm pa dwe wont kò l. Kò li se yon bagay pou l chèche konnen, konprann, pou l renmen, epi pou l bay valè.
![]() |
Depi timoun sot nan vant, manman ak papa kòmanse fè yo aprann bagay sou kò yo. Yo pa fè sa dirèk dirèk. Men yon tibebe rive aprann leson an trè byen, dapre fason paran yo kenbe l, ak ton yo pran, lè y ap pale avè l.
Depi timoun sot nan vant, manman ak papa kòmanse fè yo konnen ki non diferan pati nan kò l genyen, epi poukisa bout anba l (aparèy jenital li) pa fèt menm jan ak bout anba yon ti gason. Men sa ki depaman a sa k ka rive ak yon ti gason, yo toujou kouri dèyè manmzèl paske li twò fouyapòt. Epi yo fè l konnen ti fi byennelve pa poze mòd kesyon sa yo. Si, yon jou, li mete men l nan vajen li, se gwo jouman l ap pran. Y ap fè l konnen se yon bagay ki sal, li ta dwe wont sa – epi fòk li kache bout anba l.
Akòz reyaksyon sa yo, ti fi a aprann li dwe wont kò l. Rezilta: lè l kòmanse fòme (pibète), l ap gen anpil pwoblèm pou l poze kesyon sou transfòmasyon ki ap fèt nan kò l, sou règ oubyen sou fè lanmou. Li ka chaje pwoblèm tou pou l pale ak yon travayè sante, paske li pa menm konn non tout pati nan kò l, epi li pa konn ki kesyon pou l poze. Pi ta, lè l kòmanse antre nan fè lanmou, l ap gen mwens chans pou l konprann kijan kò l ka dous, oubyen tou kijan pou l pwoteje tèt li kont yon gwosès li pa vle osinon kont maladi seksyèlman transmisib yo (MST).
Nou pa gen ankenn rezon pou n wont kò nou. Li pèmèt nou touche lòt moun, li pèmèt nou pran swen lòt moun, li pèmèt nou pran plezi nan lanmou. Se yon bagay pou n chèche konprann, pou n renmen epi pou n bay valè.
Move kwayans: Kò fanm se pwopyete gason
![]() |
Gen kèk paran ki marye pitit fi yo depi lè yo timoun. Konsa, mari yo ap jwenn yo tifi kanmèm. Sa ka lakòz gwo prwoblèm sante pou ti fi sa yo, ansanm ak pou timoun y ap gen pou yo fè. |
Nan anpil kominote, yo konsidere fanm menm jan ak yon tè, oubyen yon kay papa yo oubyen mari yo posede. Lè fanm nan timoun, se byen papa li ye. Se papa a ki pou fè sa l konnen pou l chwazi yon mari pou manmzèl. Kèk fwa menm, papa a vann li kareman - menm jan li ta vann yon tè oubyen yon kay - bay mari a oubyen ba yon patwon. Mesye sa a ki pral marye ak fanm nan vle jwenn byen an “san tach”. Fòk lòt gason pa t manyen l. Li vle pou l jwenn li tifi. Apre maryaj la, li santi l gen dwa pou l sèvi ak kò fanm nan, lè lide l di l, pou l pran plezi l. Li menm mari a, li gen dwa kouche ak lòt fanm, men madanm nan pa gen dwa wè lòt nèg.
Kwayans sa yo lakòz gwo danje. Chak demwazèl konnen se lòt moun ki dwe pran tout desizyon enpòtan ki konsène lavi li - kèlkilanswa sa li menm li vle, kèlkilanswa kapasite l genyen pou l ede kominote a. Kòm yo ba vijinite yon pakèt enpòtans, yo gen dwa fòse l marye byen bonè. Oubyen tou li ka oblije sèvi ak move mòd pratik seksyèl, poutèt pou l pa pèdi vijinite l. Paregzanp, li ka deside pran nan dèyè (poutèt pou imèn li - ti po ki bouche vajen an pa dechire). Nan bagay sa a, l ap gen plis chans pou l trape VIH/SIDA ak lòt MST yo. Lè l kòmanse antre nan kontak seksyèl, li ka manke pouvwa pou l pale ak mari l sou nesesite planin familyal oubyen sou nesesite pou l pwoteje tèt li kont MST yo.
Men moun sila yo ki di kò fanm rele gason chèmèt chèmètrès manti kou chen! Kò yon fanm rele l chèmèt chèmètrès. Se li menm sèl ki gen dwa deside kijan, ki lè epi ki moun l ap kite manyen kò sa a.
Move kwayans: Fanm anvi fè lanmou mwens pase gason
Gen anpil fwa, yo aprann medam yo youn nan djòb yo genyen, se pou yo kouche ak mari yo. Chanje wòl ki nwizib epi kwayans ki nwizib sou seksyalite fanm.

Yon lòt fwa ankò, mòd kwayans sa yo aji sou sante seksyèl yon fanm. Dabò, yon fanm ki kwè l pa dwe reflechi sou kontak seksyèl p ap janm pare pou l chèche pwoteje tèt li. L ap gen mwens chans pou l jwenn enfòmasyon sou planin familyal, pou l konn kijan l ka jwenn kapòt epi kijan pou l sèvi avè yo. Menm si l rive jwenn enfòmasyon sa yo, l ap gen anpil pwoblèm pou l chita pale davans ak mari li sou kesyon sa yo. Si manmzèl ka pale sou kesyon sa yo, mari a gen dwa panse l deja konn gen eksperyans seksyèl, konsa, se yon fanm ki deja “pouri”.
Depi fanm nan kòmanse antre nan fè lanmou, l ap pi vit kite mari a deside ki mòd lanmou y ap fè. Mari a ap ka pran tout kalte desizyon. Paregzanp: ki lè epi kijan y ap fè sèks, èske y ap chèche pwoteksyon kont gwosès ak MST yo. An menm tan tou, se mari a sèl ki pou deside si, wi ou non, l ap kouche ak lòt fanm. Konsa, fanm nan ap gen plis chans pou l trape MST.
Men fè lanmou se yon bagay ki nòmal nan lavi yon moun. Yon fanm ka anvi kouche menm jan ak yon gason. Li ka jwenn plezi nan sa menm jan ak yon gason.