Hesperian Health Guides

Dyabèt, Maladi sik

Nan chapit sa a, n ap jwenn :

Ki sa sa ye, maladi sik la ?

Lè nou manje, kò nou dijere manje a ; sa fè sik antre nan san nou. Yo rele kalite sik sa a glikoz. Kò a sèvi ak li pou ban nou fòs. Manje yo ki dous tounen glikoz, men gen lòt kalite manje ki tounen glikoz tou, sitou viv, tankou diri, mayi, yanm, ponmdetè, ak pen oubyen lòt manje ki fèt ak grenn sereyal.

Lè yon moun fè maladi sik, sa vle di kò li pa kapab sèvi ak tout kantite sik ki nan manje a, sa vin fè li gen twòp sik nan san li. Kay moun ki gen maladi sik, sik la pa p ba yo fòs, Okontrè, kantite sik ki nan san an ap monte jis li donmaje kò a.

NWTND Diab Page 1-1.png Mete yon moso pen blan nan bouch ou. Eske ou ka goute jan li dous ??

Kalite maladi sik nou jwenn pi souvan se li menm yo rele dezyèm kalite dyabèt la. Sa ki bay dezyèm kalite dyabèt la se lè moun manke fè egzèsis, epi yo manje manje ki pa bon pou sante yo—sitou manje ki fèt nan faktori, manje nan bwat. An plis, tèt chaje ak lenjistis moun ap kontre nan lavi a ka fè pwoblèm sik la vin pi rèd sou yo. Dyabèt se yon maladi ki dire sou moun, sa vle di, malad la ka fè yon ti mye pou yon ti tan ; apre sa, li ka vin pi mal, paske maladi a pa p ka geri nèt ale.

Pou nou ka byen viv ak maladi sik la, li enpòtan anpil pou nou kenbe kantite sik ki nan san an nan yon nivo ki nòmal. Genyen danje nan maladi sik paske lè yon moun gen twòp sik nan san li, sa ka bay gwo pwoblèm. Li ka fè yon moun pa ka wè, fè li pèdi yon manm, fè li pèdi posiblite pou li fè sèks, ba li yon konjesyon serebral, oubyen li ka menm pote yon moun ale. Si nou fè efò pou kontwole kantite sik ki nan san an pou li pa monte twò wo, nou ka evite pifò pwoblèm sa yo. Konsa, n ap ka boule ak maladi sik la, epi byen viv lavi nou.

Si nou fè maladi sik, eske nou ka an sante ?

Pa genyen ni medikaman ni doktè ki ka geri maladi dyabèt la. Men moun kapab pi anfòm si yo aprann plis sou koze maladi a, epi si yo aprann ki jan pou yo pran swen tèt yo. Sa ki pi enpòtan se pou nou byen manje, fè kò a fè ase mouvman, kenbe dan ak jansiv nou yo pwòp, pran swen pye nou, eseye pa chaje tèt nou twòp, epi dòmi kont nou. Genyen de ka ki mande trete ak medikaman tou.

Ajan sante yo ka monte gwoup sipò pou moun ki fè maladi sik kote yo va ranmase lòt konnesans youn nan men lòt sou maladi a. Youn ap soutni lòt, epi y ap aprann ki jan pou yo pran swen tèt yo.
a group of people talking.
Li te difisil pou mwen di fanmi mwen ke m bezwen manje manje ki pi nourisan. Men lè nou t ap manje pi bon kalite manje, yo rive wè jan mwen pi anfòm. An plis, yo wè yo menm tou y ap pi anfòm.

Siy ki fè nou rekonèt maladi sik

Lè maladi sik la fèk parèt, nou ka mal pou nou rekonèt siy yo. Gen de lè nou pa wè okenn siy. Genyen anpil moun ki fè sik san yo pa konnen sa.

SIY KI MONTRE YON MOUN KA FÈ SIK
  • Li swaf
  • Li pipi tanzantan epi li pipi anpil
  • Li wè twoub
  • Li toujou bouke, li manke fòs
  • Blese li yo pa vle geri
  • Pye li yo angoudi
  • Fanm gen enfeksyon chanpiyon (kandidòz) k ap ale tounen sou yo tanzantan


Genyen plizyè lòt maladi ki ban nou siy sa yo. Konsa nou pa ka fin konnen si se dyabèt oubyen non. Pou nou wè pi klè nan sa, se pou nou fè yon tès san pou li.

a child reaching for a sick looking woman.
SIY KI MONTRE GEN DANJE

Lè sik la fò sou yon moun, li ka bay siy sa yo :

  • Toutan li bezwen bwè dlo
  • Li toujou bouke, kò li kraze, li anvi dòmi, li bwouye
  • Li grangou
  • L ap pèdi pwa menm si li manje ase.


Si nou wè yon moun fè siy sa yo, fòk nou prese fè tès san pou li, epi trète li san pèdi tan. Si sik la wo anpil epi nou pa trete l, li ka mouri. Al gade kriz sik, lè gen twòp sik nan san an.

Pwoblèm nou wè kay moun ki gen maladi sik men ki pa pran swen tèt yo

Si moun k ap soufri anba dyabèt la pa pran swen tèt yo, epi kantite sik ki nan san an ap rete wo pandan kèk mwa oubyen menm kèk ane, sa ka donmaje ògan ki nan kò a, nè yo, ak veso yo ki pote san an. Sa ka bay gwo pwoblèm sante ki fè donmaj ki ka pa jwenn gerizon, oubyen ki ka menm pote yon moun ale.

a woman.
konjesyon serebral (paralize)
li vin pa ka wè
jansiv li yo vin enfekte ; li pèdi dan li yo
kriz kè
ren li yo sispann fè travay yo
li pa anvi fè lamou, sa fè mal lè l ap fè bagay
kay gason : yo pa ka bande
kay fi : yo gen enfeksyon chanpiyon nan vajen
enfeksyon sou po ki pa vle geri, java (gwo maleng)
pye li yo angoudi oubyen yo fè mal (se nè yo ki donmaje)

Lè kantite sik ki nan san an twò wo, sa ka donmaje nè yo (yon bann fil ki soti nan sèvo al nan tout kò a, ki pèmèt yon moun fè mouvman, epi ki pèmèt li santi nenpòt bagay k ap pase nan kò a). Lè yon moun gen twòp sik nan san li, li ka kòmanse santi doulè nan pye li yo, oubyen pye li yo vin angoudi (li pa ka santi anyen). An plis, sik fè san an pa sikile byen ; li ka bay java sou po ki pa vle geri. Moun nan bouke fasil. Sik la ka sitèlman donmaje je ak ren yon moun, li ka fè li pa ka wè, oubyen li fè ren li yo sispann fè travay yo.

Men sa ki fè tout pwoblèm sa yo vin pi grav toujou :

Si yon moun fè tansyon, sa oblije kè a travay pi rèd pou li ponpe san an pou sikile nan kò a. Li donmaje lòt ògan ki nan kò a, epi li fè sik ki nan san an monte pi wo toujou. Fimen fè kantite sik ki nan san an monte, epi li fè tansyon an monte tou. Si yon moun soufri ak dyabèt, li dwe fè tout efò pou li sispann fimen epi pou li chèche fè tansyon li desann.

Men, menm si yon moun gen maladi sik, sa pa vle di ke li gen pou soufri anba tout pwoblèm sa yo. Men sa pou nou fè pou kenbe kantite sik ki nan san an nan yon nivo ki nòmal konsa : manje bon kalite manje, fè ase egzèsis, epi aprann poze san nou. Si nou aprann ki jan pou nou okipe pye nou ak bouch nou, nou ka fasil evite enfeksyon nan pye, ak nan jansiv e dan nou.

Kalite maladi sik

Genyen 3 kalite maladi sik :

Premye kalite dyabèt, dyabèt tip 1 : Jeneralman se jennmoun ki pran li, epi yo tonbe malad sibitman. Yo pa konnen ki sa ki bay premye kalite dyabèt la. Genyen plis moun anpil ki pran dezyèm kalite dyabèt la pase moun ki pran premye kalite a.

Si yon timoun oubyen yon jennmoun swaf toutan, li fèb, epi l ap pèdi pwa menm si li manje byen, se pou nou fè tès pou li touswit. Si li gen premye kalite dyabèt la, se pou li jwenn trètman touswit.

Lè yon moun gen premye kalite dyabèt la, sa vle di kò li pa kapab sèvi ak sik ki nan manje a. Pou sove lavi li, li bezwen pran yon medikaman ki rele ensilin. Se piki pou li pran chak jou jouk li mouri. Li va bezwen ensilin, zouti pou fè tès san an e pou bay piki yo ; epitou, li va bezwen moun pou soutni li, epi pou montre li tout sa li dwe konnen.

a man giving himself an injection on his belly.
Jeneralman yo bay piki ensilin anba po vant lan.

Dezyèm kalite dyabèt, dyabèt tip 2 : nòmalman se granmoun ki pran li, epi li devlope ti pa ti pa. Men jennmoun ka pran li tou. Pifò moun ki gen dyabèt, se dezyèm kalite a yo genyen. Konsa nan chapit sa a nou pral pale pi plis sou kalite dyabèt sa a.

Moun ki pi fasil pran dezyèm kalite dyabèt la se moun ki manje manje ki fèt nan faktori, manje nan bwat, manje ki gen anpil sik ak lanmidon ladan yo, mete sou sa yo pa fè ase egzèsis. An plis, moun ki gra, moun ki gen fanmi yo ki fè dyabèt, oubyen moun ki konn rete grangou pandan lontan, yo pi vit pou yo pran maladi sa a.

2 women looking at a sign.
Eske nou pè fè maladi sik ?
Vin asiste konferans lan aswè a nan klinik
la Community Clinic

Pou trete dezyèm kalite dyabèt la, moun gen pou yo manje bon kalite manje, fè kò a fè plis mouvman, epi chache evite twòp tèt chaje. Gen de lè nou ka trete li ak medikaman oubyen ak remèd fèy.

Genyen kèk fanm ki pran dezyèm kalite dyabèt la sèlman lè yo gwo vant. Yon fanm ak tibebe ki nan vant li, yo toulede ka gen twòp sik nan san yo. Lè li akouche, kantite sik ki nan san li ka tounen nòmal, oubyen fanm nan ka fè dezyèm kalite dyabèt la toutbon.

Lè yon fanm fè sik pandan gwosès li, gwosès la ka difisil, epi tibebe ki nan vant lan ka twò gwo. Sa ap rann akouchman an difisil. Yon fanm ki gen dyabèt dwe al lopital pou li fè pitit la ; yo ka oblije fè operasyon pou yo wete tibebe a. Lè tibebe a fèt, kantite sik ki nan san tibebe a ka twò wo oubyen li ka twò ba ; an plis, tibebe a ka gen pwoblèm pou li pran souf.

Pou trete yon fanm ki fè dyabèt pandan gwosès li, sa ki enpòtan se pou li byen manje. Kèk fwa yo trete li ak medikaman oubyen remèd fèy.

Pifò fanm ki gen dyabèt ka fè yon tibebe ki anfòm.
NWTND Diab Page 5-2.png



Nou te mete paj sa a ajou: 05 jan 2024