Hesperian Health Guides

Ki jan pou nou sere vaksen yo

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Gade vaksen yo nan tanperati ki korèk (gade yo byen frèt)

Li enpòtan anpil pou nou gade vaksen yo nan tanperati ki kòrèk la. Genyen kèk vaksen, si yo vin cho, yo ka gate epi yo pa p bon ankò. An plis, gen vaksen fòk nou gade yo nan tanperati ki frèt, men nou pa gen dwa glase yo ; sinon, yo pa p bon. Depi vaksen yo sot nan faktori kote yo fabrike yo, jis yo rive yon kominote kote ajan sante yo vaksinen timoun nan kominote a, fòk nou gade vaksen yo nan tanperati ki kòrèk la. Si nenpòt lè vaksen yo vin twò cho, pandan transpò a, oubyen nan depo, oubyen yo glase lè yo pa gen dwa glase, vaksen sa yo pa vo anyen ankò.

Yon frigidè ak yon siy kole sou pòt la, «Vaksen sèlman», epi yon pankat anwo priz la ki di : Atansyon : pa debranche. Depo vaksen.

Vaksen nou gen dwa glase :
Rougeole
RR
RRO
BCG
VPO (vaccin polio oral)
La fièvre jaune
Encéphalite japonaise


Vaksen ki pou gade byen frèt, men ki PA GEN DWA GLASE
Cholera
Pentavalent
Hepatitis B (Hep B)
Hib (liquid)
VPH (virus du papillome humain)
VPI (vaccin polio inactivé)
Grippe
Antipneumococcique
Rotavirus (liquid and freeze-dried)
Tetanus (DT, Td)

Sere vaksen yo, ansanm ak likid ki pou prepare vaksen yo, nan frijidè pandan transpò epi nan depo. Chache konnen ki vaksen pou nou gade nan ki tanperati, epi ki vaksen pou nou mete nan ki etajè oubyen konpatiman an. An jeneral, yo sere vaksen nan yon tanperati ki pi ba pase 8° santigrad epi yon ti jan pi wo pase zewo (2° santigrad). Al gade nan bwat ki pi wo a pou konnen ki vaksen nou dwe gade byen frèt, epi ki vaksen ki pou glase.

Gen vaksen ki gate lè yo anba gwo limyè, tankou BCG ak RRO. Pou pwoteje yo kont limyè solèy ak lòt limyè klè, gade yo nan flakon yo ak nan anbalaj yo.

Lè n ap prepare vaksen an epi n ap melanje l ak likid ki nan flakon an, fòk nou toujou gade l frèt. Moun ki fòme pou sèvi ak vaksen yo dwe konnen pou konbyen èdtan yon flakon vaksen ap bon apre nou melanje l. Anplis, yo dwe konnen si yo dwe jete vaksen ki rete nan fen jounen an.

NWTND vacc Page 17-1.png

Chache aprann ki jan pou nou sere, prepare, epi bay vaksen

Tout moun kapab fè reklam vaksinasyon, epi anpil ajan sante aprann bay yo tou. Si n ap vaksinen moun oubyen si n ap travay ak vaksen, y ap montre ou :

  • ki jan pou prepare vaksen yo.
  • ki jan pou konnen ki dòz ki bon pou divès kalite vaksen, epi ki dòz ki bon pou laj yon moun.
  • ki kote yo ekri ki dat vaksen an ap perime (ki pase dat li), epi ki jan pou jete vaksen ki perime.
Yon bwat ak yon etikèt «Zegwi ki sèvi» kote yon men ap mete yon sereng ladann.
  • pou chak vaksen, ki jan pou konnen ki tay zegui nou dwe sèvi, nan ki ang pou antre zegui a nan vyann lan, epi ki kote nan kò a pou bay piki a.


Pou pwoteje sante pa nou epi sante moun n ap ede, lave men nou anvan chak piki n ap bay. Sèvi ak yon sereng e zegwi yon sèl fwa, epi jete l kote li pa reprezante okenn danje pou moun.

Ki jan pou nou jere fatra vaksen yo yon jan ki san danje

Moun konn bliye dènye pwen nan pwogram vaksinasyon an : debarase nou ak fatra yo yon jan ki san danje. Vye plastik, sereng ak zegwi, epi materyèl biyolojik (ki gen pou wè ak lavi e bagay ki vivan, soti plant et ti mikwòb rive moun), yo ka bay moun pwoblèm sante epi donmaje anviwònman an, sitou si nou boule yo oubyen nou antere yo yon fason ki pa asire, oubyen nou kite yo kote timoun ka ramase yo.

Pou yon pwogram vaksinasyon ka debarase yo ak fatra san danje :

NWTND vacc Page 17-3.png
  • Sèvi ak menm machin ki te pote vaksen yo vini, pou pote fatra a ale.
  • Ranje yon sant santral kote yo gen fòs pou antere fatra.
  • Ede sant sante nan kominote a monte yon sistèm senp kote yo ka separe fatra, epi kote ki gen fòs pou antere fatra a. Fè sa yon jan pou li pa reprezante okenn danje. (Al gade nan Community Guide to Environmental Health, Chapter 19: Health Care Waste.)



Nou te mete paj sa a ajou: 21 okt 2020