Hesperian Health Guides

Ajan sante : Moun ki pi enpòtan nan pwogram vaksinasyon

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Ajan sante yo se eleman ki pi enpòtan pase tout lòt bagay lè nou vle monte nenpòt pwogram vaksinasyon pou bay timoun ak granmoun vaksen ki nesesè pou yo ka rete an sante. Menm si nou menm, nou pa ajan sante k ap bay vaksen an, moun ka koute sa n ap di yo. Kòm nou fè pati kominote a, moun fè nou konfyans, men yo ka pa fè lòt moun konfyans, moun ki soti nan yon lòt zòn, ki vin travay nan yon pwogram vaksinasyon gouvènman an.

Si nou travay nan yon sant sante oubyen nan yon klinik :

  • Bay chak manman ak papa yon bon akèy epi ba yo bon jan. Fè paran yo konnen yo gen dwa poze nou nenpòt kesyon, epi yo pa gen dwa santi yo wont.
Yon ajan sante k ap pale ak yon fanm ak tibebe li
M ap fè piki a byen vit, pou l pa fè twò mal. Eske ou ka karese l pou li santi l an sekirite ?
  • Paske piki yo konn fè mal, fè tout posib nou pou fè vizit la pi agreyab pou pitit la. Touswit apre nou fin bay piki a, petèt nou ka fè li distrè ak yon ti bagay yanyan oubyen yon bagay ki fè yon son.
  • Lè nou pale ak yon gwoup oubyen ak yon fanmi, anvan nou bay piki a, ba yo esplikasyon sou chak vaksen epi pouki sa li nesesè. Di yo si li konn bay yon ti lafyèv oubyen yon ti mal nan bra. Konsa yo pa p chaje tèt yo. Esplike ki sa pou yo fè si yo wè siy danje, tankou yon reyaksyon alèji.
  • Si klinik la pa p gen vaksen an, al wè si yo ka jwenn li nan yon lòt klinik. Oubyen fè plan ak fanmi an sou ki jou yo ka tounen. Pou fè yo sonje, nou ka ekri sa sou kat klinik la oubyen kat vaksinasyon an.
  • Ede fanmi yo gade kat vaksinasyon yo ansanm ak yon ti liv sou sante pitit la, oubyen yon lòt fason. Sa ankouraje moun pou yo fè plan epi ede yo deside ki sa yo dwe fè pou okipe sante pitit yo.


Yon ajan sante k ap pale ak yon fanm ki gen yon  tibebe ak yon timoun piti.
M regrèt tande bis ou te an reta. Si ou ka tann yon ti moman, nou ka toujou bay vaksen yo jodi a. Nou fè yon wout tèlman long pou rive isit!

Anpil sant sante ka manke sa yo bezwen pou fè travay yo. Si sa fè moun pase yon vizit dezagreyab nan sant lan, yo ka pa tounen nan sant lan pou pran vaksen ankò. Men menm si pa gen ase moun ki pou fè travay la, oubyen nou manke mwayen, toujou chache rann vizit la agreyab, epi fè moun yo santi ke yo byenvini.

Nan kominote a, ankouraje fanmi yo pou vin pran vaksen :

  • Lonje men nou bay papa ak manman yo. Menm si se manman yo ki konn mennen timoun yo nan sant lan, lè papa yo vin konprann ki jan vaksen yo enpòtan, gen plis chans pou timoun yo pran vaksen. Li ka bon tou pou pale ak granparan yo oubyen ak lòt moun nan fanmi an.
  • Si yon fanmi pa p vin pran vaksen, chache konnen pouki sa. Yo ka gen pwoblèm pou yo fè wout la, pwoblèm kòb, oubyen lòt pwoblèm. Petèt nou ka ede yo rezoud pwoblèm yo. Fè yo konprann pa gen danje nan vaksen ; fè yo konprann tou pouki sa vaksen yo enpòtan.
  • Aprann epi fòme sajfanm yo oubyen lòt moun ki ede fanm ki gwo vant ak manman ki fèk fè yon pitit ; konsa yo ka reponn kesyon manman yo sou vaksinasyon, epi yo ka ankouraje moun vin pran vaksen.
  • Fè timoun yo patisipe nan fè reklam vaksinasyon. Si timoun aprann sa nan lekòl, yo ka pale ak paran yo sou koze fè vaksinen frè e sè yo, lòt moun nan fanmi an, ak vwazen yo.
  • Fè sa nou wè ki ka mache nan kominote pa nou. Li ka bon pou nou al lakay moun pou pale ak yo. Oubyen, nou ka vin konnen moun renmen vizite sant sante a. Pale ak pwofesè lekòl oubyen ak chèf legliz yo, oubyen ak lòt chèf ki respektab nan kominote a pou yo ankouraje plis moun vin pran vaksen.


Yon fanm k ap pale ak yon gwoup granmoun ; gen yon pankat ki di:


Se moun ki rete nan kominote a ki konnen l pi byen. Lè nou òganize nou pou asire ke tout timoun pran vaksen yo, reflechi : ki moun nou chache touche, e ki sa ki motive yo, ki sa ki chaje tèt yo, ki moun nan fanmi an k ap deside sa yo gen pou fè, epi ki jan nou ka ankouraje chèf yo ki respektab nan kominote a. An plis, chache konnen si li pa fasil pou moun jwenn konsèy e swen sante, epi ki jan nou ka rann li pi fasil.

Yon pwofèsè lakòl devan yon table nan yon sal klas k ap mande, «Ki jan vaksen yo fè travay yo ?»
Yon ajan sante k ap bay yon fi yon piki pandan yon ranje timoun fè ke dèyè li.
Yo ka aprann jennjan nan lekòl enpòtans vaksen yo, epi ki jan vaksen yo fè travay yo. Epitou, lè yo bay vaksen nan lekòl, timoun yo kapab aprann nan pwogram vaksinasyon yo.

three women and one man speaking.

Anons nan radyo ki fèt nan tout lang ap mache byen pou nou.
Se mwen ki responsab pwogram vaksinasyon nan bouk mwen. M ap chofe moun pou yo eksite, epi pou yo kole zepòl pou fè pwogram lan mache.
Paran yo renmen tèks nou voye pou fè yo sonje kanpay vaksinasyon an.
M ede gwoup legliz mwen jwenn enfòmasyon sou vaksen ki serye.

Patisipasyon tout moun : vaksinasyon pou egalite

Vaksen yo ka bare oubyen anpeche anpil maladi vin sou nou, maladi ki te konn koze pwoblèm sante ki grav, oubyen ki te konn bay lanmò. Men pou vaksen yo bay rezilta konsa, yo dwe bay vaksen pou yon ti kòb sèlman, oubyen san mande kòb menm. An plis, fòk sèvis sante k ap monte pwogram vaksinasyon an ap fonksyone. Poutèt sa, nou pa ka konfye pwogram vaksinasyon nan men gouvènman yo, oubyen nan men gwo konpayi k ap fabrike vaksen yo. Ajan sante, pwofesè, ak lòt chèf kominote a gen pou leve kanpe pou asire ke vaksen yo toujou san danje, yo pa mande kòb, epi tout moun kapab jwenn yo, swa jennmoun oubyen granmoun. Pèp la gen pou fè presyon sou gouvènman an pou rezoud pwoblèm dlo sal, manke pwòpte, paspouki, epi manke fè vaksinasyon — tout sa yo ki ka fè moun pa gen bon sante.


Nou te mete paj sa a ajou: 21 okt 2020