Hesperian Health Guides

Sèvi ak medikaman pou kenbe kantite sik ki nan san an nan yon nivo nòmal

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Kalite manje nou manje, kantite e kalite egzèsis nou fè, ak medikaman nou pran, yo tout aji sou kantite sik ki nan san an. Pou evite gen twòp sik, aprann ki jan bagay sa yo aji nan kò nou. Konsa nou ka evite kantite sik la monte jis li fè nou santi nou pa byen, oubyen jis nou fè yon (kriz sik wo). Medikaman ki pou trete dyabèt ka desann kantite sik ki nan san an. Si yon moun pran twòp ensilin, oubyen twòp nan yon fanmi medikaman ki rele silfonilire, sa ka ba li yon kriz sik ba. Si nou swiv medikaman sa yo, tyeke kantite sik ki nan san an ase souvan jis nou konnen ki sa ki fè kantite sik la monte oubyen desann. Konsa nou ka konnen si n ap goumen byen ak maladi a.

Fè tès pou kantite sik ki nan san an

Jan yo di nan Fè tès pou dyabèt, nou sèvi ak tès san pou konnen si yon moun gen dyabèt. Moun sèvi ak menm tès san yo pou konnen ki jan y ap goumen ak maladi a. Genyen 2 fason pou nou fè kontwòl kantite sik la. Youn se ak yon ti aparèy, ki rele glikomèt ; lòt la se tès A1C. Yo chak bay yon rezilta ki diferan, men toulede ka sèvi.

Yon glikomèt se yon ti aparèy senp ki ban nou kantite sik ki nan san an nan yon ti tan. Li bon pou nou fè tès plizyè fwa nan jounen an, pou konnen ki rezilta li bay anvan ak apre nou manje, epi de jou an jou. Nou mèt fè tès la:

  • Anvan manje. Yon bon rezilta : soti 4.4 rive 7.2 mmol/l (soti 80 rive 130mg/dl)
  • 2 èdtan apre nou te kòmanse manje. Yon bon rezilta : pi ba pase 10 mmol/l (180/dl)

Pou fè tès la, mete yon ti gout san sou bandlèt la, epi aparèy la ap bay rezilta a. Gen de glikomèt ki mande nou mete bandlèt la nan aparèy la anvan nou mete san an ; gen lòt ki mande nou mete san an sou bandlèt la anvan nou mete l nan aparèy la. Sa depann de ki kalite glikomèt yo te sèvi pou fè tès la ; etidye fèy ki vini ak aparèy la pou konnen ki jan pou nou sèvi avè l.

a hand being stuck with a needle.
a hand touching a test strip of a glucometer.
Sèvi ak yon zegwi oubyen yon ti aparèy ki fèt espre pou pike dwèt la (lansèt) pou jwenn yon ti gout san ki pou mete sou bandlèt la. Sa pa p fè mal. Lè nou sèvi ak kalite glikomèt sa a, mete bandlèt la nan glikomèt la ; lè fini, mete bout bandlèt la nan pozisyon pou pran gout san an ki soti nan dwèt la.
a woman in a waiting room with sign that says "Diabetes group today.

Kèk moun gen glikomèt lakay yo ki ba yo posiblite pou fè tès san an souvan. Lòt moun sèvi ak yon glikomèt nan yon klinik oubyen yon sant. Oubyen ka genyen yon gwoup sipò pou moun ki fè sik. Plizyè moun mèt sèvi ak menm glikomèt la ; pa gen pwoblèm. Men yo pa janm gen dwa sèvi ak menm zegwi oubyen lansèt la. Tout maladi ki nan san yon moun, tankou VIH ak lòt, youn ka bay lòt la maladi sa yo si yo sèvi ak menm zouti a.

Yon tès A1C (emoglobin glike) se sèlman nan lopital yo fè tès sa a. Li fè nou konnen nan ki nivo kantite sik ki nan san an ye pandan dènye 3 mwa yo. Konsa li fè nou konnen ki jan n ap lite ak maladi sik la. Li pa bay kantite sik ki nan san an nan moman tès la. Pou pifò moun ki fè sik, yon bon rezilta se pi ba pase 8%. Si nou gen posiblite, li bon pou nou al fè tès la youn oubyen de fwa nan yon ane.

Ajan sante an oubyen pwogram trètman pou dyabèt kote yo pran swen nou, yo ka sèvi ak nimewo ki yon ti kras diferan, paske yo konnen sitiyasyon nou. Sa ki enpòtan se pou nou konprann ki sa k ap pase nan kò nou, ki sa ki aji sou kantite sik ki nan san an, epi nan ki nivo nou santi nou pi byen.

NWTND Diab Page 19-2.png

Medikaman ki pou trete maladi sik

Nanpwen remèd ki ka geri maladi sik la. Men gen medikaman ki fè kantite sik ki nan san an desann. Genyen remèd fèy ki ka fè sa tou.

Pifò moun ki gen dezyèm kalite dyabèt la kòmanse trètman san medikaman. Si yon moun byen manje, si li fè egzèsis, epi si li swiv remèd fèy, gen de fwa sa sifi pou kantite sik ki nan san an rete nòmal, epi pou moun nan rete anfòm.

Si yon moun byen manje, si li fè egzèsis, epi si li swiv remèd fèy, men kantite sik ki nan san an rete twò wo toujou, gen medikaman ki ka anpeche kantite sik la monte twòp. Konsa l ap anpeche lòt pwoblèm mete pye. Gen de fwa ajan sante an ka ban nou 2 kalite medikaman alafwa, oubyen li ka chanje dòz oubyen kalite medikaman yo ke n ap pran.

Fòk nou pran medikaman yo regilyèman epi nan lè egzak. Fè fanmi nou konprann ki pwoblèm medikaman yo konn bay, epi ki sa pou nou fè nan ka ijan. Sonje byen : medikaman yo pa p regle pwoblèm sik la pou kont yo. Se pou nou toujou byen manje epi fè egzèsis toutan pandan n ap pran medikaman pou trete maladi sik la.

Metformine (mètfòmin)

Metformine se yon medikaman yo sèvi avè l anpil anpil. Se li ki pi bon remèd pou anpil moun. Nòmalman moun bwè metformine 2 fwa nan yon jou. Lè nou kòmanse pran metformine, li ka ban nou lestomak boulvèse ak dyare. Jeneralman sa ap pase nan 8 - 15 jou. Souvan nou ka evite pwoblèm sa a si nou bwè medikaman an ansanm ak manje. Si pwoblèm yo vin pi rèd oubyen si yo dire sou nou, ajan sante an ka mande nou sispann pran medikaman an, oubyen li ka desann dòz la. Moun ki gen maladi ren oubyen maladi fwa pa gen dwa sèvi ak metformine.

Sulfonylurées (silfonilire)

Medikaman silfonilire yo, tankou glibenclamide, glipizide, ak tolbutamide, nòmalman moun bwè yo anvan manje soti 1 rive 2 fwa nan yon jou.

Pwoblèm ak danje nan medikaman sa yo sè ke yo ka fè kantite sik ki nan san an desann twòp. Sa fè tèt yon moun vire, tèt li vid, li endispoze, li tranble, li swe, oubyen li ka mouri menm. Si nou wè nenpòt nan siy sa yo, fè vit manje yon manje dous, ki va fè kantite sik la monte. Asire nou ke moun nan fanmi nou konnen ki jan pou yo rekonèt siy sa yo, epi ki jan pou yo pote sekou.

Ki jan pou evite kantite sik ki nan san an desann twòp lè n ap swiv medikaman silfonilire :

  • Toujou manje nan menm lè a. Si nou pa t manje, pa pran medikaman silfonilire.
  • Nan maten, manje yon manje ki gen pwoteyin ladann oubyen manje lòt bon kalite manje.
  • Manje yon pi gran kantite manje lè n ap fè aktivite fizik, fè egzèsis, oubyen fè espò.
  • Pran yon ji fwi, tablèt, sirèt, oubyen lòt dous avèk nou, pou si nou vin santi nou fèb oubyen tèt nou ap vire.


Si sa rive souvan ke kantite sik ki nan san an desann twòp, ajan sante an ka fè nou sispann pran medikaman an, oubyen li ka desann dòz la.

Yon lòt pwoblèm medikaman silfonilire ka bay se fè yon moun pran pwa. Sa ka oblije nou fè plis efò pou nou byen manje epi manje nan menm lè a chak jou. An plis, nou gen pou fè plis egzèsis. Oubyen li ka oblije nou sispann pran li epi sèvi ak metformine oubyen ensilin. Lè yon moun gen tan fè anpil ane ap bwè medikaman silfonilire, rive yon lè yo pa aji ase byen sou kantite sik ki nan san an. Sa fè kantite sik la monte twò wo. Si sa rive, al pale ak yon ajan sante.

Insuline (ensilin)

Yo bay ensilin nan piki. Li desann kantite sik ki nan san an pi vit pase tout lòt remèd. Okòmansman, yon moun ka pè bay tèt li piki. Men l ap aprann ki jan pou fè li, epi l ap abitye li ak bay piki. Moun k ap soufri anba premye kalite dyabèt la bezwen pran ensilin pou yo pa mouri.

Ensilin se yon òmòn ki fèt nan kò a, ki pou kenbe kantite sik ki nan san an nan yon nivo ki nòmal. Kò moun ki gen premye kalite dyabèt la pa fabrike okenn ensilin. Kò moun ki gen dezyèm kalite dyabèt la pa fabrike ase ensilin. Gen plizyè kwayans sou ensilin ki pa vre. Ensilin pa fè moun avèg, li pa fè maladi dyabèt la vin pi grav, li pa tankou yon dwòg—yon fwa moun kòmanse pran li, yo santi yo bezwen pran li toutan. Ensilin fè nou kapab goumen byen ak maladi dyabèt la, epi li ban nou chans pou nou byen viv.

Genyen kèk kalite ensilin. Ensilin ki travay yon tan pi long nan kò a sèvi pou kenbe kantite sik ki nan san an nan yon nivo nòmal jou e nwit. Ensilin ki travay yon ti tan nan kò a sèvi pou anpeche sik ki nan san an pa monte twò wo lè yon moun manje. Konsa li pran ensilin sa a anvan manje.

Ensilin gen danje ladann ; li ka fè kantite sik ki nan san an desann twò ba. Sa ka bay yon moun lespri bwouye, tèt vire, li ka endipoze, epi si li pran twòp ensilin, sa ka menm pote li ale. Pou evite sa rive, pran menm prekosyon ak sa yo bay pou medikaman silfonilire yo : toujou manje nan menm lè a, epi nan ka kote nou fè yon kriz sik ba, pran kèk dous avèk nou.

Si nou gen yon glikomèt lakay nou, tanzantan fè tès sik ki nan san lè n ap pran ensilin, pou kantite sik la pa desann twòp. Si nou pa gen glikomèt, li pi bon pou nou pran yon dòz ensilin yon ti kras pi piti ; konsa n ap evite kantite sik la desann twòp, sa ki gen danje ladann. Si pa gen mwayen pou tyeke kantite sik ki nan san an, gen plis danje nan sik ki twò ba pase nan sik ki yon ti kras twò wo.

a syring and a bottle of insulin. an insulin pen.
Pifò moun sèvi ak yon sereng pou bay ensilin. Yo fè yon aparèy nan fòm yon plim, ki pou bay ensilin. Nou tache yon ti zegwi nan «plim» nan chak fwa nou vle bay piki. Se pi fasil pou sèvi ak zouti sa a pase ak yon sereng, men li koute pi chè.

Fòk nou sere ensilin nan kote li fè fre. Si pa gen frijidè, sere li nan yon veso dlo fre ; pa kite solèy la frape li.

Remèd fèy ki ka desann kantite sik ki nan san an

Toupatou nan lemonn, doktè fèy gen tan jwenn kèk kalite manje ak remèd fèy ki konn desann kantite sik ki nan san an.

Mande doktè fèy kote nou rete a pou yo fè nou konnen ki remèd fèy yo jwenn nan zòn pa nou an ki ka desann sik la. Mande yo ki jan pou nou sèvi ak yo, Mande yo tou si gen danje si nou ta pran yo ansanm ak ensilin oubyen ak lòt medikaman.

  • momòdik (momordique, pomme coolie ; bitter gourd) (Momordica charantia) - yon kalite melon amè
  • fenigrek (fenugrec) (Trigonella foenum - graecum)
NWTND Diab Page 21-3.png
  • kanèl (canelle) – nou jwenn li nan ekòs yon pye bwa
  • nopal (opuntia, nopal, figuier de Barbarie ; prickly pear cactus) – yon kalite kaktis
NWTND Diab Page 21-5.png
  • vinèg
  • fèy mirye (feuille de mûrier)
  • aloe - fèy lalwa
Ht NWTND Diab Page 21-4.png
  • rasin jenjanm (racine de gingembre)
  • gimnema (gymnema)
  • fèy moringa, fèy doliv
NWTND Diab Page 21-6.png
  • Asowosi e ekòs bwa mabi – moun sèvi ak remèd sa yo, men nou pa konnen efikasite yo.


Nou te mete paj sa a ajou: 21 okt 2020