Hesperian Health Guides

Ki jan pou nou evite e goumen anba pwoblèm maladi sik ka bay

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Pran swen pye nou yo

Youn nan bagay ki pi enpòtan pou moun ki gen maladi sik se pou yo pran swen pye yo. Maladi a ap donmaje nè ki nan pye yo, ki fè pye yo vin angoudi ; konsa yo ka pa santi anyen lè yo blese pye yo. Lè yon moun gen dyabèt, blese li yo pa vle geri, epi yo fasil pou yo enfekte. Chanpiyon sou pye ka bay enfeksyon tou (al gade nan Pwoblèm po, chapit sa a poko ekri).

Si nou pa trete enfeksyon nan pye, enfeksyon an ka gaye nan tout janm nan. Janm nan ka vin tèlman enfekte ke li pa kapab geri ; alafen yo oblije koupe yon pati ladann. Men si nou pran swen pye nou yo, epi si nou kenbe kantite sik ki nan san an nan yon nivo nòmal, sa ka pa rive.

a man checking his feet.

Tyeke pye nou yo chak jou

Si nou pa ka santi anyen nan pye nou yo, nou mal pou nou remake lè nou blese youn. Poutèt sa, si nou wè pye nou kòmanse angoudi, fè atansyon pou nou tyeke yo chak swa, egzaminen yo, epi manyen yo. Si nou pa kapab fè l pou kont nou, mande yon moun ede nou. Gen de moun ki sèvi ak yon miwa pou wè plant pye yo. Chache wè si pa gen zanpoud, pati ki wouj, ki koupe, oubyen si pa gen maleng. Touche ak pye yo pou konnen si pa gen kote ki cho oubyen ki anfle ; se ka enfeksyon k ap mete pye. Fè atansyon pou nou tyeke fant zòtèy yo.

Si nou gen blese ki pa p geri, oubyen si gen kote ki gen koule wouj, yo cho, oubyen yo anfle, fòk nou al wè yon ajan sante pou trete blese sa yo pou nou ka evite gwo konplikasyon.

Ki jan pou nou okipe blese nan pye

Kenbe kote ki blese yo pwòp e sèch. Evite mache sou pye a otan ke nou kapab. Sèvi ak beki pou menaje pye a, epi pou pa peze twòp sou maleng nan.


a foot with a sore.
maleng
a foot with an infected sore.
maleng ki enfekte

Pwòpte tout maleng ak dlo pwòp. Wete tout vyann ki mouri. (Vyann ki mouri a va santi fre lè nou touche ak li, epi li va gen yon koulè pi fonse pase lòt vyann.) Pou wete vyann ki mouri a pi fasil, tranpe pye a nan dlo tyèd (pa twò cho). Pase yon ponmad antibyotik sou li, epi bande li ak twal gaz oubyen ak yon twal dou ki byen pwòp. Mete yon kouch ranbouraj sou li.

Veye pou wè si pa gen siy enfeksyon tankou li vin anfle, li di, li cho, oubyen li fè yon liy wouj k ap mache monte anwo maleng nan. Trete enfeksyon an ak yon antibyotik tankou tétracycline, doxycycline, pénicilline, oubyen métronidazole.

Si nou poze pye a, epi si nou okipe maleng yo, men yo pa vle geri, chache konkou doktè.


 a foot wearing a sandal with the word "yes" and a bare foot with the word "no".
Wi
Non

Evite blese pye nou

Toujou pote soulye oubyen sandal, menm nan kay la. Li posib pou nou mache sou yon bagay ki pwenti san nou pa santi sa.

Lave pye nou yo chak jou ; seche yo byen. Veye pou nou seche fant zòtèy yo.

Anvan nou mete soulye, pase yon men nan chak soulye pou wè si pa gen anyen ki pwenti oubyen di ladan yo. Si genyen kote nan soulye a ki di oubyen ki gwosye, koupe l oubyen mete yon ti ranbouraj la.

NWTND Diab Page 23-4.png

Zong pye

Yon zong nan chè (zong enkane) ka pèse po a epi bay enfeksyon. Si gen yon zong nan chè a, pran yon ti moso koton wat ki mouye, mete l anba kwen zong lan pou leve li soti nan chè a. Koupe zong yo tou dwat antravè ; veye pou nou pa blese zòtèy la. Oubyen sèvi ak yon lim. Si nou koupe zong yo tou dwat antravè, sa ap anpeche zong yo antre nan chè a.

two women talking at vegetable stand.
Lè nou byen manje jan nou dwe a, sa ede nou lite ak maladi sik la ; epitou li anpeche tansyon an monte twò wo. Li bon pou tansyon an tou si nou pa mete twòp sèl nan manje nou.

Kontwole tansyon

Tout moun ki fè sik dwe fè tyeke tansyon yo. An plis, tout moun ki fè tansyon dwe tyeke si yo fè sik tou. Menm jan ak dyabèt, tansyon ka donmaje kè a, venn san yo, ren yo, ak lòt pati nan kò a. Si yon moun gen toulede maladi sa yo—dyabèt ak tansyon—genyen plis chans pou li fè maladi kè, pou li gen yon konjesyon serebral, oubyen lòt pwoblèm ki grav. Pwoblèm sa yo pi grav kay moun ki gen toulede maladi sa yo : dyabèt ansanm ak tansyon.

Yon tansyon nòmal se pi ba pase 140/90 (al gade nan Maladi kè, chapit sa a poko ekri). Si tansyon an twò wo, eseye fè li desann. Fè plis egzèsis, pa kite pwoblèm lavi okipe tèt nou twòp, epi manje pi bon kalite manje. Se menm bagay sa yo ki va ede nou goumen ak dyabèt e tansyon, sa vle di toulede ansanm.

Genyen medikaman ki rele ICA (inhibiteurs de l'enzyme de conversion d'angiotensine) ki fè tansyon an desann. Genyen posiblite pou yo pwoteje kont maladi ren tou. Yon lòt kalite medikaman ki rele statine (statin) fè kantite kolestewòl ki nan san an desann, sa ki bay ti pwoteksyon kont maladi kè ak konjesyon serebral kay moun ki fè sik. Pou aprann plis sou koze medikaman ki pou desann tansyon an epi ki pou desann kantite kolestewòl ki nan san an, al gade nan Maladi kè (chapit sa a poko ekri).

NWTND Diab Page 24-2.png

Sispann fimen

Moun ki fimen gen plis fasilite pou yo fè sik. An plis, moun ki fè sik, si yo fimen tou, yo soufri pi rèd anba pwoblèm sante pase moun ki fè sik men ki pa fimen. Fimen fè dega nan poumon moun, men sa ki pi rèd, li fè dega tou nan lòt pati nan kò a. Li anpeche san an sikile, epi li fè tansyon an monte. Tèlman fimen nwizib pou sante moun, li pi bon pou yo sispann fimen pase pou yo fè kantite sik ki nan san an desann. Al gade nan Dwòg, alkòl, ak fimen (chapit sa a poko ekri) pou konnen ki jan moun ka sispann fimen.

a man brushing his teeth.

Pran swen je yo

Lè kantite sik ki nan san an monte twò wo, li ka fè yon moun wè twoub. Pwoblèm sa a ap pase lè kantite sik la tounen nòmal. Men maladi sik la ka donmaje venn san ki nan je yo, ki fè yon moun pa ka wè jan li te konn wè a. Konsa, pwoblèm pa ka wè a vin pi grav jis yon moun rive pa ka wè ditou. Si gen yon klinik pou je, yon moun ki fè sik dwe al fè egzaminen je li yo chak ane, oubyen pi souvan si yo deja donmaje. Si yon doktè je wè ke venn san ki nan je yo kòmanse donmaje, li ka trete pwoblèm sa a bonè pou moun lan pa vin avèg.

NWTND Diab Page 25-2.png

Pran swen bouch ak dan

Maladi sik la ap fè enfeksyon jansiv vin pi grav ; lè fini, enfeksyon an fè maladi sik la vin pi grav. Moun ki fè sik dwe bwose dan yo 2 fwa nan yon jou pou pi piti. Sèvi ak yon bwòs dan e pat dantifris ki fèt ak fliyori. Oubyen sèvi ak yon ti bout bwa ; kraze pwent la pou fè yon ti bwòs ki ka sèvi pou bwose dan yo. Si nou gen kidan oubyen fil dan, sèvi ak yo pou netwaye fant dan yo. Pou aprann plis sou koze anpeche enfeksyon jansiv, al gade nan Dan, jansiv, ak bouch (chapit sa a poko ekri).

Moun ki fè sik, li bon pou yo al wè yon doktè dan tanzantan. Toujou di doktè dan an si nou gen dyabèt.

Vaksen

Moun ki fè sik dwe pran vaksen tanzantan kont maladi tankou yon kalite grip ak yon kalite nemoni. Maladi sa yo pi rèd pou moun ki fè sik.


Nou te mete paj sa a ajou: 21 okt 2020