Hesperian Health Guides

Kriz sik

Genyen 2 kalite kriz sik ki ka rive moun ki gen dyabèt. Yon kriz sik twò ba rive yon moun ki konnen li gen maladi sik, epi l ap trete l ak medikaman oubyen ensilin. Sa ki lakòz sa rive, se petèt li te pran twòp medikaman oubyen ensilin, oubyen li pa t manje ase. Yon kriz sik ba kapab frape yon moun san atann, men si li fè vit trete l, l ap refè.

Jeneralman yon kriz sik twò wo rive yon moun ki te deja montre siy danje yo, menm si li pa t konnen li gen dyabèt.

Si ou gen dyabèt, ou dwe pote yon braslè oubyen yon kat avèk ou pou fè lòt moun konnen ke ou gen dyabèt. Mete sou li non tout medikaman w ap pran yo. Si ou ta endipoze epi ou pa kapab ede tèt ou, lòt moun ap konnen ki jan pou yo pote ou sekou. Fè fanmi an ak moun bò kote ou rekonèt siy danje yo epi ki sa pou yo fè pou ede ou si ka a ta mande sa.

Si yon moun ki gen dyabèt gen pwoblèm, men nou pa konnen si li pa gen ase sik nan san an, oubyen si li fè twòp sik, trete li kòm si li pa gen ase sik (ba li yon ti dous) toutan nou nan chemen pou al kay doktè.

Lè pa genyen ase sik nan san an

Sa pa ka rive sòf nan ka kote yon moun ap pran medikaman ki pou trete maladi a. Kantite sik ki nan san an ka desann twòp si li pran twòp ensilin oubyen lòt medikaman ki pou trete maladi a, si li pa t manje ase, si li fè twòp travay yon sèl kou, si li tann twò lontan pou li manje, oubyen si li bwè alkòl. Si tanzantan yon moun gen kantite sik la desann twò ba, ede li aprann ki jan pou li boule pi byen ak medikaman yo. Pou evite pwoblèm konsa, se pou li manje pi souvan oubyen manje pi bon kalite manje.

Lè kantite sik ki nan san yon moun twò ba, li ka nève, li swe, oubyen li tranble. Pi lwen, sibitman li maladwat, li bwouye, li nève osinon irite. Depi li fè premye siy sa yo, fòk li manje touswit. Si li pa manje, maladi ap vin pi rèd toujou. Veye pou wè si li pa gen pwoblèm grav sa yo:

SIY KI MONTRE GEN DANJE
  • Li mal pou li mache.
  • Li fèb.
  • Li wè twoub.
  • Li bwouye, li aji yon ti jan dwòl (li sanble ak yon moun ki sou).
  • Li endispoze.
  • Li fè kriz.
TRÈTMAN

Si je li klè, fè vit ba li sik: ji fwi, sirèt, osinon yon vè dlo ak kèk kiyè sik ladann. Yo tout ka sèvi. Lè fini, se pou li manje manje ki fèt nan chodyè. Si nou gen yon glikomèt ki pou mezire kantite sik ki nan san an, n ap konnen si trètman an bay bon rezilta. Si 15 minit fin pase depi nou ba li sik la, epi li toujou bwouye, li poko fè mye, chache konkou.

Si li endispoze, mete yon ti kras sik osinon siwo myèl anba lang li. Kontinye ba li sik ti kras pa ti kras. Sa ap pran tan pou sik la pase nan san ki nan kò a. Lè li reveye, nou mèt ba li plis sik. Fè yon moun veye malad la pandan 3 - 4 èdtan pou wè si siy danje yo pa p tounen sou li.

Lè genyen twòp sik nan san an

Yon moun ki soufri maladi sik (dyabèt) ka gen twòp sik nan san li. Sa rive lè li manje twòp, li pa fè kò a fè mouvman jan li te konn fè l, li malad grav, oubyen li trape yon enfeksyon, li pa p pran medikaman pou maladi a jan li dwe pran li, oubyen li manke dlo nan kò li. Sa ka rive menm si yon moun poko konnen si li gen maladi sik. Anvan li fè yon kriz sik wo, siy sa yo deja fè nou konnen yon moun fè sik, oubyen yo fè nou konnen ke medikaman l ap pran an merite chanje.

SIY KI FÈ NOU KONNEN YON MOUN AP FÈ SIK
  • Li swaf; toutan li bezwen bwè dlo
  • Li pipi tanzantan e li pipi anpil
  • Li wè twoub.
  • Li pèdi pwa.


Si nou pa trete yon moun ki gen sik li monte twòp, se gwo danje. Li ka endispoze oubyen li ka mouri menm. Si nou wè siy danje ki ekri anba a, pou sove lavi moun nan, chache konkou doktè:

SIY KI MONTRE GEN DANJE
  • Kè li bat vit
  • Souf li santi tankou fwi.
  • Po li sèch.
  • Li gen vant fè mal, kè plen ak vomisman.
  • Tansyon li ba.
  • L ap depale.
  • Souf li anlè, li fò.
  • Li endispoze.
TRÈTMAN

Si nou wè yon moun fè siy sa yo, mennen li nan yon sant san pèdi tan. Si je li klè, ba li bwè anpil dlo, ti kras pa ti kras.

Si nou sèten sik li twò wo, si nou gen tan fè tès san an ak yon glikomèt, epi nou konnen ki dòz ensilin l ap pran, ba li yon ti dòz pandan nou nan wout la. Men si nou pa fin konnen si sik la twò wo, pa ba li ensilin. Si li pa gen ase sik epi nou ba li ensilin, sa ka pote li ale.


Nou te mete paj sa a ajou: 21 okt 2020