Hesperian Health Guides
Ann travay pou chanjman
Ann chèche chanje move konsepsyon moun genyen sou wòl fanm ak wòl gason
Travay pou chanje move konsepsyon moun genyen sou wòl fanm ak wòl gason se yon travay ki ap pran tan. Lide sou wòl fanm ak gason se de lide ki antre fon anpil nan lespri yon kominote. Men piti piti, fanm ak gason ka aprann jwe lòt wòl, sitou si yo konprann kijan wòl sa yo ap ede jènn tifi ak fanm viv pi an sante epi pwodwi plis.
Premye travay nou gen pou n fè, se ede pou n ede kominote a konprann konsepsyon sa yo:
- Se pou n ede moun yo konprann ki sa ki rele “konsepsyon sou wòl fanm ak wòl gason” epi kijan paran yo, tradisyon kominote a, radyo, televizyon ak jounal travay pou foure konsepsyon sa yo nan tèt moun.
- Se pou n brase lide ansanm ak moun yo pou n wè ki wòl espesyal sosyete a bay fanm, ki wòl espesyal sosyete a ba gason. Apre sa, se pou n chèche tout sa k pa bon ladan yo, sa vle di tout sa ki merite chanje.
- Se pou n bati ansanm ak moun yo yon plan batay ki ka pèmèt nou
Activity
Itilizasyon pawòl ki gen rapò ak sèks
Moun ka rive konprann kijan kwayans yo genyen sou sèks soti nan konsepsyon yo genyen sou wòl fanm ak wòl gason, lè yo dekouvri kijan lide fanm ak lide gason depaman, nan sa k konsène sèks. Aktivite sa a ap ede fanm ak gason aprann kijan pou yo pale, san yo pa santi yo jennen, sou fè lanmou. Sa ap ede yo reflechi tou sou diferans ki egziste, nan domèn seksyalite, ant lide fanm ak lide gason.
- Chire plizyè ti moso papye. Nan tèt chak ti moso papye, ekri divès mo ki gen rapò ak sèks: paregzanp, “aparèy (jenital) gason, “aparèy (jenital) fanm”, “fè lanmou”, “kapòt”, eksetera. Si n vle, nou gen dwa pito sèvi ak desen.
- Fè ti gwoup 2 moun oubyen twa moun. Bay chak gwoup yon ti moso papye. Ba yo kèk minit pou yo chèche tout mo “byennelve”, tout “gwo” mo, tout mo “doktè” ak tout mo nenpòt moun itilize ki gen menm sans ak mo sou ti moso papye yo. Apre sa, ranmase ti moso papye yo epi pase yo ba lòt gwoup, jouk tout gwoup yo jwenn chans pou yo ajoute mo sou chak lis.
- Chita ansanm ak tout moun yo pou n reflechi sou mo sa yo. Ki lide yon moun ka genyen, lè w tande tèl mo? Eske fanm ak gason pa gen menm lide? Ki kalite mo gason plis itilize? Ki kalite mo fanm plis itilize? Si yon fanm sèvi ak mo sa yo, ki sa moun ap panse? Ki sa moun ap panse, lè se gason ki sèvi ak mo sa yo? Pou ki sa? Ki mo ki pi bon pou n itilize nan diferan sitiyasyon? Pouki sa?

Pou n travay pou chanjman nan kominote a, li enpòtan pou n chèche konnen tout baryè ki anpeche moun pwoteje tèt yo nan kontak seksyèl yo.
Ann amelyore sante seksyèl nan kominote a
Tout kominote pa gen menm konsepsyon sou wòl fanm ak wòl gason. Menm jan an tou, fanm ak gason pa jwenn menm tèt chaje, lè y ap eseye amelyore sante seksyèl yo. Men yon modèl nou ka pran pou n kòmanse brase lide sou tèt chaje fanm nan kominote a ka rankontre, lè yo vle desitire danje nan kontak seksyèl yo.
{{spannote|||
- Kòmanse rakonte yon istwa tankou, istwa Fatima a. Lè n ap pale de Fatima ak Emanyèl, fè kòm si se 2 moun ki ap viv nan kominte a.
- Lè n fin rakonte istwa a, kòmanse yon deba ak mòd kesyon sa yo: “Poukisa Fatima pa t pwoteje tèt li kont Sida?”, “Eske n panse manmzèl te konnen l ka trape Sida?” “Poukisa l pa t konnen?”
- Apre gwoup la fin pale sou enpòtans sa genyen pou moun konprann lè gen danje, nou gen dwa pale sou lòt baryè ki anpeche moun pwoteje tèt yo nan kontak seksyèl. Paregzanp: ki pwoblèm mòd fanm tankou Fatima ka rankontre lè yo vle pwoteje tèt yo? Poukisa fanm gen pwoblèm pou yo pale ak mari yo sou nesesite pwoteksyon nan kontak seksyèl ? Kisa fanm ka fè pou fè mari yo konprann nesesite pou moun wete danje nan fè lanmou?
- Chèche ki sa n ka fè pou n ede tout fanm tankou Fatima ki ap viv nan kominote a. Reflechi pou n wè kijan nou ka dechouke baryè ki anpeche moun nan kominote a pwoteje tèt yo, lè y ap fè lanmou. (Nan Ann travay pou chanjman, n ap jwenn kèk teknik ki ka ede n travay ak moun nan kominote a pou n ankouraje yo wete danje nan fè lanmou.) Fini deba a ak yon plan ki ka pèmèt nou fè sante seksyèl nan kominote a vin miyò.