Hesperian Health Guides

Dyabèt : Medikaman

Tibebe ki fèk fèt : Medikaman

Medikaman moun pran nan bouch ki pou trete dezyèm kalite dyabèt la

Metformine (mètfòmin)


Metformine se yon medikaman ki aji sou ensilin ki nan kò a, pou li sèvi pi byen ak sik ki nan san an. An plis, li ralanti fwa a sou kantite sik li pwodui. Li bon pou moun ki gen dezyèm kalite dyabèt la, sa yo ki gen tan chanje jan yo manje e ki fè plis egzèsis, men sik la toujou twò wo. Li pa bon pou moun ki gen premye kalite dyabèt la. Li pa koute chè menm jan ak lòt medikaman pou dyabèt, li pa fè kantite sik ki nan san an desann twò ba, epi li pa fè moun pran pwa. Gen de fwa yo bay metformine ansanm ak lòt medikaman pou trete dyabèt (silfonilire yo oubyen ensilin).

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Dyare, kè plen, kranp nan vant, gaz, ak yon gou metalik nan bouch. Pou anpeche pwoblèm sa yo, pran metformine ansanm ak manje. Jeneralman pwoblèm sa yo rive lè yon moun fèk kòmanse pran li oubyen lè yo monte dòz la. Nòmalman yo al fè wout yo nan 8 - 15 jou. Si yo toujou bay traka, eseye bwè yon dòz ki pi piti, oubyen eseye yon lòt medikaman.

EnpòtanNBgrnimportant.png

Yon moun ki manke dlo oubyen ki soufri ak yon enfeksyon ki grav dwe sispann pran medikaman sa a jis li refè.

  • Moun ki gen pwoblèm ren, anvan yo kòmanse swiv remèd sa a, yo dwe fè tès san pou konnen ki jan ren yo ap mache.
  • Si pwoblèm ren an pa twò grav, yon moun mèt pran yon ti dòz metformine (pa plis pase 1000 mg nan yon jou).
  • Si pwoblèm ren an grav, pa ba li metformine.


Moun ki gen maladi kè ki grav, maladi fwa, oubyen ki konn bwè plis pase yon vè alkòl nan yon jou, yo pa gen dwa pran metformine.

Lè yon moun ki gen dezyèm kalite dyabèt la bezwen fè operasyon oubyen radyografi ki mande pou yo ba li yon sewòm nan venn ki pou parèt sou radyografi a, se pou moun nan sispann pran metfòmin 1 jou anvan jis 2 jou apre radyografi a. Konsa y ap evite yon pwoblèm ki prèske pa janm rive, sa yo rele asidoz laktik la (acidose lactique), men ki gen anpil danje ladann.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Tout moun k ap pran medikaman dyabèt dwe fè tès yon gout san pou tyeke kantite sik ki nan san an. Sa fè nou konnen si medikaman an ap fè travay li, epi si dòz la bon pou li. Nòmalman yon moun kòmanse ak yon ti dòz, epi yo monte dòz la ti kras pa ti kras. Poutèt sa, pou konnen ki dòz ki mache pi byen, yon moun dwe tyeke kantite sik ki nan san an pi souvan lè li fèk kòmanse pran yon medikaman.  

Nou jwenn metformine nan grenn 500, 850, ak 1000 mg. Bwè li ansanm ak manje.

NWTND bag arrow.png
Pou yon granmoun, nòmalman yo kòmanse ak 500 mg 1 fwa nan yon jou, lè li manje nan aswè.

Lè 8 jou fin pase epi sik la toujou wo, nou ka monte dòz la ; kit li pran yon dòz ki pi gran, kit li pran li pi souvan pase yon fwa nan yon jou.

Pa egzanp:

Premye 8 jou : Bwè 500 mg OUBYEN
Bwè mwatye nan yon grenn 850 mg nan aswè chak jou

Dezyèm 8 jou : si nou gen pou bwè 850 mg nan yon jou, bwè mwatye nan yon grenn 850 mg ak manje nan maten epi mwatye nan yon grenn 850 mg ak manje nan aswè.
OUBYEN
Si nou gen pou bwè 1000 mg nan yon jou, bwè 500 mg ak manje nan maten epi 500 mg ak manje nan aswè, chak jou.

Pou pifò granmoun, metformine bay bon rezilta lè moun pran 1000 - 2000 mg nan yon jou, mwatye nan dòz la ak manje nan maten, mwatye nan dòz la ak manje nan aswè.

Li posib tou pou pran metformine 3 fwa nan yon jou (maten, midi, e swa, ansanm ak manje).

Pa egzanp :

Si nou gen pou bwè 1500 mg nan yon jou, bwè 500 mg 3 fwa nan yon jou ansanm ak manje.
Jeneralman, si yon moun pran plis pase 2000 mg nan yon jou, sa pa bay rezilta.
Pa janm bay plis pase 2550 mg nan yon jou.
Lè se yon timoun ki pran metformine, se yon doktè oubyen yon ajan sante ki gen bon jan fòmasyon ki pou preskri dòz la epi kontwole ki jan sa mache.

Lòt medikaman ki ka bay rezilta

Gen de fwa yo sèvi ak silfonilire yo e ensilin ansanm ak metformine oubyen nan plas metformine.

Sulfonylurées (silfonilire yo)


Silfonilire yo se yon gwoup medikaman ki sèvi pou trete dezyèm kalite dyabèt la. Yo ede pankreya a pwodui plis ensilin, epi yo ede kò a sèvi pi byen ak ensilin nan. Silfonilire yo ki travay yon ti tan nan kò a fè kantite sik la desann byen rapid ; men moun gen pou bwè yo 2 fwa nan yon jou. Gen silfonilire ki travay yon tan ki pi long men pi lantman nan kò a. Sòf si yon moun pran yon gwo dòz, nòmalman yo bwè yo yon fwa nan yon jou.

Nou ka sèvi ak silfonilire yo pou kont yo oubyen ansanm ak lòt medikaman (metformine oubyen ensilin) pou kenbe kantite sik ki nan san an nan yon degre ki nòmal. Pou yon moun ki fè dezyèm kalite dyabèt la pandan anpil tan, silfonilire yo kapab pèdi efikasite yo.

Efè segondèGreen-effects-nwtnd.png

Silfonilire yo kapab fè kantite sik ki nan san an desann twò ba twò vit (Lè pa gen ase sik nan san an). Sa rive pi vit si yon moun manke manje lè li fin bwè grenn nan, oubyen si li fè anpil aktivite fizik. Genyen plis danje ak silfonilire ki rete ap travay pi lontan nan kò a, tankou glibenclamide (non mak, glyburide) ak chlorpropamide.

  • Yon moun anvi manje, li pran pwa. Pou goumen ak sa, se pou li byen manje epi fè egzèsis.
  • Yon moun ki pran yon silfonilire, sitou chlorpropamide, si li bwè alkòl, sa ka ba li vomisman.
  • Kay kèk moun, yo bay gratèl sou po oubyen yo rann po a pi sansib nan limyè solèy.
EnpòtanNBgrnimportant.png

Moun ki soufri anba maladi ren oubyen maladi fwa, oubyen moun ki konn bwè plis pase yon vè alkòl nan yon jou, yo dwe veye pou wè si medikaman sa yo pa p ba yo pwoblèm.

Granmoun ki gen plis pase 65 ane, oubyen moun ki soufri ak maladi ren, li pi bon pou yo sèvi ak yon silfonilire ki pa rete lontan nan kò a, tankou glipizide. Kòmanse ak dòz ki pi piti a, pou kantite sik la pa desann twòp.

Moun ki gen premye kalite dyabèt la, ak moun ki fè alèji ak medikaman silfa, yo pa gen dwa sèvi ak silfonilire yo.

Sèl silfonilire yon fanm ki gwo vant gen dwa bwè se glibenclamide sòf si pa gen okenn lòt medikaman disponib.

Nòmalman, nou pa bay timoun li ki gen dezyèm kalite dyabèt la.

Siy ki fè nou konnen yon moun pran twòp

Men siy danje ki fè nou konnen kantite sik la desann twò ba : li gen difikilte pou li mache, li fèb, li wè twoub, li bwouye, li endispoze, oubyen li fè kriz. Si moun nan gen je klè, fè vit ba li manje yon ti dous. Lè fini, ba li manje manje ki fèt nan chodyè a pi vit ke nou kapab. Si li endispoze, mete yon ti sik oubyen siwo myèl anba lang li. Ba li yon ti kras tanzantan jis li reveye, epi li ka manje pou kont li.

Ki jan lòt medikaman aji sou silfonilire yo

Genyen medikaman ki pa mache byen ak silfonilire yo. Epitou, si yon moun pran ensilin, gen kèk silfonilire ki pa ka sèvi ankò. Mande konsèy nan men yon ajan sante sou tout medikaman n ap pran.

Ki jan pou nou sèvi avè lNBgrnpill.png

Tout moun k ap pran medikaman ki pou trete dyabèt dwe fè tès yon gout san pou tyeke kantite sik ki nan san an. Sa fè nou konnen si medikaman an ap fè travay li, epi si dòz la bon pou li. Nòmalman yon moun kòmanse ak yon ti dòz, epi yo monte dòz la ti kras pa ti kras. Poutèt sa, pou konnen ki dòz ki mache pi byen, yon moun dwe tyeke kantite sik ki nan san an pi souvan lè li fèk kòmanse pran yon medikaman.  

Silfonilire ki sèvi pou trete granmoun ki gen dezyèm kalite dyabèt la

  • Bwè silfonilire yo 30 minit anvan manje. Veye pou nou toujou manje lè nou fìn bwè remèd sa a, paske si nou manke manje, li ka fè kantite sik ki nan san an desann twò ba ; gen danje nan sa.
  • Si nou manje byen epi swiv medikaman an jan nou dwe, men kantite sik ki nan san an toujou wo, pale ak ajan sante an. Nou ka bezwen yon dòz ki pi gran oubyen yon lòt kalite medikaman.
  • Nòmalman yo kòmanse bay yon ti dòz silfonilire, yon fwa nan yon jou anvan manje nan maten. Si sik la toujou rete wo, se ti kras pa ti kras pou yo monte dòz la.


Chak medikaman nan gwoup silfonilire yo a gen pwòp dòz pa l. Pou kòmanse, yo bay moun nan yon ti dòz, epi y ap tann detwa jou pou wè si sik la gen tan desann ase. Si li merite yon pi gwo dòz, y ap monte dòz la yon ti kras.

Nan 8 jou yo fè yon lòt tès. Si li nesesè, yo chanje dòz la. Gen danje nan pran yon dòz silfonilire ki twò gwo ; poutèt sa chak fwa yo monte dòz la, se jis yon ti kras.

Glibenclamide (non mak - glyburide) (Glibenklamid, glibirid)

Glibenclamide se yon silfonilire ki travay yon tan ki pi long nan kò a. Nou jwenn li nan grenn 1.25 mg, 2.5mg, ak 5 mg

NWTND bag arrow.png
Nòmalman yo kòmanse ak yon dòz 1.25 mg - 5 mg, yon fwa nan yon jou, anvan manje nan maten. Pou kòmanse ak yon dòz 2.5 mg nan yon jou, bwè mwatye (½) nan yon grenn 5 mg.

Si li nesesè, nou ka monte dòz la. Yon dòz ki bon pou pifò moun se 2.5 - 5 mg nan yon jou. Si li bezwen pran 10 mg oubyen plis nan yon jou, li bon pou pran mwatye nan dòz la anvan manje nan maten, epi lòt mwatye nan dòz la anvan manje nan aswè.

Pa egzanp :

NWTND bag arrow.png
Pou pran 10 mg nan yon jou : bwè yon grenn 5 mg anvan manje nan maten, epi yon lòt grenn 5 mg anvan manje nan aswè.
NWTND bag arrow.png
Pou pran 15 mg nan yon jou : bwè 3 grenn 2.5 mg anvan manje nan maten, epi yon lòt 3 grenn anvan manje nan aswè. Pa bwè plis pase 20 mg nan yon jou.


Glimépiride (glimepirid)

Glimépiride se yon silfonilire ki travay yon tan ki pi long nan kò a. Nou jwenn li nan grenn 1 mg, 2 mg, ak 4 mg.

NWTND bag arrow.png
Nòmalman yo kòmanse ak yon dòz 1 mg - 2 mg, yon fwa nan yon jou, anvan manje nan maten.


Si li nesesè, nou ka monte dòz la. Yon dòz ki bon pou pifò moun se 1 - 4 mg. Bwè li yon fwa nan yon jou anvan manje nan maten. Pa pran plis pase 8 mg nan yon jou.

Glipizide (glipizid)

Glipzide se yon silfonilire ki travay yon ti tan nan kò a. Nou jwenn li nan grenn 5 mg ak 10 mg.

NWTND bag arrow.png
Nòmalman yo kòmanse ak yon dòz 2.5 mg, yon fwa nan yon jou, anvan manje nan maten. Mwatye (½) nan yon grenn 5 mg fè 2.5 mg.


Si li nesesè, nou ka monte dòz la. Yon dòz ki bon pou pifò moun se 2.5 - 20 mg nan yon jou. Si li bezwen pran 10 mg oubyen plis nan yon jou, nòmalman yo bay yon mwatye nan dòz la anvan manje nan maten, epi lòt mwatye nan dòz la anvan manje nan aswè. Pa egzanp :

NWTND bag arrow.png
Pou pran 10 mg nan yon jou : bwè yon grenn 5 mg anvan manje nan maten, epi yon lòt grenn 5 mg anvan manje nan aswè.


Pa bwè plis pase 20 mg nan yon jou.

Gliclazide ak gliclazide MR (gliklazid ak gliklazid MR)

Nou jwenn gliclazide nan 2 fòm.

Nou jwenn gliclazide òdinè nan grenn 80 mg.

NWTND bag arrow.png
Nòmalman yo kòmanse ak yon dòz 40 mg - 80 mg, yon fwa nan yon jou, anvan manje nan maten. Pou fè yon dòz 40 mg, pran mwatye nan yon grenn 80 mg.


Si li nesesè, nou ka monte dòz la. Yon dòz ki bon pou pifò moun se 40 - 240 mg nan yon jou. Si li bezwen pran 160 mg oubyen plis nan yon jou, li bon pou pran yon mwatye nan dòz la anvan manje nan maten, epi lòt mwatye nan dòz la anvan manje nan aswè. Pa egzanp :

NWTND bag arrow.png
Pou pran 160 mg nan yon jou : bwè yon grenn 80 mg anvan manje nan maten, epi lòt grenn 80 mg anvan manje nan aswè.


Pa pran plis pase 320 mg nan yon jou.

Gliclazide MR (gliklazid MR) travay yon tan ki pi long nan kò a. Nou jwenn li nan grenn 30 mg. Dòz la pa menm ak dòz gliclazide òdinè a. Nòmalman yon moun kòmanse ak gliclazide MR 30 mg nan yon jou, yon fwa nan yon jou, anvan manje nan maten.

Si li nesesè, nou ka monte dòz la. Yon dòz ki bon pou pifò moun se 30 - 120 mg nan yon jou, anvan manje nan maten. Si n ap pran gliclazide MR, pa pran plis pase 120 mg nan yon jou.


Chlorpropamide (klòpwopamid)

Chlorpropamide se yon silfonilire ki travay yon tan ki pi long nan kò a. Nou jwenn li nan grenn 100 mg ak 250 mg.

NWTND bag arrow.png
Nòmalman yo kòmanse ak yon dòz 100 mg - 250 mg, yon fwa nan yon jou, anvan manje nan maten.


Si li nesesè, nou ka monte dòz la. Yon dòz ki bon pou pifò moun se 100 - 500 mg yon fwa nan yon jou, anvan manje nan maten. Pa pran plis pase 750 mg nan yon jou.

Tolazamide (tolazamid)

Tolazamide se yon silfonilire ki travay yon ti tan nan kò a. Nou jwenn li nan grenn 100 mg, 250 mg, ak 500 mg.

NWTND bag arrow.png
Nòmalman yo kòmanse ak yon dòz 100 - 250 mg, yon fwa nan yon jou, anvan manje nan maten.


Si li nesesè, nou ka monte dòz la. Yon dòz ki bon pou pifò moun se 100 - 1000 mg nan yon jou. Si yon moun pran 500 mg oubyen plis nan yon jou, li bon pou pran yon mwatye nan dòz la anvan manje nan maten, epi lòt mwatye nan dòz la anvan manje nan aswè. Pa egzanp :

NWTND bag arrow.png
Pou pran 500 mg nan yon jou : bwè 1 grenn 250 mg anvan manje nan maten, epi 1 grenn 250 mg anvan manje nan aswè.
NWTND bag arrow.png
Pou pran 1000 mg nan yon jou : bwè yon grenn 500 mg anvan manje nan maten, epi yon lòt grenn 500 mg anvan manje nan aswè.


Pa pran plis pase 1000 mg nan yon jou.

Tolbutamide (tolbitamid)

Tolbutamide se yon silfonilire ki travay yon ti tan nan kò a. Nou jwenn li nan grenn 500 mg.

NWTND bag arrow.png
Nòmalman yo kòmanse ak yon dòz 1000 mg - 2000 mg. Jeneralman yo bay li nan 2 dòz. yon mwatye nan dòz la anvan manje nan maten, epi lòt mwatye nan dòz la anvan manje nan aswè.

Pa egzanp :

NWTND bag arrow.png
Pou pran 1000 mg nan yon jou : bwè 1 grenn 500 mg anvan manje nan maten, epi 1 grenn 500 mg anvan manje nan aswè.
NWTND bag arrow.png
Pou pran 2000 mg nan yon jou : bwè 2 grenn 500 mg anvan manje nan maten, epi 2 lòt grenn 500 mg anvan manje nan aswè.


Si li nesesè, nou ka monte dòz la.

Pa pran plis pase 3000 mg nan yon jou.


Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024