Hesperian Health Guides
Fè tès pou dyabèt
Nou ka fè tès san oubyen tès pipi pou konnen si yon moun fè sik. Tès san an pi bon, pi egzak.
Ki moun ki dwe fè tès pou maladi sik
Yon moun dwe al fè tès pou maladi a si :
- li bay siy ki fè nou konnen l ap fè sik.
- li gen yon moun nan fanmi an ki fè sik.
- li gen plis ke 40 ane epi li gra.
- li konn fè tansyon.
- li fè yon pitit ki gwo anpil (ki peze plis pase 4 kilogram oubyen 9 liv).
- li jenn epi li bay siy premye kalite dyabèt la.
Tès san
Pou nenpòt kalite dyabèt, se yon tès san ki pou di si l ap fè maladi sik oubyen non. Ajan sante an ka fè plis pase yon kalite tès, oubyen li ka fè menm tès la yon lòt fwa. Yo fè tès tou pou wè si n ap goumen byen ak maladi a, pou wè ki rezilta sa bay lè nou nou chanje fason nou manje, si n ap fè plis egzèsis, oubyen si nou chanje medikaman an.
Tès san yo fè nou wè si kantite sik ki nan san an nòmal, si li yon ti jan twò wo, oubyen si moun nan ap soufri dyabèt toutbon. Si kantite sik ki nan san an kòmanse monte, men li poko twò wo pou di se maladi sik la egzak li genyen, yon moun ka evite maladi a si li manje pi bon kalite manje, epi si li fè plis egzèsis.
Pou konnen si yon moun gen maladi sik, gen 2 tès nou jwenn pi fasil. Premye tès la se yon tès san yo fè anvan yon moun manje nan maten ; yo rele tès sa a glisemi a jèn. Lòt tès la se tès A1C la (emoglobin glike).
Tès nou jwenn pi fasil la se glisemi a jèn ; se yon tès san yo fè anvan yon moun manje nan maten. Genyen klinik ki gen yon ti aparèy yo rele yon glikomèt. Yo pran yon gout san nan pwent dwèt yon moun, epi yo mete l yon kote ki fèt pou sa nan aparèy sa a, e touswit li fè konnen ki kantite sik ki nan san an. Oubyen, yo pran san yon moun ak yon sereng, epi voye fè analiz la nan yon laboratwa. Jan yo ekri rezilta tès la depann de ki jan yo mezire kantite sik ki nan san an nan peyi pa nou. Si yo mezire li nan mmol/l (konbyen milimol sik ki nan yon lit san), rezilta a va yon nimewo ki soti 4 rive 20. Avèk metòd sa a, yon moun ki gen 6.9 mmol/l, oubyen pi wo, ka gen dyabèt. Si nan peyi nou yo mezire kantite sik la nan mg/dl (miligram sik ki nan yon desilit san), rezilta a va yon nimewo ki soti 80 rive 350. Avèk metòd sa a, yon moun ki gen 125 mg/dl oubyen pi wo ka gen dyabèt.
Nou ka fè kèk tès sou yon gout san ki parèt lè nou pike pwent dwèt la. Lòt tès mande pou nou pran san nan bra a ak yon sereng epi mete l nan yon ti flakon. Yon ajan sante ki byen fòme ka fè sa san danje nan yon klinik. Li pa gen dwa fè mal anpil. |
Genyen yon tès, ki rele A1C (emoglobin glike ; li rele HbA1C ou HgbA1C tou) ; li fè nou konnen nan ki nivo kantite sik ki nan san an ye pandan dènye 3 mwa yo Yon moun pa oblije pa manje pou li fè tès sa a. Yon ajan sante ap pran san an ; yo voye fè analiz la nan laboratwa. Yo bay rezilta a nan pousantaj (%). Jeneralman, rezilta a soti 4% rive 14%. Si rezilta a pwoche 6.4% oubyen li pi wo, nou ka gen dyabèt. Lè sa a, li ta bon pou nou nou pran swen tèt nou jan yo di nou. Tanzantan al fè yon lòt tès pou wè si nou fè sik.
Tès pipi
Nou ka fè tès pipi pou yon moun pou wè si li pa gen dyabèt. Genyen ti bandlèt ki pou tranpe nan pipi a ; aprè sa bandlèt la chanje koulè si gen sik nan pipi a. Kou moun nan fin fè pipi, nou ka tyeke pipi a. Li pa bezwen pa manje anvan nou fè tès la.
Nou pa p ka jwenn tout ka dyabèt avèk yon tès pipi, paske kantite sik ki nan san an dwe monte wo anvan yon moun bay sik nan pipi a (10 mmol/l oubyen 180 mg/dl). Konsa, si yon moun montre siy maladi sik yo, men poutan li pa gen sik nan pipi li, se pou li al fè tès san an.