Hesperian Health Guides
Ki moun ki dwe pran vaksen, epi ki lè ?
SanteWiki > Nouvo Kote Ki Pa Gen Doktè > Vaksen pwoteje nou kont maladi > Ki moun ki dwe pran vaksen, epi ki lè
Chak zòn, peyi, epi kèk fwa chak kominote nan yon peyi gen pwòp kalandriye vaksinasyon pa l.
- Gen de fwa yo bay prèske tout moun vaksen yo — tibebe, timoun, epi granmoun. Timoun ki pi gran ak granmoun ki te manke pran vaksen lè yo te jenn, yo mèt pran vaksen sa yo pi devan.
- Kèk vaksen sèvi sèlman pou kèk zòn ; yo vaksinen sèlman moun ki abite la oubyen ki rann vizit la.
- Se pa tout moun ki bezwen pran tout vaksen, men yo preskri yo pou kèk moun, tankou fanm ki gwo vant, ajan sante yo, oubyen vye granmoun yo.
- Lè gen yon nouvo maladi ki rive nan yon zòn, sa konn mande pou vaksinen tout moun.

Kontni yo
Vaksinasyon pwoteje tibebe ak timoun
Ajan sante konn kontwole sante tibebe yo kèk fwa nan premye ane lavi yo. Se pandan vizit sa yo, yo bay pifò vaksinasyon. Chak peyi gen rekomandasyon pa l sou ki vaksen pou yo bay, ak ki lè pou yo bay yo.

Pou tibebe ak timoun yo ka rete an sante, li enpòtan pou yo pran vaksen, men li enpòtan tou pou yo viv nan bon kondisyon. Si moun gen dlo pwòp pou bwè, si kote yo viv la pwòp, si yo bay tibebe yo tete pandan premye 6 mwa yo pou pi piti, epi si yo byen manje, tout sa yo mare ansanm pou evite anpil maladi. (Al gade nan chapit yo Dlo ak pwòpte epi Byen manje bay bon sante.)
Lè granmoun manke pran tout vaksen yo te dwe pran lè yo te timoun, oubyen si vaksen an pa p ka pwoteje yo pandan tout lavi yo, lè sa a granmoun yo gen pou pran lòt dòz vaksen ak rapèl.
Sèvis Sante Piblik nan chak peyi gen kalandriye vaksinasyon pou tibebe ak timoun yo. Li montre ki vaksen nou ka bay ansanm epi nan ki laj. Lè nou pa gen dwa bay 2 kalite vaksen nan menm tan, se souvan paske yo pa mache ase byen nan kò a si nou bay toulede ansanm.

Vaksen ak VIH/SIDA
Nòmalman, tibebe ak granmoun ki gen VIH/SIDA bezwen menm vaksen ak lòt moun. Gen de fwa, lè yon timoun oubyen granmoun gen VIH/SIDA, sa mande pou ba li yon lòt dòz vaksen, tankou vaksen kont lawoujòl.
Lè nou vle bay kèk vaksen, (BCG, RRO, VPO), asire nou ke moun lan an sante, epi li gen tan kòmanse trètman VIH/SIDA anvan li pran vaksen. Trètman pou VIH/SIDA (trètman ARV) fòtifye sistèm defans kò a, epi konsa li rann vaksen an pi efikas.
Nou gen dwa bay vaksen BCG depi tibebe a fèt, menm si manman an gen VIH/SIDA. Men si pitit la pi gran epi li deja gen VIH/SIDA, trete maladi VIH/SIDA an premye.

Vaksen e gwosès
Vaksen yo pwoteje sante manman an ak sante tibebe a. An plis, si manman an vaksinen, li pase antikò li yo bay tibebe ki nan vant lan ; sa ap pwoteje tibebe a depi li fèt. Genyen de vaksen nou pa dwe bay tibebe yo nan premye senmenn oubyen premye mwa lavi yo.
Men enfòmasyon nou dwe bay fanm ki gwo vant epi papa ak manman fi :
- Vaksen yo pa p aji sou koze fè pitit pou anpeche yon fanm ansent.
- Pa gen danje pou nou bay fanm ansent pifò vaksen yo.
- Si fi yo pran tout vaksen pandan yo timoun, yo pa gen pou pran anpil vaksen lè yo gwo vant. Men yon egzanp : ribeyòl ; li bon pou vaksinen tout fi lè yo timoun oubyen jenn fi anvan yo tonbe ansent, paske ribeyòl se danje pou tibebe ki nan vant manman an.
- Tout moun bezwen pran kèk rapèl vaksen kont tetanòs pandan lavi yo, yon vaksen senp oubyen yon vaksen konbine. Si gen lontan depi yon fanm pran vaksen kont tetanòs, fòk li pran vaksen an pandan gwosès la. Si, pandan akouchman an, yo sèvi ak zouti ki pa esterilize, sa ka bay tibebe a yon enfeksyon tetanòs ki grav anpil. Vaksen an va pwoteje kont enfeksyon sa a.
- Nan peyi kote nou rete a, ajan sante yo gen dwa rekòmande lòt vaksen pandan gwosès la, tankou vaksen kont koklich oubyen vaksen kont gwo grip ki ka vini sou fòm epidemi.

Genyen de vaksen nou dwe evite pandan gwosès la, tankou BGC, oubyen vaksen kont lawoujòl e ribeyòl. Anvan nou bay yon fanm yon vaksen, mande li si li pa ansent.
Fè yon dosye
Mande yo pou ban nou tout kat vaksinasyon oubyen dosye kote yo ekri non ak dat vaksinasyon nou yo. Yo konn mande dosye sa yo pou timoun yo ki pral kòmanse lekòl. Granmoun ka bezwen dosye sa yo lè y ap chache yon djòb, lè yo vle vwayaje al nan peyi etranje, epi pou fè lòt ajan sante yo konnen ki vaksen yo gen tan pran epi sa yo gen pou pran toujou. Si yo pa gen kat konsa nan klinik la, fè pwòp dosye pa ou, epi mande moun ki bay vaksen an pou l mete so sou dosye a epi poze siyati li.