Hesperian Health Guides

Fè travay ou ak kè kontan

Nan chapit sa:

Si w vle lòt moun patisipe nan efò k ap fèt pou amelyore lavi yo ak sante yo, ou menm ou dwe pran plezi ladan l. Sinon, kiyès k ap vle suiv egzanp ou?

a health worker choosing to walk on the path toward Friendship instead of the one labeled Money.

Pifò fanmsaj fè travay yo poutèt yo renmen l e pou yo ka sèvi kominote a. Menm lè travay y ap fè a gen anpil valè, li pa fasil pou yon fanmsaj byen touche (se yon verite ki tris, nonsèlman pou yo, men pou anpil moun k ap travay nan domèn swen sante a, oswa fi k ap travay an jeneral). Menm lè sa a, si yon fanmsaj travay di epi li mete bezwen kominote a an premye, souvan moun l ap sèvi yo ap respekte l e y ap apresye l.

Kit ou touche, kit ou pa touche pou travay w ap fè a, pinga w janm refize pran swen yon malerèz ki pa ka peye w. Tout moun merite jwenn bonjan swen ak atansyon w ap bay la.

Anpil fwa travay yon fanmsaj pa fasil. Yo travay anpil, yo pèdi somèy, yo fatige kò yo depase, epi yo fè lespri yo fè anpil efò. Fanmsaj yo santi yo gen yon gwo responsablite sou do yo, sa ka lakòz yo strese oswa yo gen lapenn. Pifò fanmsaj aksepte tout pwoblèm sa yo paske yo kwè travay yon fanmsaj pote anpil benediksyon. Lè w anseye medam yo ak fanmi yo konsènan kò yo, sante yo, ak tretman gwo pwoblèm sante, oswa lè w patisipe nan ede mete yon nouvo vi sou tè a, tout sa yo se travay ki pi enpòtan yon moun ta ka fè, e yo bay kè kontan. Sosyete a bezwen travay fanmsaj yo paske fanmsaj yo ede sosyete a vin pi fò, pi an sante, e pi an sekirite.

MW Ch1 Page 11-2.png


Nou te mete paj sa a ajou: 22 me 2023