Hesperian Health Guides

Travay pou amelyore sante medam yo

Nan chapit sa:

Fanmsaj pa la sèlman pou fè tretman chak fwa yon moun gen pwoblèm sante. Gen anpil bagay ki ka lakòz pwoblèm sante. Kòz la kapab fizik, sosyal, ekonomik, oswa politik. Lè w jere kòz sa yo, sa ka pèmèt medam yo evite anpil pwoblèm sante epi sa ka pwoteje yo.

Travay pou rezoud pwoblèm sosyal epi amelyore sante fi se pa bagay yon fanmsaj ka fè poukont li. Li dwe travay avèk tout kominote a. Lè tout moun mete tèt yo ansanm, li vin posib pou yo konprann pwoblèm yo epi jwenn solisyon pou yo. Gade la pou w jwenn plis enfòmasyon sou ki jan nou ka kolabore ansanm pou nou pote chanjman.

Moun ki gen enfliyans sou sante medam yo

Gen anpil moun ki ka gen yon enfliyans sou sante medam yo. Pou w pran swen yon fi, ou dwe kolabore ak moun sa yo tou.

Men kèk nan moun ki ka gen yon enfliyans sou sante medam yo:

  • Mari l, pitit li, papa l ak manman l, ak lòt paran.
  • Patwon l ak kolèg travay li yo.
  • Vwazen l ak zanmi l.
  • Otorite nan kominote a; sa gen ladan l chèf relijye, otorite leta, ak chèf katye yo.
  • Lòt pwofesyonèl lasante tankou medsen fèy, doktè, ak travayè sante kominotè.
a circle of men and women standing around a woman.
Kominote a gen pouvwa pou l pwoteje oubyen detwi sante yon fi.

Nenpòt moun ki enfliyanse fason yon fi travay, manje, fè sèks (oswa pa fè sèks), oswa fè okipasyon l chak jou, moun sa a gen yon efè sou sante fi a. Pafwa se yon efè pozitif: li pwoteje e amelyore sante fi a. Pafwa tou li gen yon efè negatif: li mete sante ak byennèt fi a an danje.

Pa egzanp, sa ka pa itil pou w di yon fanm ansent pou l manje pi byen si mari l toujou manje anvan l epi pa gen ase ki rete pou fi a. Menm li menm li ka kwè grangou mari l ak grangou pitit li yo pi enpòtan pase grangou pa l la. Ki lòt moun ou ka mande pou yo ede amelyore nitrisyon fi a si l pa jwenn ase manje?

  • Mari fi a ki manje anvan an. Petèt ou ka pale avè l sou ki kantite manje yon fanm ansent bezwen.
  • Mesye yo k ap viv nan kominote a ki atann pou yo manje anvan. Li pi fasil pou mari fi a chanje si gen lòt mesye nan kominote a ki chanje tou. Ou ka òganize yon reyinyon pou mesye yo ak medam yo pou nou diskite poukisa fanm ansent dwe manje plis pou yo ka an sante. Si youn nan mesye nan kominote a dakò fi dwe manje menm jan an oswa pi byen pase mesye yo, sa ap ouvri pòt la pou lòt mesye yo dakò tou.
  • Timoun yo, paske yo menm tou yo pral vin manman ak papa pi devan. Chak fwa yon gason manje anvan epi li manje plis, apre sa fi a manje epi li manje mwens, timoun yo wè sa epi yo aprann grangou yon gason pi enpòtan pase grangou yon fi. Si w pale ak gwoup timoun lekòl oubyen si w chanje fason fanmi pa w la manje, pwochèn jenerasyon an ka vin aprann pou yo bay gason ak fi menm valè.


Ki moun ou panse ki ka ede w asire ap gen ase manje pou tout moun?

Travay ansanm pou sove lavi

Lè fanmsaj kolabore ak tout kominote a, yo ka jwenn solisyon k ap ede fi y ap bay swen yo, oswa menm k ap ede tout moun nan kominote a. Men yon istwa ki te pase toutbon:

Yon solisyon entèlijan

Nan yon ti bouk andeyò nan peyi Afrik Delwès, lè yon fi gen pwoblèm pandan l gen tranche, li difisil anpil pou l al lopital. Pa gen anpil machin, e pifò chofè taksi pa vle mennen fi ki gen tranche. Lè yon fi an danje, pa gen anpil bagay fanmsaj la ka fè pou l ede l.

MW Ch1 Page 10-1.png


Kèk fanmsaj ak abitan zòn nan te diskite sou pwoblèm nan, epi yo te jwenn yon solisyon pratik. Menmsi moun nan zòn nan pa t gen machin, yo te rete toupre yon gwo wout. Lajounen kou lannuit gwo kamyon t ap monte desann pou yo pote pwovizyon nan vil. Gen yon moun ki te sijere yon fi ki gen yon pwoblèm pandan l gen trache ta ka vwayaje ak yon chofè kamyon.


Pou plan sa a mache, moun yo te bezwen asire yo chofè kamyon yo t ap kanpe pou yo lè gen bezwen. Yo te pale ak yon moun nan sendika chofè kamyon yo. Manm sendika yo te byen kontan ede, e kounye a yo gen yon sistèm ki senp men ki efikas.

MW Ch1 Page 10-2.png


Lè yon fi bezwen al lopital, fanmsaj la tann yon ti drapo jòn bò wout la. Lè yon chofè kamyon k ap pase wè drapo a, li kanpe pou l pran fanm ansent la ak tout fanmsaj la, li mennen yo lopital.


Nan travay men nan men youn ak lòt, ak abitan zòn nan, ak chofè kamyon yo, epi ak sendika a, fanmsaj sa yo te ede sove anpil vi.


Nou te mete paj sa a ajou: 22 me 2023